2 Samyèl 18​:​1-33

  • Yo pot laviktwa sou Absalon epi yo touye l (1-18)

  • Yo fè David konnen Absalon mouri (19-33)

18  Annapre, David konte mesye ki te ansanm avè l yo e li mete chèf alatèt gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo ak gwoup ki gen 100 moun ladan yo+.  Epi, David separe mesye ki te avè l yo fè twa gwoup e li voye yo ale. Yon gwoup sou kont* Jowab+, yon gwoup sou kont Abichayi+, frè Jowab, pitit gason Sewouya+, e lòt gwoup la sou kont Itayi+, moun Gat la. Epi, wa a di mesye yo: “Mwen pral avèk nou tou.”  Men, yo di l: “Ou pa dwe ale avèk nou+, paske kit nou kouri, kit mwatye nan nou mouri, yo pap okipe* nou, paske ou vo 10 000 moun pami nou+. Se sa k fè, li t ap pi bon si w voye moun sot nan vil la vin ede nou.”  Wa a di yo: “M ap fè kèlkeswa sa nou wè ki pi bon an.” Se konsa, wa a te kanpe bò pòtay vil la, e tout mesye yo te soti pa gwoup ki gen 100 moun ladan yo ak gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo.  Apre sa, wa a bay Jowab, Abichayi ak Itayi lòd, li di yo: “Byen aji ak jennonm yo rele Absalon an. Fè sa pou mwen+.” Tout mesye yo te tande lè wa a te bay tout chèf yo lòd sa a pou Absalon.  Mesye yo t al nan savann nan pou y al fè lagè ak moun Izrayèl yo e batay la te fèt nan forè Efrayim nan+.  Se la mesye David yo+ pot laviktwa sou pèp Izrayèl la+ e yo touye anpil nan yo jou sa a. Gen 20 000 gason ki mouri.  Batay la te gaye nan tout zòn nan. Epitou, jou sa a, te gen plis moun ki te mouri nan forè a pase sa ki te mouri anba kout epe.  Absalon te vin kontre fas pou fas ak mesye David yo. Lè Absalon wè yo, li pran kouri. Li te sou yon milèt ki t al pase anba branch yon gwo pyebwa avè l. Cheve Absalon te pran nan gwo pyebwa a, konsa li te ret pandye ladan l* e milèt li te sou li a te kontinye ale. 10  Epi, gen yon moun ki te wè l k al di Jowab+: “Men m wè Absalon pandye nan yon gwo pyebwa!” 11  Jowab reponn mesye ki te vin di l sa a: “Piske w te wè sa, poukisa w pa t touye l menm kote a? Konsa, mwen t ap byen kontan ba w dis pyès monnen ann ajan ak yon sentiwon.” 12  Men, misye di Jowab: “Menmsi w t ap lonje* 1 000 pyès monnen ann ajan ban mwen, mwen pa t ap janm leve men m pou m frape pitit gason wa a, paske nou te tande wa a te pase ou menm ak Abichayi ansanm ak Itayi lòd, li te di: ‘Kèlkeswa moun nan, pwoteje jennonm yo rele Absalon an+.’ 13  Si m ta dezobeyi lòd sa a, epi m ta retire lavi* Absalon, wa a t ap vin konn sa kanmenm, e w pa t ap pwoteje m.” 14  Lè sa a, Jowab di l: “Mwen pap pèdi plis tan avè w!” Se konsa, Jowab pran twa pikèt*, l al plante yo nan kè Absalon pandan Absalon te toujou vivan nan mitan branch gwo pyebwa a. 15  Apre sa, dis sèvitè ki t ap pote zam Jowab yo te vini, yo frape Absalon jiskaske l mouri+. 16  Epi, Jowab te sonnen kòn e mesye yo sispann kouri dèyè pèp Izrayèl la. Jowab mande yo pou yo sispann batay la. 17  Yo pran Absalon, yo lage l nan yon gwo twou nan forè a e yo mete yon gwo pil wòch sou li+. Epi, tout Izrayelit yo kouri al lakay yo. 18  Twouve, lè Absalon te vivan, li te pran yon poto, li te mete l kanpe nan Vale* Wa a+ e li te di: “Mwen pa gen pitit gason pou konsève non m+.” Se sa k fè, li te bay poto a menm non avè l. Yo rele l Moniman Absalon jis jodi a. 19  Ayimaz+, pitit gason Zadòk, di: “Tanpri, kite m kouri al pot nouvèl la bay wa a, paske Jewova fè l jwenn jistis, li delivre l anba ènmi l yo+.” 