2 Samyèl 17​:​1-29

  • Ouchayi detounen konsèy Ayitofèl la (1-14)

  • Yo avèti David; li kouri pou Absalon (15-29)

    • Bazilayi ak lòt moun pot pwovizyon (27-29)

17  Annapre, Ayitofèl di Absalon: “Tanpri, kite m chwazi 12 000 gason pou m al dèyè David aswè a.  M ap rive sou li pandan l tou fatige e pandan l pa gen fòs ankò*+, konsa, m ap fè tèt li vin cho. Tout moun ki avè l yo ap kouri e se sèl wa a m ap touye+.  Apre sa, m ap mennen tout pèp la vin jwenn ou. Depi moun w ap chèche a mouri, tout pèp la ap tounen vin jwenn ou. Lè sa a, tout pèp la ap anpè.”  Absalon ak tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la te wè sa l te di a te bon nèt.  Men, Absalon di: “Tanpri, ann rele Ouchayi+, Akit la, pou n tande sa l ap di tou.”  Se konsa, Ouchayi antre kot Absalon, epi Absalon di l: “Ayitofèl bay tèl konsèy. Èske w panse nou ta dwe suiv konsèy li a? Si n pa dwe suiv li, di n sa w panse.”  Menm kote a, Ouchayi di Absalon: “Fwa sa a, konsèy Ayitofèl bay la pa bon+.”  Epi, Ouchayi di: “Ou byen konnen jan papa w ak mesye ki avè l yo vanyan+, e pa gen anyen yo pap fè*, menm jan ak yon manman lous ki pèdi pitit li nan bwa+. Epitou, papa w se yon sòlda ki konn fè lagè+, li pap pase nuit lan bò kot moun yo.  Nan moman sa a menm, se swa li kache nan youn nan gwòt* yo oubyen li kache yon lòt kote+. Si se li ki atake nou anvan, moun ki tande sa ap di: ‘Yo pot laviktwa sou moun ki avèk Absalon yo!’ 10  Lè sa a, menm mesye ki vanyan yo, mesye ki gen kouraj tankou lyon yo+, ap vin pè anpil, paske tout pèp Izrayèl la konnen papa w se yon gason vanyan+ e mesye ki avè l yo gen kran. 11  Men konsèy m ap bay: “Fè tout pèp Izrayèl la reyini bò kote w, soti Dann rive Beyècheba+, tankou grenn sab ki bò lanmè+, epi pran devan yo nan batay la. 12  N ap atake l nenpòt kote nou jwenn li, n ap rive sou li tankou gout lawouze k ap tonbe atè. Ni li menm, ni mesye ki avè l yo, pa gen youn k ap chape. 13  Si l kouri al nan yon vil, tout pèp Izrayèl la ap vin ak kòd nan vil sa a, y ap rale vil la lage nan rivyè, e yo pap kite yon grenn wòch ladan l.” 14  Epi, Absalon ak tout mesye ann Izrayèl yo di: “Konsèy Ouchayi, Akit la, pi bon+ pase konsèy Ayitofèl la!” Se Jewova ki te deside fè yo pa koute konsèy Ayitofèl la+, byenke se te yon bon konsèy, yon fason pou Jewova te ka lage malè sou Absalon+. 15  Apre sa, Ouchayi di Zadòk ak Abyata+, prèt yo: “Men konsèy Ayitofèl bay Absalon ak ansyen ki nan pèp Izrayèl yo, e men konsèy mwen bay. 16  Kounye a, voye di David sa san pèdi tan pou nou avèti l. Di l: ‘Pinga w ret nan ti ravin yo ki gen nan dezè a* aswè a. Men, kèlkeswa jan sa ye, travèse rivyè a, paske si w pa fè sa, monwa, y ap touye* w ak tout moun ki avè w yo+.’” 17  Jonatan+ ak Ayimaz+ te rete Ennwogèl+. Gen yon sèvant ki t al di yo sa k ap pase a, epi yo t al di wa David sa, paske yo pa t vle pran chans al antre nan vil la pou moun pa wè yo. 18  Men, gen yon jèn gason ki te wè yo k al di Absalon sa. Se sa k fè de mesye yo te kouri ale e yo rive lakay yon mesye nan Bawourim+ ki gen yon pi nan lakou lakay li. Yo desann nan pi a, 19  epi madanm mesye a mete yon twal kouvri bouch pi a, apre sa li simen ti grenn ki fin moulen sou li. Pèsonn pa t konn anyen. 20  Sèvitè Absalon yo te vin lakay dam nan, yo mande l: “Kote Ayimaz ak Jonatan?” Dam nan reponn: “Yo pase la a y al bò dlo a+.” Epi, mesye yo al chèche yo, men yo pa jwenn yo. Konsa, yo retounen Jerizalèm. 21  Apre mesye yo fin ale, Jonatan ak Ayimaz soti nan pi a y al bay wa David nouvèl la. Yo di l: “Leve, epi travèse dlo a san pèdi tan, paske Ayitofèl bay yon konsèy ki kont ou+.” 22  Menm kote a, David ak tout moun ki te avè l yo travèse Rivyè Jouden an. Anvan l jou, yo tout te gentan fin travèse Rivyè Jouden an. 23  Lè Ayitofèl wè yo pa koute konsèy li a, li sele bourik li, l al lakay li nan vil kote l soti a+. Apre li fin pale ak moun lakay li+, li pann* tèt li+. Se konsa, li mouri e yo antere l menm kote ak zansèt li yo. 24  Pandan tan sa a, David t al Maanayim+ e Absalon te travèse Rivyè Jouden an ak tout mesye ann Izrayèl yo. 25  Absalon te met Amaza+ alatèt lame a nan plas Jowab+. Amaza se pitit gason yon mesye ki rele Itra, Izrayelit la. Itra te fè l ak Abigayil+, pitit fi Nahach, yon sè Sewouya ki manman Jowab. 26  Absalon ak pèp Izrayèl la te monte kan yo nan tèritwa Galaad+. 27  Kou David rive Maanayim, Chobi, pitit gason Nahach, moun vil Raba+ ki nan tèritwa desandan Amon yo, Maki+, pitit gason Amiyèl, moun Lodeba, ak Bazilayi+, moun Galaad, ki sot Wogelim, 28  vin ak kabann, kivèt, po ann ajil, e yo vin ak ble, lòj*, farin, grenn griye, gwo pwa, ti pwa, grenn seche, 29  siwo myèl, bè, mouton ak fwomaj*. Yo vin ak tout bagay sa yo pou David ak moun ki te avè l yo manje+, paske yo te di: “Moun yo grangou, yo fatige e yo swaf nan dezè a+.”

Nòt anba paj

Oswa: “pandan toule de men l fèb”.
Oswa: “e nanm yo anmè”.
Oswa: “twou; ravin”.
Lit.: “vale”.
Se kapab tou: “plèn ki nan dezè a”.
Oswa: “trangle”.
Se yon kalite manje angren.
Lit.: “fromaj lèt bèf”.