2 Samyèl 13​:​1-39

  • Amnon vyole Tama (1-22)

  • Absalon touye Amnon (23-33)

  • Absalon kouri al Gechou (34-39)

13  Twouve, Absalon, pitit gason David, te gen yon sè ki te rele Tama+. Tama te bèl, e Amnon+, yon lòt pitit gason David, te damou Tama.  Sa te tèlman bay Amnon pwoblèm, li te vin malad pou Tama, sè l la. Piske Tama te vyèj, sa te parèt enposib pou Amnon te fè l yon bagay.  Twouve, Amnon te gen yon zanmi ki rele Jewonadab+, pitit gason Chimeya+ ki frè David. Jewonadab te entèlijan anpil.  Se sa k fè li te di Amnon: “Ou se pitit gason wa a, poukisa chak maten ou tris konsa? Poukisa w pa di m sa w genyen?” Amnon reponn li: “Mwen damou Tama, sè+ Absalon, frè m nan.”  Jewonadab reponn li: “W ap kouche sou kabann ou epi w ap pran pòz ou malad. Lè papa w vin wè w, w a di l: ‘Tanpri, fè Tama, sè m nan, vin sèvi m manje. Si l prepare manje yo konn bay moun malad yo* devan m, m ap manje nan men l.’”  Se konsa, Amnon al kouche, li pran pòz li malad e wa a te antre vin wè l. Epi, Amnon di wa a: “Tanpri, fè Tama, sè m nan, vini pou l kuit de ti gato ki gen fòm kè devan m pou m ka manje nan men l.”  Lè sa a, David voye al di Tama nan palè a: “Tanpri, al lakay Amnon, frè w la, pou w prepare manje* pou li.”  Konsa, Tama al lakay Amnon, frè l la, kote Amnon te kouche a. Li pran pat la, li petri l, li fè ti gato avè l devan je Amnon, epi li kuit ti gato yo.  Apre sa, Tama pran plato a, li pote l bay Amnon. Men, Amnon te refize manje, li di: “Fè tout moun soti bò kote m nan!” Epi, tout moun soti kite l. 10  Kounye a, Amnon di Tama: “Pote manje a* vin anndan chanm nan pou m ka manje nan men w.” Vrèmanvre, Tama pran ti gato ki gen fòm kè li te fè yo, li pote yo bay Amnon, frè l la, anndan chanm nan. 11  Lè Tama pote ti gato yo bay Amnon manje, Amnon met men sou li, li di l: “Kouche avè m, sè m.” 12  Men, Tama di l: “Non, frè m! Pa imilye m! Paske bagay konsa pa janm fèt ann Izrayèl+. Pa fè bagay lèd sa a+. 13  Ki jan m ap fè viv ak wont sa a? Y ap pran w pou youn nan vagabon ki gen ann Izrayèl yo. Tanpri, ou mèt al pale ak wa a, paske li pap refize m marye avè w.” 14  Men, li pa t vle koute sè l la, li te fè fòs sou li, li vyole l, konsa li imilye l. 15  Apre sa, Amnon te vin rayi Tama anpil, li te vin rayi l pi plis pase jan l te renmen l lan. Amnon di Tama: “Leve w ale!” 16  Lè sa a, Tama di l: “Non, frè m! Si w voye m ale kounye a, sa ap pi mal pase sa w fè m nan.” Men, li pa t vle koute l. 17  Lè sa a, Amnon rele jèn sèvitè l la, li di l: “Tanpri, fè fi sa a sot devan m nan, epi take pòt la lè l fin soti.” 18  (Twouve, Tama te gen yon wòb espesyal sou li, paske se wòb sa yo pitit fi wa a te genyen ki vyèj yo te konn met sou yo.) Se konsa, sèvitè Amnon an met Tama deyò, epi li take pòt la lè Tama fin soti. 19  Apre sa, Tama mete sann sou tèt li+, li chire bèl wòb ki te sou li a, li met de men l sou tèt li epi l ale. Li t ap kriye toutpandan l ap mache. 