1 Tesalonisyen 2​:​1-20

  • Travay predikasyon Pòl fè nan Tesalonik (1-12)

  • Frè Tesalonik yo aksepte Pawòl Bondye a (13-16)

  • Pòl anvi wè frè Tesalonik yo (17-20)

2  Nou menm frè nou yo, nou konnen byen vizite nou te vizite nou an pa t san rezilta+.  Paske, byenke anvan sa nou te soufri e yo te maltrete nou nan Filip+, kòm nou konnen, nou te mete kran* sou nou grasa Bondye nou an, pou nou fè nou konnen bon nouvèl Bondye a+ anba anpil opozisyon*.  Paske, konsèy nou ban nou an pa chita sou manti, se pa nan move entansyon nou ban nou l, ni se pa twonpe n ap chèche twonpe nou.  Men, piske Bondye apwouve nou pou l konfye nou bon nouvèl la, se pa pou nou fè lèzòm plezi nou pale, men nou pale pou nou fè Bondye plezi, li menm ki egzamine kè nou+.  An reyalite, nou konnen nou pa janm sèvi ak pawòl pou flate moun, ni nou pa chèche pretèks pou nou fè ava+. Bondye temwen!  Ni nonplis nou pa chèche glwa nan men lèzòm. Non, nou pa chèche sa ni nan men nou, ni nan men lòt moun, byenke, antanke apot Kris, nou te ka vin yon chay lou pou nou+.  Okontrè, nou te vin dou nan mitan nou, tankou lè yon manman ap chouchoute* pitit li ki nan tete.  Piske nou gen anpil afeksyon pou nou, nou te byen deside* pou nou ban nou nonsèlman bon nouvèl Bondye a, men tou pou nou bay lavi* nou pou nou ka ede nou+, paske nou te vin tèlman renmen nou+.  Frè nou yo, siman nou sonje jan nou te travay di, jan nou te redi. Nou te travay di lajounen kou lannuit, pou nou pa t vin yon chay lou pou nou+ lè nou t ap preche nou bon nouvèl Bondye a. 10  Nou temwen, e Bondye temwen tou, jan nou te montre nou fidèl, nou jis e nou san repwòch anvè nou menm ki kwayan. 11  Nou byen konnen nou te kontinye ban nou konsèy, nou te kontinye konsole nou e nou te kontinye ankouraje nou chak+, menm jan yon papa+ fè pou pitit li, 12  pou nou ka kontinye mache yon fason ki diy devan Bondye+, li menm ki rele nou pou nou patisipe nan Wayòm li+ ak nan glwa li+. 13  Wi, se sa k fè, nou menm tou, se toutan n ap remèsye Bondye+, paske, lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te fè nou tande a, se pa kòm pawòl lèzòm nou te aksepte l, men, nou te aksepte l pou sa li ye vrèman, kòm pawòl Bondye k ap travay tou nan nou menm ki kwayan. 14  Paske, nou menm frè nou yo, nou vin tounen moun k ap imite kongregasyon Bondye ki nan Jide yo, ki ann inyon avèk Kris Jezi, paske, sa nou te sibi anba men moun menm peyi avèk nou yo+, se sa yo menm tou y ap sibi anba men Juif yo 15  ki te menm touye Seyè Jezi+, e ki te touye pwofèt yo, e ki te pèsekite nou+. Anplis, yo pa fè Bondye plezi, men yo kont enterè tout moun, 16  paske n ap pale ak moun ki nan nasyon yo pou yo ka sove+, e yo menm, y ap chèche anpeche nou fè sa. Konsa, yo kontinye plen bòl peche yo ra bouch. Men alafen, kòlè Bondye rive sou yo+. 17  Men, frè nou yo, lè nou te separe ak nou pou yon ti tan an (se kò nou ki te separe ak nou, se pa t kè nou), nou te fè tout sa n kapab pou nou rankontre nou, paske nou te anvi wè nou anpil*. 18  Se pou rezon sa a nou te vle vin lakay nou, wi, mwen menm Pòl, mwen pa t eseye vini yon fwa sèlman, men mwen te eseye vini de fwa, men Satan te bare wout nou. 19  Ki sa ki esperans nou? Ki sa ki jwa nou? Ki sa ki kouwòn ki ban nou anpil kè kontan devan Jezi, Seyè nou an, nan moman prezans li an? An reyalite, èske se pa nou menm+? 20  Wi, se nou menm ki glwa nou, se nou menm ki jwa nou.

Nòt anba paj

Oswa: “mete kouraj”.
Se kapab tou: “nan mitan anpil konba”.
Oswa: “ancheri”.
Lit.: “byen kontan”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “wè figi nou”.