2 Samyèl 3​:​1-39

  • Moun David yo vin gen plis pouvwa (1)

  • Pitit gason David yo (2-5)

  • Abnè vin patizan David (6-21)

  • Jowab touye Abnè (22-30)

  • David nan lapenn pou Abnè (31-39)

3  Moun Sayil yo ak moun David yo te kontinye fè lagè youn ak lòt. Men, David te kontinye gen plis pouvwa+, e moun Sayil yo te kontinye ap pèdi fòs+.  Pandan tan sa a, David te vin gen plizyè pitit gason nan Ebwon+. Premye pitit gason l lan te rele Amnon+. Li te fè l ak Ayinowam+, moun Jizreyèl.  Dezyèm nan te rele Kileyab. Li te fè l ak Abigayil+, moun Kamèl, madanm defen Nabal. Twazyèm nan te rele Absalon+. Se te pitit gason Maaka, pitit fi Talmayi+ ki te wa Gechou.  Katriyèm nan te rele Adonija+. Li te fè l ak Agit. Senkyèm nan te rele Chefatya. Li te fè l ak Abital.  Sizyèm nan te rele Jitreyam. Li te fè l ak Egla ki te madanm li. David te vin gen pitit gason sa yo ki te fèt Ebwon.  Tank lagè ant moun Sayil yo ak moun David yo t ap kontinye, Abnè+ te kontinye vin gen plis pouvwa pami moun Sayil yo.  Twouve, Sayil te gen yon madanm sou kote ki te rele Rispa+, ki te pitit fi Ayiya. Annapre, Ichbochèt+ di Abnè: “Poukisa w te kouche ak madanm sou kote papa m te genyen an+?”  Abnè te vin fache anpil poutèt sa Ichbochèt te di l la. Abnè di l: “Èske se yon vye chen m ye nan peyi Jida? Jis jounen jodi a mwen montre lanmou ki fidèl pou moun lakay Sayil, papa w, ak frè l yo ansanm ak zanmi l yo, e mwen pa t lage w nan men David. Men jodi a, ou twouve ap vin mande m kont pou yon erè m te fè akoz yon fi.  Mwen menm, Abnè, se pou Bondye pini m, e se pou l pini m ankò, si m pa fè pou David sa Jewova te fè sèman l ap fè pou li a+. 10  Li te fè sèman l ap retire wayòm nan nan men fanmi Sayil e l ap mete twòn David la chita sou Izrayèl ak Jida, soti Dann rive Beyècheba+!” 11  Li pa t ka di Abnè anyen ankò, paske li te pè l+. 12  Menm kote a, Abnè voye kèk moun al kot David pou yo mande l: “Pou kiyès peyi a ye?” Epi, li voye di l: “Fè yon alyans avè m, epi m ap fè tout sa m kapab* pou m fè tout Izrayèl vin jwenn ou+.” 13  Lè sa a, li reponn: “Oke! M ap fè yon alyans avè w. Sèl bagay m ap mande w, anvan w chèche wè m, lè w ap vin kote m, se pou w mennen Mikal+, pitit fi Sayil la, ban mwen.” 14  Epi, men sa David voye kèk mesaje al di Ichbochèt+, pitit gason Sayil la: “Ban m Mikal, madanm mwen, paske mwen te peye 100 pwent po pijon gason ki moun Filisti pou m te ka marye avè l+.” 15  Konsa, Ichbochèt te voye pran Mikal nan men Paltyèl+, mari l, ki se pitit gason Layis. 16  Men, mari a t ap kriye pandan l t ap mache dèyè madanm li e li te suiv li rive jis Bawourim+. Epi, Abnè di l: “Ale! Retounen lakay ou!” Lè sa a, li retounen. 17  Epitou, Abnè te voye di ansyen ki nan pèp Izrayèl yo: “Sa fè lontan nou te vle pou David vin wa nou. 18  Ebyen, kounye a, se moman pou n aji, paske Jewova te di David: ‘Se David, sèvitè m nan+, m ap fè sove pèp Izrayèl la anba men moun peyi Filisti yo e anba men tout ènmi yo genyen.’” 