2 Samyèl 14​:​1-33

  • Jowab ak dam ki moun Tekowa a (1-17)

  • David sispèk se yon plan Jowab fè (18-20)

  • David pèmèt Absalon retounen (21-33)

14  Twouve, Jowab, pitit gason Sewouya a+, te vin aprann jan wa a anvi wè Absalon+.  Se sa k fè, Jowab te voye moun al Tekowa+ pou y al chèche yon dam ki entèlijan anpil pou li, epi li di dam nan: “Tanpri, fè kòmsi w nan lapenn, mete rad moun konn mete lè yo nan lapenn, pa pase luil santi bon sou kò w+. Fè tankou ou se yon fi ki nan lapenn pou yon moun ki gen lontan depi l mouri.  Apre sa, antre al pale ak wa a jan m di w la.” Se konsa, Jowab met pawòl nan bouch dam nan*.  Dam ki moun Tekowa a te antre al kot wa a, epi li lage kò l fas atè, li bese tèt li, li di: “O monwa, ede m!”  Wa a reponn li: “Ki sa w genyen?” Epi, li di: “Wouy! Mwen se yon fi ki pa gen mari paske mari m mouri.  Mwen menm, sèvant ou an, mwen te gen de pitit gason, yo toule de t ap goumen youn ak lòt nan savann nan, pa t gen pèsonn pou separe yo, e gen youn ki te bay lòt la yon kou, li touye l.  Kounye a, tout moun nan fanmi m leve kont mwen menm, sèvant ou an, yo di m: ‘Ban nou moun ki touye frè l la pou nou ka touye l, poutèt li te touye frè l la+, menmsi se eritye a, n ap elimine l!’ Yo vle touye sèl pitit mwen rete a, li menm ki tankou sèl chabon dife ki ret limen an*, konsa mari m pap gen yon pitit pou pote non l sou tè a.”  Apre sa, wa a di dam nan: “Al lakay ou, m ap bay lòd pou regle sa pou ou.”  Lè sa a, dam ki moun Tekowa a di wa a: “O monwa, mèt mwen, se mwen menm ak fanmi papa m ki pou peye pou sa ki fèt la, men, wa a ak wayòm li an inosan nan bagay sa a.” 10  Epi, wa a di: “Si yon moun vin pale avè w sou bagay sa a ankò, mennen l kote m, e li pap janm ba w pwoblèm ankò.” 11  Men, dam nan di l: “Monwa, tanpri, sonje Jewova, Bondye w la, yon fason pou moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a+ pa touye pitit gason m nan.” Wa a di l: “Menm jan li klè Jewova vivan+, mwen fè sèman pitit gason w lan pap pèdi yon branch cheve nan tèt li.” 12  Lè sa a, dam nan di: “Tanpri, monwa, mèt mwen, pèmèt sèvant ou an pale avè w.” Epi, wa a di l: “Pale non!” 13  Dam nan di: “Poukisa menm ou panse fè pèp Bondye a yon bagay konsa+? Jan w pale la a, monwa, ou parèt koupab, paske ou menm monwa, ou pa fè pitit gason w ki egzile a retounen+. 14  Nou gen pou n mouri kanmenm e n ap tankou dlo yo lage atè yo pa ka ranmase ankò. Men, Bondye pap detwi yon vi*, e li wè gen rezon pou li pa rejte moun yo rejte a nèt. 15  Monwa, mèt mwen, mwen vin di w sa paske moun yo fè m pè. Se poutèt sa sèvant ou an te di: ‘Kite m al pale ak wa a. Petèt wa a ap fè sa sèvant li an mande a. 16  Petèt wa a ap koute m e l ap sove m anba men moun k ap chèche touye m ansanm ak sèl pitit gason m nan pou nou pa ret nan eritaj Bondye ban nou an+.’ 