2 Samyèl 21​:​1-22

  • Moun Gabawon yo tire revanj sou fanmi Sayil (1-14)

  • Lagè ak moun Filisti yo (15-22)

21  Twouve, te gen yon grangou+ nan epòk David la ki te dire twazan, youn dèyè lòt. Se sa k fè David t al pale ak Jewova, epi Jewova di l: “Sayil ak moun lakay li koupab pou san yo te fè koule lè yo te touye moun Gabawon yo+.”  Konsa, wa a te rele moun Gabawon yo+ e li te pale avèk yo. (Men, moun Gabawon yo pa t Izrayelit, yo se Amorit+ ki te rete yo, e Izrayelit yo te fè sèman yo pap touye yo+. Aktout sa, Sayil te chèche elimine yo paske l te jalou pou pèp Izrayèl la ak moun Jida yo.)  David di moun Gabawon yo: “Ki sa m ka fè pou nou, e ki jan m ka repare fot sa a pou nou menm nou mande Jewova pou l beni eritaj la?”  Moun Gabawon di l: “Se pa ajan oswa lò+ nou bezwen poutèt sa Sayil ak moun lakay li yo te fè nou an, e nou pa gen dwa touye pèsonn ann Izrayèl.” Lè sa a, li di: “Kèlkeswa sa nou di m, m ap fè l pou nou.”  Epi, yo reponn wa a: “Moun ki te prèske fin touye nou an e ki te fè plan pou elimine nou pou nou pa viv okenn kote ann Izrayèl la+,  se pou nou ban nou sèt gason nan desandan l yo. N ap pann kadav yo*+ devan Jewova nan Gibeya+, vil Sayil la, moun Jewova te chwazi a+.” Epi, wa a di: “M ap ban nou yo.”  Men, wa a te gen pitye pou Mefibochèt+, pitit gason Jonatan ki te pitit gason Sayil, akoz sèman David ak Jonatan+, pitit gason Sayil la, te fè devan Jewova.  Se sa k fè wa a te pran Amoni ak Mefibochèt, de pitit gason Rispa+, pitit fi Ayiya te fè pou Sayil yo, ak senk pitit gason Mikal*+, pitit fi Sayil, te fè ak Adriyèl+, pitit gason Bazilayi, moun Abèlmewola.  Li te remèt moun Gabawon yo mesye yo, yo te touye yo e yo te pann kadav yo sou mòn nan devan Jewova+. Toule sèt te mouri ansanm. Yo te touye yo lè moman rekòt la te fèk kòmanse, lè yo te kòmanse rekòlte lòj*. 10  Apre sa, Rispa+, pitit fi Ayiya a, te pran yon twal sak, li ouvri sou wòch la depi lè rekòt la te kòmanse pou jis lè lapli te tonbe sou kadav yo. Li pa t kite zwazo vin poze sou yo lajounen, e lannuit li pa t kite bèt nan bwa vin bò kote yo. 11  Yo te rakonte David sa Rispa, pitit fi Ayiya a, yon madanm sou kote Sayil te genyen, te fè. 12  Se sa k fè David al pran zosman Sayil ak zosman Jonatan, pitit gason Sayil la, nan men chèf* ki nan Jabèsgalaad yo+, ki te vòlè kadav mesye yo sou plas piblik nan Bètchan an, kote moun Filisti yo te pann yo a, jou moun Filisti yo te touye Sayil nan Gilbowa a+. 13  L al pran zosman Sayil ak zosman Jonatan, pitit gason Sayil la, lòtbò a, epitou yo te rasanble zosman moun yo te touye* yo+. 14  Apre sa, yo antere zosman Sayil ak zosman Jonatan, pitit gason l lan, nan tonm Kich+, papa Sayil, nan Zela+ ki nan tèritwa Benjamen. Apre yo fin fè tout sa wa a te ba yo lòd fè yo, Bondye tande priyè yo te kontinye ap fè pou peyi a+. 15  Te vin gen lagè ankò ant moun Filisti yo ak moun Izrayèl yo+. Se sa k fè David ak sèvitè l yo te desann al batay ak moun Filisti yo, men, David te vin fatige anpil. 16  Gen yon desandan Refayim yo+ ki te rele Ichbibenòb ki te gen entansyon touye David, li te gen yon lans an kuiv ki te peze 300 chekèl*+ ak yon epe tounèf nan men l. 17  Menm kote a, Abichayi+, pitit gason Sewouya, te vin pote David sekou+, li frape sòlda Filisti a e li touye l. Lè sa a, mesye David yo fè yon sèman bay David, yo di l: “Nou pa gendwa kite w al nan lagè avè n ankò+ pou w pa etenn lanp Izrayèl la+.” 18  Apre sa, y al fè lagè ankò ak moun Filisti yo+ nan Gòb. Lè sa a, Sibekayi+, moun Oucha a, te touye Saf ki te yon desandan Refayim yo+. 19  Epi, y al fè lagè ankò ak moun Filisti yo+ nan Gòb. Lè sa a, Elanan, pitit gason Jareyoregim, moun Betleyèm, te touye Golyat, moun Gat la, ki te gen yon lans. Manch an bwa lans li a te tankou gwo bwa moun k ap fè twal yo konn woule twal sou yo a+. 20  Te vin gen lagè ankò nan Gat, kote te gen yon nonm ki te wo anpil ki te gen 6 dwèt nan chak men l ak 6 zòtèy nan chak pye l. Antou, li te gen 24 dwèt ak zòtèy. Li menm tou li te yon desandan Refayim yo+. 21  Li te toujou ap pwovoke pèp Izrayèl la+. Se konsa, Jonatan, pitit gason Chimeyi+ ki te frè David, te touye l. 22  Toule kat mesye sa yo se te desandan Refayim yo, se te moun Gat, e se David ak sèvitè l yo ki te touye yo+.

Nòt anba paj

Lit.: “N ap ekspoze yo”, sa vle di ak bra yo ansanm ak pye yo tou kase.
Se kapab tou: “Merab”.
Se yon kalite manje angren.
Se kapab tou: “mèt tè”.
Lit.: “ekspoze”.
Anviwon 3,42 kg (7,5 liv). Gade Apendis B14.