20  Lè Absalon, frè l la+, wè sa, li mande l: “Èske se pa ansanm ak Amnon, frè w la, ou te ye? Ebyen, pa di pèsonn anyen, sè m. Se frè w li ye+! Pa bay tèt ou pwoblèm pou sa k pase a.” Apre sa, Tama t al viv lakay Absalon, frè l, e li pa t vle pran kontak ak lòt moun. 21  Lè wa David aprann tout bagay sa yo, li vin fache anpil+. Men, li pa t vle fè Amnon, pitit gason l lan, wont paske l te renmen l, paske se te premye pitit li. 22  Epi, Absalon pa di Amnon anyen. Li pa di l ni monte ni desann. Paske Absalon te rayi+ Amnon poutèt li te imilye Tama, sè l la+. 23  Apre dezan fin pase, te gen moun ki t ap tonn mouton pou Absalon bò Baalazò, toupre Efrayim+. Lè sa a, Absalon envite tout pitit gason wa a te genyen yo+. 24  Konsa, Absalon al kot wa a, li di l: “Mwen menm, sèvitè w la, mwen bay tonn mouton m yo. Tanpri, mwen ta renmen ou menm, monwa, ansanm ak sèvitè w yo ale ansanm avè m.” 25  Men, wa a di Absalon: “Non, pitit gason m. Si nou tout al avè w, n ap vin yon chay pou ou.” Byenke Absalon te kontinye fòse wa a, wa a pa t dakò al avè l, men wa a te ba l benediksyon. 26  Epi, Absalon di: “Si w pa ka ale, tanpri, kite Amnon, frè m nan, ale avèk nou+.” Wa a reponn li: “Poukisa pou l al avèk nou?” 27  Men, Absalon pa t sispann mande l sa. Se sa k fè wa a te voye Amnon ansanm ak tout lòt pitit gason l yo avè l. 28  Apre sa, Absalon te bay sèvitè l yo lòd, li di yo: “Veye byen! Lè nou wè kè Amnon kontan apre l fin bwè kont diven l, m ap di nou: ‘Touye Amnon!’ Lè sa a, nou dwe touye l. Pinga nou pè! Se mwen menm ki ban nou lòd fè sa! Se pou nou gen kran e se pou nou met kouraj sou nou!” 29  Se konsa, sèvitè Absalon yo te fè Amnon sa Absalon te ba yo lòd fè a. Epi, tout lòt pitit gason wa a te genyen yo te leve, yo chak monte milèt yo, yo kouri y ale. 30  Pandan yo nan wout, nouvèl la rive nan zòrèy David, yo vin di l: “Absalon touye tout pitit gason w yo, monwa. Pa gen youn ki chape.” 31  Menm kote a, wa a leve, li chire rad sou li, li kouche atè e tout sèvitè l yo te kanpe bò kote l ak rad pa yo chire sou yo. 32  Men, Jewonadab+, pitit gason Chimeya+ ki frè David, di: “Pinga mèt mwen an panse yo touye tout jèn pitit gason ki pitit wa a, paske se sèl Amnon ki mouri+. Se Absalon ki te bay lòd fè sa. Li te deside l ap fè sa+ depi jou Amnon te imilye Tama+, sè l la+. 33  Kounye a, pinga mèt mwen an kwè* nouvèl ki fè konnen: ‘Tout pitit gason wa a genyen yo mouri’, paske se sèl Amnon ki mouri.” 34  Pandan tan sa a, Absalon kouri l ale+. Annapre, moun ki t ap veye vil la te voye je l, li wè yon bann moun k ap vini sou wout la pa dèyè l, toupre mòn nan. 35  Lè sa a, Jewonadab+ di wa a: “Monwa, men pitit gason w yo retounen! Sa mwen menm, sèvitè w la, di w la se sa.” 36  Kou l fin pale, pitit gason wa a te genyen yo antre, yo t ap kriye byen fò. Epi, wa a ansanm ak tout sèvitè l yo t ap kriye anpil. 37  Men, Absalon te kouri al lakay Talmayi+, pitit gason Amiyoud, wa Gechou. David te pase anpil jou nan lapenn pou pitit gason l ki mouri a. 38  Lè Absalon fin kouri al Gechou+, li te rete la pandan twazan. 39  Alafen, wa David te anvi al wè Absalon, paske li te vin sispann nan lapenn* pou Amnon ki te mouri.

Nòt anba paj

Oswa: “pen konsolasyon an”.
Oswa: “pen konsolasyon an”.
Oswa: “pen konsolasyon an”.
Lit.: “met nan kè l”.
Oswa: “vin jwenn konsolasyon”.