1 Kwonik 16​:​1-43

  • Yo met Lach la nan yon tant (1-6)

  • Chante David te fè pou l remèsye Bondye a (7-36)

    • “Jewova vin Wa!” (31)

  • Yo fè sèvis devan Lach la (37-43)

16  Apre sa, yo antre ak Lach vrè Dye a anndan tant David te monte pou li a+. Epi, yo ofri sakrifis yo konn boule nèt ak sakrifis kominyon* devan vrè Dye a+.  Lè David fin ofri sakrifis yo boule nèt yo+ ak sakrifis kominyon yo+, li beni pèp la nan non Jewova.  Mete sou sa, li te bay chak Izrayelit, chak gason, chak fi, yon pen won, yon gato dat ak yon gato rezen.  Apre sa, li chwazi kèk Levit pou sèvi devan Lach Jewova a+, pou yo onore* Jewova, Bondye Izrayèl la, pou yo remèsye l e pou yo louwe l.  Se Asaf+ ki te alatèt yo, apre l se te Zakari, e te gen Jeyiyèl, Chemiramòt, Jeyèl+, Matitya, Elyab, Benaya, Obèdedòm ak Jeyiyèl ki t ap jwe hap* ak lòt enstriman akòd+. Asaf li menm t ap frape senbal+,  e Benaya ak Jayazyèl, prèt yo, t ap jwe twonpèt devan lach alyans vrè Dye a san rete.  Se nan jou sa a, pou premye fwa, David te bay Asaf+ ak lòt Levit yo yon chante li te konpoze pou l remèsye Jewova. Men chante a:  “Di Jewova mèsi+. Envoke non l.Fè moun nan pèp yo konnen aksyon l fè yo+.  Chante pou li, chante louwanj* pou li+.Reflechi* sou tout gwo aksyon li fè yo+. 10  Se pou nou fyè pou n louwe non l ki sen+!Se pou moun k ap chèche Jewova yo rejwi+! 11  Chèche Jewova+, mande l pou l ban nou fòs.Toujou chèche èd nan men l+. 12  Sonje tout gwo aksyon li fè yo+,Sonje mirak li yo ak jijman li pwononse yo, 13  Nou menm desandan* Izrayèl, sèvitè l la+,Nou menm pitit gason Jakòb yo, nou menm li chwazi yo+. 14  Jewova se Bondye nou+.Li jije tout tè a+. 15  Sonje alyans li te fè a pou toutan,Pwomès li te fè pou 1 000 jenerasyon an+, 16  Alyans li te fè ak Abraram nan+,Pwomès li te fè Izarak sèman l ap reyalize a+, 17  Pwomès li te tabli kòm lwa pou Jakòb la+E kòm yon alyans k ap la pou lontan li fè ak Izrayèl 18  Lè l te di: ‘M ap ban nou peyi Kanaran+Kòm eritaj pa nou+.’ 19  Lè sa a, yo pa t anpil,Non, yo pa t anpil e se etranje yo te ye nan peyi a+. 20  Yo te mache sot nan yon nasyon al nan yon lòt nasyon,Sot nan yon wayòm al nan yon lòt wayòm+. 21  Li pa t kite okenn moun maltrete yo+,Men, li te blame plizyè wa poutèt yo+, 22  Li te di: ‘Pinga nou manyen moun mwen chwazi yoE pinga nou fè pwofèt mwen yo anyen ki mal+.’ 23  Se pou tout tè a chante pou Jewova!Chak jou, se pou nou fè konnen jan Li bay delivrans+! 24  Fè nasyon yo konnen glwa li genyen,Fè tout pèp yo konnen bagay estrawòdinè li fè yo. 25  Paske, Jewova gran e li vrèman merite pou moun fè louwanj pou li.Li merite pou moun gen lakrentif pou li plis pase tout lòt dye yo+. 26  Tout dye lòt pèp yo ap sèvi yo se dye ki san valè+.Men, Jewova se Sila a ki fè syèl la+. 27  Kote l ye a gen glwa* e li bèl anpil+,Kote l rete a gen fòs ak lajwa+. 28  Onore Jewova, nou menm fanmi ki nan pèp yo,Onore Jewova pou glwa li ak fòs li+. 29  Onore Jewova pou glwa non l merite+,Pote yon kado pou li, vini devan l+.Bese byen ba devan* Jewova ak bèl rad ki sakre*+. 30  Se pou tout tè a tranble devan l.Tè a* byen chita kote l ye a, anyen pa ka brannen l*+. 31  Se pou syèl la rejwi e se pou tè a nan lajwa+.Fè nasyon yo konnen: ‘Jewova vin Wa+!’ 32  Se pou lanmè a ak tout sa k ladan l fè anpil bri.Se pou savann yo ak tout sa ki ladan yo rejwi. 33  Anmenmtan, se pou tout pyebwa ki nan forè yo rele byen fò ak kè kontan devan Jewova,Paske, l ap vini pou l* jije tè a! 34  Di Jewova mèsi, paske li bon+.Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan+. 35  Epi, se pou nou di l: ‘Sove nou, o Bondye ki bay delivrans lan+.Rasanble nou e sove nou nan mitan nasyon yo,Pou nou ka di w mèsi, ou menm ki gen yon non ki sen+,E pou nou ka pran plezi fè louwanj pou ou+. 36  Se pou Jewova, Bondye Izrayèl la, jwenn louwanjPou tout tan gen tan.’” E tout pèp la di: “Amèn*!” Epi, yo fè louwanj pou Jewova. 37  Apre sa, David kite Asaf+ ak lòt Levit ki te nan menm fanmi avè l yo devan lach alyans Jewova a pou yo kontinye fè tout sa yo te gen pou yo fè nan sèvis yo t ap fè chak jou+ devan Lach+ la. 38  Epitou, li te kite Obèdedòm ak lòt Levit ki te nan menm fanmi avè l yo, antou 68. Obèdedòm, pitit gason Jedoutoun, ak Osa t ap veye pòtay yo. 39  E Zadòk+, prèt la, ansanm ak lòt prèt ki te avè l yo te devan tabènak* Jewova a, nan kote ki wo ki Gabawon+ an, 40  pou yo te ka ofri sakrifis yo boule nèt pou Jewova regilyèman sou lotèl pou boule ofrann nan ni nan maten ni nan aswè e pou yo te ka fè tout sa ki ekri nan Lwa Jewova te bay pèp Izrayèl la+. 41  Eman ak Jedoutoun+ te ansanm avèk yo ansanm ak rès mesye yo te site non yo lè yo t ap chwazi yo pou yo remèsye Jewova+, paske “lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan+”. 42  Eman+ ak Jedoutoun t ap jwe twonpèt, yo t ap frape senbal e yo t ap jwe lòt enstriman pou yo fè louwanj* pou vrè Dye a. Pitit gason Jedoutoun+ yo te nan pòtay la. 43  Annapre, tout moun yo retounen lakay yo e David te retounen lakay li tou pou l beni moun lakay li.

Nòt anba paj

Oswa: “ofrann lapè”.
Lit.: “sonje”.
Oswa: “fè mizik”.
Se kapab tou: “Pale”.
Lit.: “semans”.
Oswa: “diyite”.
Se kapab tou: “paske li sen anpil”.
Oswa: “Adore”.
Oswa: “Tè ki bay rannman an”.
Oswa: “souke l”.
Oswa: “li vin”.
Oswa: “Se konsa pou sa ye”.
Oswa: “enstriman pou chante”.