1 Kwonik 23​:​1-32

  • David òganize Levit yo (1-32)

    • Yo met Arawon ak pitit gason l yo apa (13)

23  Lè David te vin granmoun e li te prèske mouri*, li te met Salomon, pitit gason l lan, wa sou pèp Izrayèl la+.  Apre sa, li rasanble tout chèf ki nan pèp Izrayèl la, prèt yo+ ak Levit yo+.  Yo te konte tout Levit ki te gen 30 an oswa plis yo+. Kantite yo te jwenn nan se te 38 000.  Te gen 24 000 nan yo ki t ap sèvi kòm sipèvizè sou travay ki t ap fèt nan kay Jewova a, te gen 6 000 ki te ofisye ak jij+,  te gen 4 000 ki t ap veye pòtay yo+ e te gen 4 000 ki t ap fè louwanj+ pou Jewova ak enstriman. Se konsènan enstriman sa yo David t ap pale lè l te di: “Mwen fè yo pou yo fè louwanj pou Bondye.”  Apre sa, David òganize* yo, li fè yo fè plizyè gwoup+ dapre pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari+.  Pami desandan Gèchon yo, te gen Ladan ak Chimeyi.  Pitit gason Ladan yo se te Jeyèl, chèf la, Zetam ak Jowèl+, yo twa a.  Pitit gason Chimeyi yo se te Chelomòt, Aziyèl ak Aran, yo twa a. Mesye sa yo se te desandan Ladan e yo te chèf fanmi. 10  Pitit gason Chimeyi yo se te Jayat, Zina*, Jewouch ak Berya. Kat mesye sa yo se te pitit gason Chimeyi. 11  Jayat se te chèf la e Ziza te vin an dezyèm. Piske Jewouch ak Berya pa t gen anpil pitit gason, yo te konsidere yo kòm yon sèl fanmi e yo te gen yon sèl responsablite. 12  Pitit gason Keyat yo se te Amram, Izeya+, Ebwon ak Ouzyèl+, yo kat la. 13  Pitit gason Amram yo se te Arawon+ ak Moyiz+. Yo te met Arawon ak pitit gason l yo apa nètale+ pou yo sèvi nan Kote ki pi sen an, pou yo ofri sakrifis devan Jewova, pou yo fè sèvis yo devan l e pou yo toujou bay benediksyon nan non l+. 14  Kanta pou pitit gason Moyiz, sèvitè vrè Dye a, te genyen yo, yo te konte yo pami tribi Levi a. 15  Pitit gason Moyiz yo se te Gèchòm+ ak Elyezè+. 16  Pami pitit gason Gèchòm yo, se Chebouwèl+ ki te chèf la. 17  Pami desandan* Elyezè yo, se Reyabya+ ki te chèf la. Elyezè pa t gen lòt pitit gason, men Reyabya te gen anpil pitit gason. 18  Pami desandan Izeya yo+, se Chelomit+ ki te chèf la. 19  Pitit gason Ebwon yo se te Jerya, chèf la, Amarya, dezyèm nan, Jayazyèl, twazyèm nan ak Jekameyam+, katriyèm nan. 20  Pitit gason Ouzyèl yo+ se te Miche, chèf la, ak Ichiya, dezyèm pitit li. 21  Pitit gason Merari yo se te Mali ak Mouchi+. Pitit gason Mali yo se te Eleyaza ak Kich. 22  Eleyaza te mouri san l pa t gen pitit gason. Se pitit fi li te genyen sèlman. Se sa k fè pitit gason Kich yo, ki se fanmi* yo, te pran yo kòm madanm. 23  Pitit gason Mouchi yo se te Mali, Edè ak Jeremòt, yo twa a. 24  Mesye sa yo se te desandan Levi e se chèf fanmi yo te ye. Yo te anrejistre non yo nan rejis ki gen non fanmi yo. Yo te konn travay nan kay Jewova a e yo te gen 20 an oswa plis. 25  David te di: “Jewova, Bondye Izrayèl la, fè pèp li a viv ak kè poze+ e se Jerizalèm l ap rete pou toutan+. 26  Mete sou sa, Levit yo pap oblije pote tabènak* la oswa okenn nan veso yo itilize nan sèvis k ap fèt nan tabènak la+.” 27  Selon dènye enstriksyon David te bay yo, yo te konte tout Levit ki te gen 20 an oswa plis yo. 28  Kòm responsablite, yo te gen pou yo ede pitit gason Arawon yo+ nan sèvis y ap fè nan kay Jewova a. Yo te responsab lakou yo+ ak salamanje yo. Yo te responsab pou yo pirifye tout bagay ki sakre yo e pou yo fè kèlkeswa travay ki gen rapò ak sèvis k ap fèt nan kay vrè Dye a. 29  Yo te dwe bay èd yo tou anrapò ak pen yo konn mete youn sou lòt yo*+, farin bon kalite yo te konn ofri kòm manje angren an, bisuit sèk ki san ledven yo+, pen yo te kuit sou platin yo e anrapò ak pat ki byen melanje a+. Yo te gen pou yo peze e pou yo mezire tout bagay. 30  Yo te dwe rete la chak maten+ chak swa pou yo remèsye Jewova e pou yo fè louwanj pou li+. 31  Yo te konn ede prèt yo kèlkeswa lè prèt yo t ap ofri Jewova sakrifis yo boule nèt nan jou saba yo+, lè fèt nouvèl lin yo+, e nan epòk fèt yo+, dapre sa ki ekri nan Lalwa a. Yo te konn fè sa regilyèman devan Jewova. 32  Epitou, yo te fè travay yo te gen pou yo fè nan sèvis yo anrapò ak tant reyinyon an, anrapò ak kote ki sakre a, e anrapò ak pitit gason Arawon yo nan sèvis ki te gen pou fèt nan kay Jewova a.

Nòt anba paj

Lit.: “granmoun e li te chaje ak jou”.
Oswa: “separe”.
Yo rele l Ziza nan vèsè 11.
Lit.: “pitit gason”.
Lit.: “frè”.
Anpalan de pen yo konn prezante devan Bondye kòm ofrann yo.