1 Kwonik 19​:​1-19

  • Desandan Amon yo imilye mesaje David yo (1-5)

  • Desandan Amon yo ak moun Siri yo pèdi batay la (6-19)

19  Annapre, Nahach, wa desandan Amon yo, mouri e pitit gason l lan vin wa nan plas li+.  Lè David aprann sa, li di: “M ap demontre yon lanmou ki fidèl+ pou Anoun, pitit gason Nahach la, paske papa l te demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen.” Se sa k fè David voye kèk moun al konsole Anoun ki te pèdi papa l. Men, lè sèvitè David yo rive nan peyi desandan Amon yo+ pou y al konsole Anoun,  prens nan peyi desandan Amon yo di Anoun: “Ou panse se onore David vle onore papa w ki fè l voye moun vin konsole w? Èske se pa pou egzamine peyi a, pou retire w sou pouvwa a e pou espyone peyi a ki fè sèvitè l yo vin kote w?”  Se sa k fè Anoun te pran sèvitè David yo, li koupe bab yo+, li koupe rad ki sou yo wotè dèyè yo epi li voye yo ale.  Lè yo vin di David sa yo fè mesye yo, menm kote a, li voye kèk moun al rankontre yo, paske yo te imilye mesye yo anpil. Epi, wa David voye di yo: “Rete Jeriko+ jiskaske bab nou pouse ankò, apre sa n a retounen.”  Rive yon lè, desandan Amon yo vin rann yo kont David pa vle wè yo. Se sa k fè Anoun ansanm ak desandan Amon yo te voye 1 000 talan* ajan bay moun Mezopotami* yo, moun Aramaaka yo ak moun Soba yo+ pou yo voye charyo ak kavalye pou yo.  Se konsa yo te lwe 32 000 charyo e yo te peye wa Maaka a ansanm ak moun li t ap dirije yo pou yo ede yo. Apre sa, yo vini epi yo tabli kan yo devan Medeba+. Desandan Amon yo te rasanble ansanm e yo te soti nan tout vil yo te genyen yo pou y al nan gè a.  Lè David tande sa, li voye Jowab+ ak tout lame a, san wete sòlda li genyen ki pi vanyan yo+, al kontre yo.  Epi, desandan Amon yo te soti e yo te pran pozisyon yo nan antre vil la pou yo fè lagè pandan wa ki te vini yo te poukont yo nan savann nan. 10  Lè Jowab wè sòlda yo ap vin atake l ni devan ni dèyè, li chwazi kèk nan pi bon gwoup sòlda ki te gen ann Izrayèl yo e li ranje yo nan pozisyon pou y al batay ak moun Siri yo+. 11  Li te met Abichayi+, frè l la, alatèt rès sòlda yo pou ranje yo nan pozisyon pou y al batay ak desandan Amon yo. 12  Epi, li di l: “Si moun Siri yo+ twò fò pou mwen, ou dwe vin pote m sekou. Men, si desandan Amon yo twò fò pou ou, m ap vin pote w sekou. 13  Nou dwe met kouraj sou nou+ pou n batay pou pèp nou an e pou vil Bondye nou an ban nou yo, epi Jewova ap fè sa ki fè l plezi.” 14  Epi, Jowab ak mesye ki te avè l yo te avanse pou yo batay ak moun Siri yo, men, moun Siri yo te kouri pou li+. 15  Lè desandan Amon yo wè moun Siri yo te kouri, yo menm tou yo kouri pou Abichayi, frè Jowab la, e yo antre nan vil la. Apre sa, Jowab retounen Jerizalèm. 16  Lè moun Siri yo wè pèp Izrayèl la pot laviktwa sou yo, yo voye moun chèche moun Siri ki t ap viv nan zòn Rivyè a*+ e ki te gen Chofak, chèf lame Adadezè a, alatèt yo+. 17  Lè yo vin bay David nouvèl la, menm kote a, li rasanble tout lame Izrayèl la, li travèse Rivyè Jouden an al jwenn yo e l al ranje yo nan pozisyon pou yo batay ak moun Siri yo. David te ranje sòlda l yo nan pozisyon pou l batay ak moun Siri yo, epi moun Siri yo fè lagè avè l+. 18  Men, moun Siri yo te kouri pou pèp Izrayèl la, e David te touye 7 000 sòlda ki t ap kondui charyo ak 40 000 sòlda Siri ki te apye e li te touye Chofak, chèf lame yo a. 19  Lè sèvitè Adadezè yo wè pèp Izrayèl la pot laviktwa sou yo+, yo kouri fè lapè ak David byen vit e yo vin anba kontwòl li+. Apre sa, moun Siri yo pa t vle ede desandan Amon yo ankò.

Nòt anba paj

Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.
Lit.: “Aramnaharayim”.
Anpalan de Rivyè Efrat.