2 Samyèl 1​:​1-27

  • David aprann Sayil mouri (1-16)

  • David fè yon chante pou lanmò Sayil ak Jonatan (17-27)

1  Apre lanmò Sayil, lè David te sot pot laviktwa sou* moun Amalèk yo, li te rete Ziklag+ pandan de jou.  Sou twazyèm jou a, gen yon mesye ki te soti nan kan kot Sayil te ye a, rad li te chire de bò e te gen pousyè sou tèt li. Lè l rive kot David, li lage kò l atè e li bese devan David.  David di l: “Ki kote w soti?” Li reponn: “Mwen chape sot nan kan Izrayèl la.”  David mande l: “Ki jan bagay yo pase? Di m non.” Lè sa a, li di: “Pèp la kouri kite batay la. Anpil ladan yo tonbe e yo mouri. Menm Sayil ak Jonatan, pitit gason l lan, mouri+.”  Epi, David mande jèn gason ki te vin ba l nouvèl la: “Ki jan w fè konnen Sayil ak Jonatan, pitit gason l lan, mouri?”  Jèn gason an reponn: “Pandan m te sou Mòn Gilbowa+, se konsa mwen te wè Sayil ki lage kò l sou lans li a. Te gen charyo ki gen sòlda sou yo e te gen kavalye ki t ap kouri vin sou li+.  Lè l vire gade, li wè m, li rele m, epi mwen di l: ‘Men mwen.’  Li mande m: ‘Kiyès ou ye?’ Mwen reponn: ‘Mwen se moun Amalèk+.’  Epi, li di m: ‘Tanpri, panche kò w sou mwen pou w touye m, paske m ap soufri anpil e mwen ak tout konesans mwen*.’ 10  Vrèmanvre, mwen panche kò m sou li e mwen touye l+ paske mwen te konnen li pa t ap ka viv apre l te fin tonbe e li blese grav konsa. Apre sa, mwen pran kouwòn ki te sou tèt li a ak braslè ki te nan bra l la mwen pote yo isit la ba ou, mèt mwen.” 11  Lè sa a, David kenbe rad sou li, li chire yo de bò, e tout mesye ki te avè l yo te fè menm bagay la. 12  Yo te pran rele, yo te kriye pou Sayil, pou Jonatan, pitit gason l lan, pou pèp Jewova a, pou tout moun ann Izrayèl+ ki te mouri anba kout epe e yo pa t manje anyen+ rive jis aswè. 13  David mande jèn gason ki te vin ba l nouvèl la: “Moun ki kote w ye?” Li reponn: “Mwen se pitit yon etranje, yon moun Amalèk, ki abite nan peyi a.” 14  Epi, David di l: “Poukisa w pa t pè leve men w pou w touye moun Jewova chwazi a+?” 15  Lè sa a, David rele youn nan jèn mesye yo, li di l: “Avanse, epi touye l.” Vrèmanvre, li frape misye e li touye l+. 16  David di jèn gason ki te vin ba l nouvèl la: “Se ou ki responsab san w, paske se ou ki di ak bouch ou: ‘Se mwen menm ki touye moun Jewova chwazi a+.’” 17  Apre sa, David chante yon chan pou lanmò Sayil ak Jonatan, pitit gason l lan+, 18  epi li di yo ta dwe aprann pèp Jida a chan sa a ki gen tit: “Banza* a”. Se yon chan ki ekri nan liv Jacha a+. Men sa l di: 19  “O Izrayèl, yo touye moun ki gen glwa yo sou tèt mòn ou yo+.Gade ki jan gason vanyan yo tonbe! 20  Pa rakonte sa nan Gat+,Pa anonse sa nan lari Achkelon,Pou medam peyi Filisti yo pa rejwi,Pou pitit fi moun ki pa sikonsi yo pa fè fèt. 21  Nou menm mòn ki nan Gilbowa yo+,Pinga ni lawouze ni lapli tonbe sou nou,Pinga jaden nou yo donnen manje pou n bay Bondye kòm ofrann+,Paske se la a yo pa t montre respè pou boukliye gason vanyan yo.Boukliye Sayil la pa grese ak luil ankò. 22  Banza Jonatan an pa t sispann fè san moun yo touye yo koule,Li pa t sispann pèse grès moun ki vanyan yo+,E Sayil pa t konn tounen ak epe l la san l pa pot laviktwa+. 23  Moun te renmen Sayil ak Jonatan+ e yo te gen afeksyon pou yo* pandan tout vi yo,Menm lanmò pa separe yo+.Yo te pi rapid pase èg+,Yo te gen plis fòs pase lyon+. 24  O medam ann Izrayèl yo, kriye pou Sayil,Li menm ki te abiye nou ak bèl rad wouj vif,Li menm ki te ban nou bèl bagay annò pou n met sou rad nou. 25  Gad ki jan gason vanyan yo tonbe nan lagè!Gad ki jan Jonatan mouri sou tèt mòn ou yo+! 26  Mwen nan lapenn pou ou Jonatan, frè m nan.Mwen te renmen w anpil+.Lanmou w te gen pou mwen te gen plis valè pase lanmou medam yo gen pou mwen+. 27  Gad ki jan gason vanyan yo tonbe!Gad ki jan zam yo te konn fè lagè yo peri!”

Nòt anba paj

Oswa: “sot touye”.
Oswa: “paske tout nanm mwen nan mwen toujou”.
Oswa: “yo te pran plezi nan yo”.