1 Kwonik 28​:​1-21

  • Diskou David bay sou konstriksyon tanp lan (1-8)

  • Salomon resevwa enstriksyon; li resevwa plan tanp lan (9-21)

28  Apre sa, David reyini tout chèf ki nan pèp Izrayèl la nan Jerizalèm: chèf tribi yo, chèf gwoup moun+ ki t ap sèvi wa a, chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo+, chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo, tout moun ki te responsab byen ak bèt wa a+ ak pitit gason l yo+ te genyen yo, moun ki nan gwo pozisyon nan gouvènman l lan ansanm ak tout sòlda vanyan ki konpetan yo+.  Epi, wa David kanpe, li di yo: “Frè m yo, nou tout ki nan pèp la, koute sa m ap di nou. Mwen te gen nan kè m pou m bati yon kay pou m mete lach alyans Jewova a, yon kay k ap sèvi kòm yon ti ban pou pye Bondye nou an+. Mwen te fè preparasyon pou m bati kay la+.  Men, vrè Dye a te di m: ‘Se pa ou menm k ap bati yon kay pou bay non m glwa+, paske ou te patisipe nan anpil gè e w te fè san koule+.’  Jewova, Bondye Izrayèl la, te chwazi m pami tout moun lakay papa m+ pou l fè m wa sou Izrayèl pou toutan+. Li te chwazi tribi Jida a pou dirije+, e se fanmi papa m li te chwazi nan tribi sa a. Pami pitit gason papa m yo, se mwen li te chwazi pou l fè m wa sou tout pèp Izrayèl la+.  Jewova beni m, li ban m anpil pitit gason+, e nan tout pitit gason sa yo, se Salomon+ Jewova chwazi pou chita sou twòn li an antanke wa Izrayèl+.  “Li te di m: ‘Se Salomon, pitit gason w lan, k ap bati kay mwen an ak tout lakou yo, paske mwen chwazi l kòm pitit gason m e m ap vin yon papa pou li+.  M ap fè wayòm li an byen chita pou toutan+ depi li toujou obeyi kòmandman m yo ak lwa m yo+, jan l ap fè sa jodi a.’  Kidonk, men sa m ap di devan nou tout ki fè pati pèp Izrayèl la, pèp Jewova a, e devan Bondye nou an: Se pou n chèche byen konnen tout kòmandman Jewova, Bondye nou an, e se pou n toujou obeyi yo, pou n ka rete nan bon peyi li ban nou an+ e pou n ka kite l pou pitit nou yo kòm yon eritaj k ap toujou pa yo.  “E ou menm, Salomon, pitit gason m, se pou w chèche byen konnen Bondye papa w la, se pou w sèvi l ak tout kè w+ e se pou w pran plezi nan li, paske Jewova egzamine kè tout moun+ e li konnen panse yo ak entansyon yo+. Si w chèche l, l ap kite w jwenn li+, men si w kite l, l ap rejte w pou toutan+. 10  Sonje sa, se Jewova ki chwazi w pou w bati yon kay k ap ret apa pou li. Mete gason sou ou epi fè travay la.” 11  Apre sa, David bay Salomon, pitit gason l lan, plan galri a+, plan tout chanm yo, plan depo yo, plan pyès yo ki sou tèt kay la, plan pyès ki pi anndan yo ak plan pyès kote kouvèti pou padon an ye a*+. 12  Li te ba l plan tout bagay Bondye te fè l konnen pa mwayen lespri li: plan lakou yo+ pou kay Jewova a, plan tout salamanje ki toutotou kay la, plan tout depo ki nan kay vrè Dye a ak depo ki gen bagay yo met apa pou Bondye yo*+. 13  Mete sou sa, li te ba l enstriksyon sou fason pou l òganize prèt yo+ ak Levit yo. Li te ba l enstriksyon konsènan tout sèvis k ap fèt nan kay Jewova a, konsènan tout veso y ap itilize nan sèvis k ap fèt nan kay Jewova a, 14  konsènan pwa lò pou tout veso y ap itilize nan divès sèvis yo, konsènan pwa tout veso ann ajan yo, konsènan tout lòt veso y ap itilize nan divès sèvis yo, 15  konsènan pwa pòtlanp annò yo+ ak lanp annò yo, pwa divès pòtlanp ak lanp ki genyen yo ak pwa pòtlanp ann ajan yo, chak pòtlanp ak lanp li yo, dapre kote y ap sèvi avè l. 16  Li te ba l enstriksyon tou konsènan pwa lò pou tab pou yo met pen yo te konn mete youn sou lòt yo*+, konsènan ajan pou tab ann ajan yo, 17  konsènan fouchèt yo, bòl yo ak po ki fèt ak lò bon kalite yo, konsènan pwa chak ti bòl annò yo+ ak pwa chak ti bòl ann ajan yo. 18  Li te ba l pwa lò bon kalite y ap itilize pou lotèl pou boule lansan an+ ak reprezantasyon charyo a+. Se cheriben+ annò yo ki reprezantasyon charyo a. Zèl cheriben yo te ouvri e yo te pase pa anlè lach alyans Jewova a. 19  Men sa David te di: “Men Jewova te sou mwen e li te ban m bon konprann pou m ekri+ tout detay ki nan plan an+.” 20  Apre sa, David di Salomon, pitit gason l lan: “Mete kouraj sou ou, mete kran sou ou, epi fè travay la. Pinga w pè e pinga w panike, paske Jewova, Bondye m nan, avè w+. Jewova pap kite w ni li pap lage w+, men l ap avèk ou jiskaske w fin bati kay la nèt. 21  Men gwoup prèt+ ak gwoup Levit+ k ap gen pou fè tout travay k ap fèt nan kay vrè Dye a. Gen travayè ki dispoze travay k ap avè w, yon seri travayè ki fò e ki ka fè tout kalite bagay+. Mete sou sa, mesye ki chèf yo+ ak tout moun ki nan pèp la ap suiv tout enstriksyon w ba yo.”

Nòt anba paj

Oswa: “pyès kote yo jwenn padon an”.
Oswa: “bagay yo dedye yo”.
Anpalan de pen yo konn prezante devan Bondye kòm ofrann yo.