1 Kwonik 22​:​1-19

  • David fè preparasyon pou tanp lan (1-5)

  • David bay Salomon enstriksyon (6-16)

  • Chèf yo resevwa lòd pou yo ede Salomon (17-19)

22  Annapre, David di: “Se la a kay Jewova, vrè Dye a, ap ye ansanm ak lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt pou pèp Izrayèl la+.”  Apre sa, David mande pou yo rasanble tout moun k ap viv kòm etranje+ nan peyi Izrayèl la, epi li ba yo travay kòm moun k ap taye wòch. Yo te gen pou yo taye wòch pou yo ba yo fòm pou yo te ka itilize yo pou bati kay vrè Dye a+.  David te fè prepare yon bon kantite fè tou pou yo fè klou ak kouplè pou batan pòt yo ansanm ak anpil kuiv. Kuiv la te tèlman anpil, yo pa t ka peze l+.  Mete sou sa, David te fè prepare yon pakèt bwa sèd+ met la paske moun Sidon yo+ ak moun Ti yo+ te pote yon bon kantite bwa sèd pou li.  David te di tèt li: “Salomon, pitit gason m nan, jèn e li poko gen eksperyans*+ alòske kay li gen pou l bati pou Jewova a ta dwe bèl anpil anpil+ pou moun nan tout peyi ka pale de li+ e pou yo ka di jan l bèl+. Kidonk, m ap fè kèk preparasyon pou li.” Se sa k fè, anvan David mouri, li te prepare materyo an kantite met la.  Mete sou sa, li te voye chèche Salomon, pitit gason l lan, e li te ba l lòd pou l bati yon kay pou Jewova, Bondye Izrayèl la.  David te di Salomon, pitit gason l lan: “Mwen te vle bati yon kay pou bay non Jewova, Bondye m nan, glwa+.  Men, Jewova te di m: ‘Ou te fè anpil san koule e w te patisipe nan anpil gè. Ou pap ka bati yon kay pou bay non m glwa+ paske ou te fè anpil san koule sou tè a devan je m.  Tande! W ap gen yon pitit gason+ k ap yon moun ki renmen lapè e m ap fè tout ènmi ki ozalantou l yo kite l anpè+. Se sa k fè l ap rele Salomon*+ e lè l ap dirije pèp Izrayèl la, m ap fè pèp la gen lapè e m ap fè yo viv ak kè poze+. 10  Se li menm k ap bati yon kay pou bay non m glwa+. L ap vin yon pitit gason pou mwen e m ap vin yon papa pou li+. M ap fè wayòm li an byen chita sou pèp Izrayèl la pou toutan+.’ 11  “Kounye a, pitit gason m, se pou Jewova avèk ou, se pou w reyisi bati kay Jewova, Bondye w la, jan li te di w ap fè sa a+. 12  Sèl bagay, mwen swete pou Jewova fè w prevwayan e se pou l ba w bon konprann+ lè l ba w otorite sou pèp Izrayèl la, yon fason pou w ka obeyi lwa Jewova, Bondye w la+. 13  Si w byen suiv tout lòd ak lwa+ Jewova te sèvi ak Moyiz pou l bay pèp Izrayèl la, w ap reyisi nan tout sa w ap fè+. Mete kouraj sou ou e mete kran sou ou. Pinga w pè e pinga w panike+. 14  Mwen fè anpil efò pou m prepare 100 000 talan* lò ak 1 000 000 talan ajan met la pou kay Jewova a, ansanm ak yon kantite kuiv ak fè+ ki tèlman anpil moun pa ka peze yo. Mete sou sa, mwen prepare bwa ak wòch met la+, men w a mete plis sou yo. 15  Gen yon pakèt travayè avè w, moun ki konn taye wòch, bòs mason+, bòs chapant ak tout kalite lòt travayè ki fò+. 16  Kantite lò, ajan, kuiv ak fè mwen sere yo anpil+. Se pou w kòmanse travay la e se pou Jewova avèk ou+.” 17  Apre sa, David bay tout chèf ki nan pèp Izrayèl la lòd pou yo ede Salomon, pitit gason l lan. Li di yo: 18  “Jewova, Bondye nou an, avèk nou. Èske nou pa wè jan li fè tout ènmi nou yo kite nou an repo? Li lage tout moun ki abite nan peyi a nan men m, e Jewova ak pèp li a gen kontwòl peyi a. 19  Kounye a, se pou nou pran detèminasyon ak tout kè nou e ak tout nanm* nou pou nou chèche Jewova, Bondye nou an+, e se pou nou kòmanse bati tanp Jewova, vrè Dye a+, pou nou ka pote lach alyans Jewova, vrè Dye a+, ak veso sakre yo nan kay n ap bati pou bay non Jewova glwa a+.”

Nòt anba paj

Oswa: “e li frajil”.
Non sa a soti nan yon mo ebre ki vle di “lapè”.
Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.