17  Epi, sèvant ou an te di: ‘Se pou pawòl ou, monwa, mèt mwen, fè m jwenn soulajman’, paske, monwa, mèt mwen, ou egzakteman tankou yon zanj vrè Dye a, piske w ka fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal. Mwen swete pou Jewova, Bondye w la, avè w!” 18  Epi, wa a di dam nan: “Mwen pral mande w yon bagay, tanpri, pinga w kache m anyen.” Dam nan reponn: “Tanpri, monwa, mèt mwen, ou mèt pale.” 19  Lè sa a, wa a mande l: “Èske se Jowab ki voye w di tout bagay sa yo+?” Dam nan reponn: “O monwa, mèt mwen, menm jan li klè ou* vivan, mwen fè sèman sa w di a se sa*, monwa, mèt mwen. Paske se Jowab, sèvitè w la, ki te pale avè m e ki te di sèvant ou an tout sa pou l di. 20  Se Jowab, sèvitè w la, ki voye m fè sa pou w ka wè bagay yo yon lòt jan. Men, mèt mwen, ou gen sajès menm jan ak yon zanj vrè Dye a e w konn tout sa k ap pase nan peyi a.” 21  Apre sa, wa a di Jowab: “Pa gen pwoblèm, m ap fè sa+. Al chèche jennonm ki rele Absalon an mennen vini+.” 22  Menm kote a, Jowab lage kò l fas atè, li bese tèt li e li felisite wa a. Jowab di l: “Jodi a, mwen menm, sèvitè w la, mwen konnen w pran plezi nan mwen, o monwa, mèt mwen, paske w fè sa sèvitè w la mande a.” 23  Epi, Jowab leve l al Gechou+ e li vin Jerizalèm ak Absalon. 24  Men, wa a di l: “Fè l al lakay li, li pa dwe wè m.” Se sa k fè, Absalon te retounen lakay li e l pa t wè wa a. 25  Twouve, nan tout peyi Izrayèl, pa t gen yon gason yo te fè lwanj pou li poutèt li bèl gason pase jan yo te konn fè pou Absalon an. Li pa t gen okenn defo nan kò l, soti nan pla pye l rive nan tèt li. 26  Lè l te konn koupe cheve l, (cheve l te tèlman lou pou li, li te oblije koupe cheve l nan fen chak ane) cheve nan tèt li te peze plis pase 200 chekèl*, dapre pwa yo te konn itilize nan palè wa a*. 27  Absalon te gen twa pitit gason+ ak yon pitit fi ki te rele Tama. Tama te bèl anpil. 28  Absalon te kontinye abite Jerizalèm pandan dezan, men li pa t janm wè wa a+. 29  Se sa k fè, Absalon te voye rele Jowab pou l voye l kot wa a, men Jowab pa t vin kote l. Epi, li voye kote Jowab ankò yon dezyèm fwa, men li te refize vin kote l toujou. 30  Alafen, li di sèvitè l yo: “Jaden Jowab la toupre jaden m nan, li gen lòj* ladan l. Al met dife ladan l.” Se konsa, sèvitè Absalon yo te met dife nan jaden an. 31  Menm kote a, Jowab leve l al lakay Absalon, li di l: “Poukisa sèvitè w yo met dife nan jaden m nan?” 32  Absalon reponn Jowab: “Gade! Mwen voye di w: ‘Vini m voye w kot wa a pou w di l pou mwen: “Poukisa w fè m kite Gechou+? Li t ap pi bon pou mwen si m te ret lòtbò a. Pèmèt mwen wè w kounye a, monwa, e si m koupab, ou mèt touye m.”’” 33  Se sa k fè, Jowab te antre al kot wa a e li pale avè l. Apre sa, wa a voye rele Absalon. Li antre al kote wa a, li lage kò l fas atè devan wa a, epi wa a bo l+.

Nòt anba paj

Oswa: “Jowab di l sa pou l di”.
Sa vle di dènye espwa pou gen yon desandan.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm ou”.
Oswa: “pa gen yon moun ki ka al agoch oswa adwat sa w di a”.
Anviwon 2,3 kg (5 liv). Gade Apendis B14.
Petèt se te yon chekèl wa yo te konn itilize (ki diferan ak chekèl nòmal yo), oswa yon chekèl yo te konsève nan palè wa a.
Se yon kalite manje angren.