2 Samyèl 22​:​1-51

  • David louwe Bondye pou aksyon Bondye fè pou l sove l (1-51)

    • “Jewova se mas wòch mwen” (2)

    • Jewova fidèl ak moun ki fidèl (26)

22  Epi, David te chante yon chante pou Jewova+ lè Jewova te sove l anba men tout ènmi l yo+ ak anba men Sayil+.  Men sa l te di: “Jewova se mas wòch mwen e li se fòtrès mwen+. Li se Sila a ki sove m nan+.   Bondye m nan se mas wòch mwen+, se nan li mwen jwenn refij,Li se boukliye m+, li se kòn* ki delivre m*, li se refij kote m ka jwenn sekirite*+,E li se kote m ka kouri ale+, li se sovè m+. Bondye, se ou menm ki sove m anba vyolans.   Mwen rele nan pye Jewova, li menm ki merite louwanj,E m ap jwenn delivrans anba men ènmi m yo.   Lanm lanmè yo te ansèkle m pou yo touye m+,Yon bann voryen te vin sou mwen pou yo fè m pè tankou gwo dlo k ap desann+.   Kòd Tonm nan* te sènen m+,Lanmò te tann yon pyèj pou mwen+.   Lè m te nan pwoblèm, mwen te rele nan pye Jewova+,Mwen te kontinye rele Bondye m nan.Detan l nan tanp li an, li te tande vwa m,E rèl mwen fè pou m mande l sekou te rive nan zòrèy li+.   Tè a te pran tranble e li t ap souke, li t ap fè ale vini+.Fondasyon syèl la te tranble+E li t ap souke, paske Bondye te an kòlè+.   Lafimen t ap monte sot nan twou nen lE yon dife ki t ap fè ravaj t ap sot nan bouch li+.Chabon dife tou limen t ap soti bò kote l la. 10  Li te fè syèl la panche pandan li t ap desann+,E te gen yon nyaj pwès ki te tou nwa anba pye l+. 11  Li te monte sou yon cheriben+ e li t ap vole pou l vini.Li te parèt aklè sou zèl yon espri*+. 12  Li te fè fènwa kouvri l tankou yon tonèl+,Nan yon seri nyaj tou nwa ki plen ak dlo. 13  Limyè ki te devan l lan te fè chabon dife limen. 14  Epi, Jewova te fè loray gwonde nan syèl la+.Sila a ki nan pi gwo pozisyon an te fè tande vwa l+. 15  Li te tire flèch li yo+ e li te fè ènmi yo gaye.Li te voye zèklè e li te lage yo nan konfizyon+. 16  Fon lanmè a te parèt aklè+,Fondasyon tè a te parèt klè akoz blam Jewova,Akoz souf ki te sot nan twou nen l avèk fòs+. 17  Detan l anwo a, li te lonje men l,Li te pran m e li te rale m sot nan dlo ki fon yo+. 18  Li te delivre m anba men ènmi m nan ki gen fòs+,Anba men moun ki rayi m e ki gen plis fòs pase m yo. 19  Yo te opoze avè m jou m te nan malè a+,Men, Jewova te ede m. 20  Li te mennen m yon kote ki gen sekirite*+,Li te delivre m paske m te fè l plezi+. 21  Jewova rekonpanse m poutèt mwen jis+.Li rekonpanse m paske mwen inosan*+. 22  Paske, mwen kontinye mache nan chemen Jewova yo,E mwen pa abandone Bondye m nan, sa ki t ap mal. 23  Tout kòmandman l yo+ devan m.Mwen pap abandone lwa l yo+. 24  M ap rete san repwòch+ devan lE m ap veye pou m pa fè peche+. 25  Se pou Jewova rekonpanse m poutèt mwen jis+E poutèt mwen inosan devan l+. 26  Ou fidèl ak moun ki fidèl+,Ou aji yon fason ki san repwòch ak moun ki san repwòch+. 