2 Samyèl 15​:​1-37

  • Absalon fè konplo e li fè soulèvman (1-12)

  • David kouri kite Jerizalèm (13-30)

  • Ayitofèl al jwenn Absalon (31)

  • David voye Ouchayi al detounen konsèy Ayitofèl la (32-37)

15  Apre tout bagay sa yo fin pase, Absalon te vin gen yon charyo ak plizyè cheval, e li te gen 50 gason pou kouri devan l+.  Absalon te konn leve granmmaten pou l al kanpe bò wout ki toupre pòtay vil la+. Chak fwa yon moun vin kot wa a ak yon ka pou wa a jije pou li+, Absalon te konn rele moun nan, epi li di l: “Nan ki vil ou soti?” Moun nan konn reponn: “Sèvitè w la sot nan youn nan tribi Izrayèl yo.”  Absalon konn di: “Gade! Ou gen rezon. Men, pa gen pèsonn lakay wa a ki pou tande ka w la.”  Absalon te konn di tou: “Si se mwen yo te mete jij nan peyi a, lè yon moun gen yon ka pou yo jije pou li, epi li vin kote m, mwen t ap fè l jwenn jistis.”  Epi, lè yon moun te vin kote Absalon e li vin pou l bese devan l, li te konn lonje men l, li kenbe moun nan epi li bo l+.  Absalon te konn fè sa pou tout Izrayelit ki te konn vin kot wa a pou yon ka li te dwe jije pou yo. Konsa, Absalon te konn fè yon jan pou l fè mesye ann Izrayèl yo renmen l+.  Apre katran*, Absalon di wa a: “Kite m ale, tanpri, kite m al Ebwon+ pou m al fè sa m te pwomèt Jewova m ap fè a.  Paske men ve mwen menm, sèvitè w la, mwen te fè+ lè m te rete Gechou+, nan peyi Siri: ‘Si Jewova fè m retounen Jerizalèm, m ap bay Jewova yon ofrann.’”  Se sa k fè wa a di l: “Ou mèt ale anpè.” Menm kote a, li leve l al Ebwon. 10  Epi, Absalon voye espyon nan tout tribi Izrayèl yo, li di: “Kou nou tande kòn nan sonnen, se pou n fè konnen: ‘Absalon vin wa nan Ebwon+!’” 11  Twouve, te gen 200 gason ki te kite Jerizalèm pou y al lòtbò a avèk Absalon. Absalon te envite yo e yo t ale san pèsonn pa t sispèk anyen, yo pa t konprann anyen nan sa k t ap pase a. 12  Mete sou sa, lè Absalon fin ofri sakrifis yo, li voye chèche Ayitofèl+, moun Gilo, konseye David la+, nan vil Gilo+. Te vin gen plis moun ki vin antre nan konplo a, e kantite moun ki t ap soutni Absalon yo te kontinye ap vin pi plis chak jou+. 13  Rive yon lè, gen yon moun ki vin di David: “Kounye a, se patizan Absalon mesye ann Izrayèl yo ye.” 14  Menm kote a, David di tout sèvitè l yo ki te ansanm avè l Jerizalèm: “Leve, ann kouri ale+ paske nou youn pap ka chape anba men Absalon! Fè vit, pou l pa rive sou nou byen rapid, pou l pa fè yon malè sou nou e pou l pa touye moun nan vil la ak kout epe+!” 15  Sèvitè wa yo reponn wa a: “Monwa, mèt nou, kèlkeswa sa w deside, nou menm sèvitè w yo, nou dispoze fè l+.” 16  Se konsa, wa a te deplase ak tout moun lakay li, men li te kite dis nan madanm sou kote li genyen yo+ pou pran swen kay la*. 17  Epi, wa a te kontinye wout li ak tout moun ki te avè l yo e yo te rete Bètmerak. 18  Tout sèvitè wa a t ale* ansanm avè l ak tout Keretit yo, Peletit yo+ ak moun Gat yo+ ki te 600 gason ki te suiv li soti Gat+, e wa a t ap kontwole yo toutpandan yo t ap pase*. 