2 Samyèl 5​:​1-25

  • David vin wa sou tout Izrayèl (1-5)

  • Yo pran Jerizalèm (6-16)

    • Siyon, Vil David la (7)

  • David pot laviktwa sou moun Filisti yo (17-25)

5  Rive yon lè, tout tribi ann Izrayèl yo te vin kot David nan Ebwon+, yo di l: “Gade! Se san w* nou ye+.  Lontan, lè Sayil te wa nou, se ou menm ki te konn alatèt pèp Izrayèl la lè li t apral nan lagè*+. Jewova te di w: ‘W ap vin yon bèje pou Izrayèl, pèp mwen an, e w ap vin chèf sou Izrayèl+.’”  Konsa, tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la te vin kot wa a nan Ebwon. Epi, wa David te fè yon alyans avèk yo+ nan Ebwon devan Jewova. Apre sa, yo vide luil sou tèt David pou yo mete l wa Izrayèl+.  David te gen 30 an lè l te vin wa, e li te fè 40 an kòm wa+.  Li te dirije Jida pandan 7 an 6 mwa detan l Ebwon. E pandan 33 an, li te dirije tout Izrayèl ak Jida detan l Jerizalèm+.  Epi, wa a ak mesye l yo pran wout pou y al Jerizalèm pou y al atake moun Jebis yo+ ki te abite nan zòn nan. Moun yo te pase David nan rizib, yo te di l: “Ou pap janm antre isit la! Ata moun ki avèg yo ak moun ki domaje nan pye yo ap mete w deyò.” Yo te di tèt yo: ‘David pap janm antre isit la+.’  Men, David te pran fòtrès ki nan Siyon an, e yo rele l Vil David kounye a+.  Se konsa, jou sa a, David te di: “Moun k ap atake moun Jebis yo dwe pase nan tinèl dlo a pou y al touye ‘ni moun ki domaje nan pye ni moun ki avèg’ ki rayi mwen menm, David*.” Se sa k fè, gen yon pawòl ki di: “Moun ki avèg yo ak moun ki domaje nan pye yo pap janm antre isit la.”  Apre sa, David te vin abite nan fòtrès la, e yo te rele l* Vil David. Epi, David te kòmanse bati yon seri miray ak lòt bagay nan Milo*+ ak lòt kote nan vil la+. 10  Se konsa, David te vin gen plis pouvwa de jou an jou+, e Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, te avè l+. 11  Iram+, wa vil Ti, te voye moun pot mesaj bay David e l te voye bwa sèd+, bòs ki konn travay bwa ak bòs ki konn taye wòch pou bati miray yo e yo te kòmanse bati yon kay* pou David+. 12  Epi, David te wè se Jewova ki mete l wa sou pèp Izrayèl la+ e ki te leve wayòm li an byen wo+ pou byen pèp Izrayèl la+. 13  David te vin gen plis madanm sou kote+ ak plis madan marye nan Jerizalèm e li te vin gen plis pitit gason ak plis pitit fi+. 14  Men non pitit li te vin genyen nan Jerizalèm yo: Chamwa, Chobab, Natan+, Salomon+, 15  Iba, Elichouwa, Nefèg, Jafya, 16  Elichama, Elyada ak Elifelèt. 17  Lè moun Filisti yo tande yo chwazi David kòm wa sou pèp Izrayèl la+, yo tout monte pou y al dèyè David+. Lè David aprann sa, li desann al yon kote pou l kache+. 18  Epi, moun Filisti yo vini, yo gaye kò yo nan Vale* Refayim+ nan. 19  Epi, David mande Jewova+: “Èske m mèt monte al goumen ak moun Filisti yo? Èske w ap lage yo nan men m?” Lè sa a, Jewova di David: “Ou mèt monte. Paske, m ap lage moun Filisti yo nan men w san mank+.” 20  Vrèmanvre, David vini Baalperazim e li touye moun Filisti yo nan zòn sa a. Apre sa, li di: “Jewova kraze ènmi m yo+ pou mwen, tankou yon kote dlo pase li kraze.” Se sa k fè li te rele zòn sa a Baalperazim*+. 21  Moun Filisti yo te kite zidòl yo te genyen yo nan zòn nan, e David ak mesye l yo pran yo e yo detwi yo. 22  Annapre, moun Filisti yo monte yon lòt fwa ankò e yo gaye kò yo nan Vale* Refayim nan+. 23  David te mande Jewova sa pou l fè, men li di David: “Pa monte dwat. Okontrè, al pase pa dèyè yo, epi atake yo anfas kote ki gen touf bwa a*. 24  Lè w tande yon bri nan tèt pyebwa yo ki tankou bri moun k ap mache, lè sa a, aji byen vit, paske Jewova ap pase devan w pou l touye sòlda ki nan lame Filisti a.” 25  Vrèmanvre, David te fè egzakteman sa Jewova te ba l lòd fè a, epi li touye moun Filisti yo+ soti Geba+ pou rive jis Gezè+.

Nòt anba paj

Lit.: “zo w ak chè w”.
Lit.: “ki t ap fè Izrayèl soti e ki t ap fè Izrayèl antre”.
Oswa: “ki rayi nanm David”.
Se kapab tou: “li te rele l”.
Lit.: “plen ak ranblè”. Petèt se te yon konstriksyon ki te tankou yon sitadèl.
Oswa: “palè”.
Oswa: “Platon”.
Sa vle di: “Mèt nan kraze”.
Oswa: “Platon”.
Lit.: “touf bwa baka a”. Baka se yon mo ebre. Yo pa byen konn ki kalite pyebwa li ye.