1 Kwonik 21​:​1-30

  • David fè yon resansman san pèmisyon (1-6)

  • Pinisyon Jewova bay (7-17)

  • David fè yon lotèl (18-30)

21  Annapre, Satan* leve kont pèp Izrayèl la e li pouse David konte kantite moun ki nan pèp la+.  Se sa k fè David te di Jowab+ ak moun ki te chèf nan mitan pèp la: “Al konte pèp Izrayèl la depi Beyècheba rive Dann+. Apre sa, ban m yon rapò pou m ka konnen ki kantite yo ye.”  Men, Jowab di: “Se pou Jewova fè pèp li a vin 100 fwa plis! Monwa, mèt mwen, èske yo tout se pa sèvitè w yo ye deja? Mèt mwen, poukisa w vle fè yon bagay konsa? Poukisa w vle fè pèp Izrayèl la vin koupab?”  Men, se sa wa a te di a Jowab te oblije fè. Konsa, Jowab ale, li te vwayaje nan tout peyi Izrayèl. Apre sa, li tounen Jerizalèm+.  Epi, Jowab bay David kantite moun yo te anrejistre yo. Nan tout tribi Izrayèl yo, te gen 1 100 000 gason ki gen epe. Nan tribi Jida a te gen 470 000 gason ki gen epe+.  Men, yo pa t konte desandan Levi yo ak moun nan tribi Benjamen an+ paske sa wa a te mande Jowab la pa t fè Jowab+ kontan.  Sa wa a te fè a pa t fè vrè Dye a kontan menm. Se sa k fè vrè Dye a te frape pèp Izrayèl la.  Epi, David di vrè Dye a: “Sa m fè a se yon peche+ grav. Kounye a, tanpri, padone peche+ sèvitè w la fè a, paske se yon bagay moun sòt nèt mwen te fè+.”  Lè sa a, Jewova pale ak Gad+, li menm ki te konn fè David konnen vizyon Bondye bay yo, li di l: 10  “Al di David: ‘Men sa Jewova di: “M ap ba w twa bagay pou w chwazi youn ladan yo. Chwazi sa pou m lage sou ou a.”’” 11  Vrèmanvre, Gad al kot David, epi li di l: “Men sa Jewova di: ‘Chwazi sa w pi pito. 12  Èske w pi pito pou gen twazan grangou nan peyi a+, oswa pou advèsè w yo pousuiv ou+ e pou yo frape w ak kout epe pandan twa mwa, oubyen pou zanj Jewova a detwi+ moun tout kote nan peyi Izrayèl ak epe Jewova a, sa vle di pou maladi tonbe sou peyi a pandan twa jou+?’ Kounye a, reflechi pou w di m ki repons pou m bay Sila a ki voye m nan.” 13  Lè sa a, David di Gad: “Bagay sa a ban m pwoblèm anpil. Tanpri, pito m tonbe anba men Jewova, paske li gen anpil mizèrikòd+, men, pa kite m tonbe anba men lèzòm+.” 14  Annapre, Jewova lage yon maladi+ sou pèp Izrayèl la, sa te lakòz 70 000 moun nan pèp Izrayèl la mouri+. 15  Mete sou sa, vrè Dye a voye yon zanj Jerizalèm pou l detwi vil la. Men, pandan zanj lan t apral kòmanse frape vil la, Jewova wè sa e li regrèt* chatiman li te bay la+ e li te di zanj ki t ap fè destriksyon an: “Ase+! Kounye a, bese men w.” Zanj Jewova a te kanpe toupre kote yo konn bat manje angren ki pou Ònan+, moun Jebis la+. 16  Lè David leve je l, li wè zanj Jewova a ki kanpe ant tè a ak syèl la ak yon epe+ nan men l ki te lonje nan direksyon Jerizalèm. Menm kote a, David ak ansyen ki nan pèp Izrayèl la ki te gen twal sak+ sou yo lage kò yo fas atè+. 17  Epi, David di vrè Dye a: “Èske se pa mwen menm ki te mande pou yo konte kantite moun ki gen nan pèp la? Se mwen menm ki te peche e se mwen menm ki te mal aji+, ki sa mouton sa yo fè? O Jewova, Bondye m nan, tanpri, se mwen menm ak moun lakay papa m ki pou tonbe anba men w. Men, pa lage malè sa a sou pèp ou a+.” 18  Apre sa, zanj Jewova a mande Gad+ pou l di David monte kote yo konn bat manje angren ki pou Ònan, moun Jebis+ la, epi fè yon lotèl la pou Jewova. 19  Vrèmanvre, David monte, jan Gad te di l la, dapre pawòl Jewova te di a. 20  Pandan tan sa a, Ònan vire e li wè zanj lan. Kat pitit gason l ki te avè l yo al kache. Nan moman an, Ònan t ap bat ble. 21  Lè David rive kote Ònan, Ònan gade li wè David, menm moman an, li kite kote li t ap bat manje angren an, l al jwenn li e li bese byen ba devan l fas atè. 22  Epi, David di Ònan: “Vann mwen* tè kote ou konn bat manje angren an pou m ka fè yon lotèl pou Jewova sou li. Vann mwen li pou kantite kòb li vo a pou flewo ki tonbe sou pèp la ka sispann+.” 23  Men, Ònan di David: “Monwa, mèt mwen, ou mèt pran l, epi fè sa w vle* avè l. Mete sou sa, m ap ba ou bèf pou w fè sakrifis yo boule nèt e m ap ba ou planch+ yo konn bat manje angren an kòm bwa ansanm ak ble kòm manje angren pou w ofri. M ap ba ou tout bagay sa yo.” 24  Men, wa David di Ònan: “Non, mwen dwe achte l pou kantite kòb li vo a, paske mwen pap pran sa ki pou ou pou m bay Jewova, ni mwen pap ofri l sakrifis yo boule nèt ki pa koute m anyen+.” 25  Konsa, David te bay Ònan 600 chekèl* lò pou espas la. 26  Epi, David te fè yon lotèl+ kote sa a pou Jewova e li te ofri sakrifis yo boule nèt ak sakrifis kominyon*, epi li rele Jewova ki te reponn li lè l te fè dife+ sot nan syèl la tonbe sou lotèl pou l boule sakrifis la. 27  Apre sa, Jewova bay zanj+ li an lòd pou l antre epe l nan fouwo l. 28  Lè David wè Jewova reponn li kote yo konn bat manje angren ki te pou Ònan, moun Jebis la, li te kontinye ofri sakrifis kote sa a. 29  Men, nan epòk sa a, tabènak* Moyiz te fè pou Jewova nan dezè a ak lotèl pou yo ofri sakrifis yo boule nèt la te kote ki wo ki Gabawon an+. 30  Men, David pa t ka al devan tabènak la pou l pale ak Bondye paske li te pè anpil akoz epe zanj Jewova a.

Nòt anba paj

Se kapab tou: “yon opozan”.
Oswa: “li gen lapenn poutèt”.
Lit.: “Ban mwen”.
Lit.: “fè sa ki bon nan je w”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “ofrann lapè”.