19  Apre sa, wa a di Itayi+, moun Gat la: “Poukisa w oblije ale avèk nou tou? Retounen al abite ak nouvo wa a, paske w se yon etranje e w se yon moun yo egzile nan peyi w. 20  Se yè ou vini, ki jan m ta fè ap fè w monte desann ansanm avè m jodi a, pou w deplase lè m dwe deplase e pou w ale kote m dwe ale? Retounen ansanm ak frè w yo, epi mwen swete pou Jewova montre li gen lanmou* pou ou e li fidèl avè w+.” 21  Men, Itayi reponn wa a: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman ni devan l ni devan ou menm monwa, mèt mwen, kèlkeswa kote w ye se la m ap ye tou, monwa, mèt mwen, e m dispoze mouri avè w+!” 22  Menm kote a, David di Itayi+: “Ale, ou mèt travèse!” Se sa k fè, Itayi, moun Gat la, te travèse ansanm ak tout mesye l yo ak pitit li yo. 23  Tout moun nan peyi a t ap kriye byen fò pandan tout moun yo t ap travèse, e wa a te kanpe bò Vale Kidwon+. Tout moun te travèse al nan wout ki mennen nan dezè a. 24  Zadòk+ te la tou e tout Levit+ ki t ap pote lach alyans+ vrè Dye a+ te ansanm avè l. Epi, yo te depoze Lach vrè Dye a. Abyata+ te monte, pandan tout moun ki te sot nan vil la te fin travèse. 25  Men, wa a te di Zadòk: “Retounen ak Lach vrè Dye a nan vil la+. Si Jewova pran plezi nan mwen, l ap fè m retounen e l ap fè m wè Lach la ak kote Lach la konn ye a+. 26  Men, si l ta di: ‘Mwen pa pran plezi nan ou’, lè sa a, li mèt fè sa l vle avè m.” 27  Wa a di Zadòk, prèt la: “Èske w pa yon moun ki konn fè vizyon+? Retounen nan vil la anpè, epi al ak de pitit gason nou genyen yo: Ayimaz, pitit gason pa w la, ak Jonatan+, pitit gason Abyata a. 28  Gade! M ap ret bò pas dlo yo nan dezè a jiskaske w voye nouvèl ban mwen+.” 29  Se konsa, Zadòk ak Abyata te retounen Jerizalèm ak Lach vrè Dye a e yo te rete la. 30  Pandan David t ap monte Mòn Oliv+, li t ap kriye. Tèt li te kouvri e li t ap mache pye atè. Tout moun ki te ansanm avè l yo te kouvri tèt yo tou e yo t ap kriye pandan yo t ap monte. 31  Epi, yo te vin di David: “Ayitofèl pami moun ki nan konplo+ ak Absalon yo+.” Menm kote a, David di: “O Jewova+, tanpri, fè konsèy Ayitofèl yo vin tankou pawòl moun sòt+!” 32  Lè David rive sou tèt mòn kote yo konn vin adore Bondye a, Ouchayi+, yon Akit+, te vin rankontre l ak rad li chire de bò e te gen pousyè sou tèt li. 33  Men, David te di l: “Si w travèse avè m, w ap vin yon chay pou mwen. 34  Men, si w retounen nan vil la e w di Absalon: ‘Mwen se sèvitè w, o monwa! Mwen te sèvitè papa w nan tan lontan, men kounye a, mwen se sèvitè w+’, w ap ka detounen konsèy Ayitofèl yo pou mwen+. 35  Èske Zadòk ak Abyata, prèt yo, pa ansanm avè w? Ou dwe di Zadòk ak Abyata, prèt yo, tout sa w tande lakay wa a+. 36  Gade! De pitit gason yo genyen yo avèk yo: Ayimaz+, pitit gason Zadòk, ak Jonatan+, pitit gason Abyata. Ou mèt voye yo vin di m tout sa w tande.” 37  Se konsa, Ouchayi, zanmi David*+, te antre nan vil Jerizalèm menm lè ak Absalon.

Nòt anba paj

Se kapab tou: “40 an”.
Oswa: “palè a”.
Oswa: “te travèse”.
Oswa: “t ap travèse devan l”.
Oswa: “lanmou ki fidèl”.
Oswa: “yon moun ki konn tout ti sekrè David”.