20  Men, Jowab te di l: “Ou pa gen okenn nouvèl w ap bay jodi a. Ou mèt bay nouvèl yon lòt jou. Men jodi a, ou pap bay okenn nouvèl paske se pitit gason wa a ki mouri+.” 21  Apre sa, Jowab rele yon moun peyi Kouch*+, li di l: “Al rakonte wa a sa w wè.” Lè sa a, moun peyi Kouch la bese devan Jowab, epi li pran kouri. 22  Ayimaz, pitit gason Zadòk la, pale ak Jowab ankò, li di l: “Kèlkeswa sa k rive, tanpri, kite m kouri ale dèyè moun peyi Kouch la.” Men, Jowab di l: “Poukisa pou w kouri al dèyè l, pitit gason m, alòske w pa gen okenn nouvèl pou w bay?” 23  Malgre sa, li di: “Kèlkeswa sa k rive, kite m kouri.” Epi, Jowab di l: “Ebyen, kouri!” Ayimaz kouri al pase nan zòn Jouden an, epi li rive pran devan moun peyi Kouch la. 24  David te chita nan mitan de bò pòtay vil la+, epi gad+ ki t ap veye vil la te monte sou miray la, sou tèt pòtay vil la. Lè gad la leve je l, li wè yon gason k ap kouri poukont li. 25  Se konsa, gad ki t ap veye vil la rele wa a pou l di l sa. Epi, wa a di l: “Si l poukont li, se nouvèl li pote.” Pandan moun nan ap pwoche, 26  gad ki te sou miray la wè yon lòt gason k ap kouri. Gad la rele gadyen pòtay vil la, li di l: “Men m wè yon lòt gason ankò k ap kouri poukont li!” Wa a di: “Se nouvèl li pote tou.” 27  Gad ki te sou miray la di: “Mwen wè premye gason an sanble Ayimaz+, pitit gason Zadòk la.” Wa a di: “Li se yon bon moun, se bon nouvèl li pote.” 28  Epi, Ayimaz rele wa a, li di l: “Tout bagay byen!” Lè sa a, li bese fas atè devan wa a. Li di l: “Monwa, mèt mwen, mwen swete pou yo fè louwanj pou Jewova, Bondye w la, paske li lage tout moun ki te leve* kont ou yo nan men w+!” 29  Men, wa a mande: “Èske tout bagay byen pou jennonm ki rele Absalon an?” Lè sa a, Ayimaz reponn: “Mwen te wè yon foul moun rasanble lè Jowab te voye sèvitè w la ansanm avè m, men, mwen pa t konnen ki sa k te pase+.” 30  Epi, wa a di l: “Met kò w sou kote, kanpe la.” Menm kote a, li wete kò l e li kanpe la. 31  Apre sa, moun peyi Kouch la te vin rive+ epi li di: “Monwa, mèt mwen, se pou w aksepte nouvèl la: Jodi a, Jewova fè w jwenn jistis, li delivre w anba men moun ki te leve kont ou yo+.” 32  Men, wa a mande moun peyi Kouch la: “Èske tout bagay byen pou jennonm ki rele Absalon an?” Moun peyi Kouch la reponn: “Monwa, mèt mwen, se pou tout ènmi w yo ak tout moun ki leve kont ou pou fè w mechanste yo vin menm jan ak jennonm nan+!” 33  Sa boulvèse wa a, li monte nan chanm ki te sou tèt pòtay vil la, li tonbe kriye, e pandan l ap mache, li t ap di: “Pitit gason m, Absalon, pitit gason m, pitit gason m, Absalon! Pito se mwen ki te mouri nan plas ou, Absalon, pitit gason m, pitit gason m+!”

Nòt anba paj

Lit.: “anba men”.
Lit.: “fikse kè sou”.
Lit.: “pandye ant syèl la ak tè a”.
Lit.: “peze nan pla men m yo”.
Oswa: “Si m ta aji yon fason ki trèt ak nanm”.
Se kapab tou: “ti flèch; lans”. Lit.: “baton”.
Oswa: “Plèn”.
Oswa: “Etyopi”.
Lit.: “leve men yo”.