27  Ou aji byen ak moun ki gen kè yo pwòp+,Men, ou montre w entèlijan ak* moun ki aji yon fason ki kwochi yo+. 28  Paske ou sove moun ki gen imilite+,Men, ou kont moun ki gen ògèy, e ou rabese yo+. 29  Ou se lanp mwen, o Jewova+,Se Jewova ki klere m lè m nan fènwa+. 30  Grasa èd ou, mwen ka atake yon bann vòlè,Grasa pisans Bondye, mwen ka grenpe yon miray+. 31  Chemen vrè Dye a bon nèt+,Pawòl Jewova san fay+.Bondye se yon boukliye pou tout moun ki chèche refij nan li+. 32  Paske, kiyès ki Bondye apa Jewova+?E kiyès ki yon mas wòch apa Bondye nou an+? 33  Vrè Dye a se yon fòtrès solid pou mwen+,E se li k ap fè chemen m dwat+. 34  Li fè pye m tankou pye yon sèf*,Li fè m kanpe kote ki wo+. 35  Li antrene men m pou m fè lagè.Mwen ka pliye yon banza* an kuiv ak men m. 36  Ou sove m ak boukliye w la,E grasa imilite w mwen vin yon moun enpòtan+. 37  Ou laji chemen an pou m mache.Pye* m pap glise+. 38  M ap kouri dèyè ènmi m yo e m ap detwi yo.Mwen pap retounen toutotan mwen pa fin elimine yo. 39  M ap kraze yo e m ap elimine yo, konsa yo pap leve kanpe+.Y ap tonbe e m ap met pye m sou yo. 40  W ap ban m fòs pou m batay+,W ap fè ènmi m yo tonbe devan m+. 41  W ap fè ènmi m yo kouri pou mwen*+.M ap elimine* moun ki rayi m yo+. 42  Yo rele pou mande sekou, men pa gen pèsonn pou sove yo,Yo menm rele Jewova, men li pa reponn yo+. 43  M ap kraze yo, m ap fè yo vin fen tankou pousyè tè,M ap fè yo tounen poud e m ap mache sou yo tankou se sou labou ki nan lari. 44  W ap delivre m anba men pèp mwen an k ap chèche fot lakay mwen+.W ap pwoteje m pou m ka chèf sou nasyon yo+.Yon pèp mwen pa konnen ap vin sèvi m+. 45  Gen etranje k ap vin bese devan m+,Sa yo tande sou mwen ap fè yo obeyi m*. 46  Gen etranje k ap pèdi kouraj yo*.Y ap sot nan fòtrès yo tou ap tranble. 47  Jewova vivan! Louwanj pou Mas Wòch mwen an+!Glwa pou Bondye, Mas Wòch k ap sove m nan+! 48  Vrè Dye a vanje pou mwen+.Li fè pèp yo soumèt devan m+. 49  Li delivre m anba men ènmi m yo.Ou leve m anlè+ moun k ap atake m yo,Ou sove m anba men moun k ap fè vyolans yo+. 50  Se poutèt sa, o Jewova, m ap di w mèsi nan mitan nasyon yo+,E m ap chante louwanj* pou non w, m ap di+: 51  Bondye fè gwo aksyon pou l sove* wa li chwazi a+.Li demontre yon lanmou ki fidèl pou moun li chwazi a,Wi, pou David ak desandans* li a pou toutan+.”

Nòt anba paj

Oswa: “sovè m nan ki gen anpil fòs”.
Oswa: “kote ki wo ki gen sekirite”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “van an”.
Oswa: “yon kote ki gen anpil espas”.
Lit.: “men m pwòp”.
Se kapab tou: “Men, ou aji tankou moun sòt ak”.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit. Men, kòn li yo gen plizyè branch.
Oswa: “Je pye”.
Oswa: “W ap ban m do ènmi m yo”.
Lit.: “fèmen bouch”.
Lit.: “Selon sa yo tande nan zòrèy yo, y ap obeyi m”.
Oswa: “k ap disparèt”.
Oswa: “m ap fè mizik”.
Oswa: “pou l pot gwo viktwa pou”.
Lit.: “semans”.