19  Apre sa, Abnè te pale ak moun nan tribi Benjamen yo+. Epitou, Abnè t al pale ade ak David nan Ebwon pou l esplike l ki sa tout moun ann Izrayèl ak tout moun nan tribi Benjamen yo dakò pou yo fè. 20  Lè Abnè ak 20 mesye ki te avè l yo te rive kot David nan Ebwon, David te fè yon gwo resepsyon pou yo. 21  Lè sa a, Abnè di David: “Monwa, mèt mwen, kite m al rasanble tout moun ann Izrayèl yo pou ou pou yo ka fè yon alyans avè w e w ap vin wa tout moun* ou vle.” Apre sa, David voye Abnè ale, epi Abnè ale anpè. 22  Tousuit apre, Jowab ansanm ak mesye David yo te retounen sot atake yon zòn e yo te pote yon pakèt bagay yo te pran nan zòn nan. Abnè te gentan kite David nan Ebwon, paske l te voye l ale anpè. 23  Lè Jowab+ ak tout sòlda ki te avè l yo rive, gen moun ki vin di Jowab: “Abnè+, pitit gason Nè a+, te vin kote wa a, epi wa a voye l ale, e l ale anpè.” 24  Lè sa a, Jowab antre lakay wa a, li di l: “Ki sa w fè la a? Apa Abnè te vin kote w epi w kite l ale san pwoblèm! 25  Ou byen konnen Abnè, pitit gason Nè a! Se pou l twonpe w li vin la a, pou l ka chèche konnen tout mouvman w ak tout sa w ap fè.” 26  Se konsa, Jowab kite David, li voye kèk mesye al dèyè Abnè. Yo jwenn li bò sitèn ki nan Sira a e yo mennen l tounen, epoutan David pa t konn anyen nan sa. 27  Lè Abnè retounen Ebwon+, Jowab pran l apa nan pòtay vil la pou l pale avè l ade. Men, pandan yo nan pòtay la, li pike Abnè nan vant, epi Abnè mouri+. Li te fè sa poutèt Abnè te touye* Asayèl, frè l la+. 28  Annapre, lè David tande sa, li di: “Mwen menm ak moun ki nan wayòm mwen an, nou inosan nèt+ devan Jewova pou Abnè, pitit gason Nè a, yo touye a. 29  Se pou Jowab ak tout moun lakay papa l jwenn pinisyon pou lanmò sa a+. Nan fanmi Jowab, se pou toujou gen yon moun ki gen ekoulman+, oubyen yon moun ki gen lèp+, oswa yon gason ki oblije fè travay fi*, oubyen yon moun yo touye ak epe, oswa yon moun ki nan grangou+!” 30  Konsa, Jowab ak Abichayi, frè l la+, te touye Abnè+, paske Abnè te touye Asayèl, frè yo a, nan batay Gabawon an+. 31  Lè sa a, David di Jowab ak tout moun ki te avè l yo: “Chire rad sou nou, mete twal sak sou nou, epi kriye pou Abnè.” Menm wa David t ap mache dèyè branka yo t ap pote kadav la. 32  Yo te antere Abnè nan Ebwon, wa a te kriye byen fò sou tonm Abnè e tout pèp la te kriye tou. 33  Wa a te chante yon chan pou Abnè kote l t ap di: “Èske Abnè te dwe mouri tankou yon moun sòt? 34  Men w pa t mare,Pye w pa t nan chenn*.Ou tonbe tankou yon moun ki tonbe anba men kriminèl*+.” Lè moun yo tande sa, yo tout pran kriye ankò. 35  Annapre, tout moun te pote manje bay David pou yo konsole l*. Solèy potko menm kouche, David te sèmante, li te di: “Se pou Bondye pini m, e se pou l pini m ankò, si m manje pen oswa nenpòt lòt bagay anvan solèy kouche+!” 36  Tout pèp la te wè sa, e sa te fè yo plezi. Tout sa wa a te fè yo te fè pèp la plezi. 37  Konsa, jou sa a, tout pèp la ak tout moun ann Izrayèl te vin konnen se pa wa a ki te fè touye Abnè, pitit gason Nè a+. 38  Apre sa, wa a di sèvitè l yo: “Èske nou pa konnen se yon chèf e se yon gwo gason ki tonbe ann Izrayèl jodi a+? 39  Jodi a, mwen santi m fèb, byenke yo chwazi m kòm wa+. Men, mesye sa yo, pitit gason Sewouya yo+, twò mechan pou mwen+. Se pou Jewova fè moun ki mechan an peye pou mechanste l+!”

Nòt anba paj

Lit.: “epi, gade! ponyèt mwen avèk ou”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “poutèt san”.
Petèt se yon gason ki enfim yo mande fè travay fi konn fè.
Lit.: “kuiv”.
Lit.: “pitit sa ki pa jis”.
Oswa: “pote manje bay David pou lapenn li genyen an”.