2 Samyèl 7​:​1-29

  • Se pa David ki dwe bati tanp lan (1-7)

  • Alyans avèk David pou yon wayòm (8-17)

  • David priye pou l di Bondye mèsi (18-29)

7  Lè wa a fin abite nan kay li a*+ e Jewova te fè tout ènmi l yo anpè avè l,  wa a te di pwofèt Natan+: “Gade m ap viv nan yon kay ki fèt ak bwa sèd+ alòske Lach vrè Dye a ret anba tant+.”  Lè sa a, Natan di wa a: “Ale, ou mèt fè kèlkeswa sa w gen nan kè w la, paske Jewova avè w+.”  Nan menm nuit lan, Jewova pale ak Natan, li di l:  “Al di David, sèvitè m nan: ‘Men sa Jewova di: “Èske se ou ki dwe bati yon kay pou m rete+?  Paske mwen pa rete nan yon kay depi jou mwen te fè pèp Izrayèl la soti ann Ejip rive jis jodi a+, men mwen t ap deplase* nan yon tant ak nan yon tabènak*, sot yon kote al yon lòt kote+.  Pandan tout tan mwen t ap deplase ak tout Izrayelit yo*, èske m te janm mande youn nan chèf tribi ann Izrayèl yo mwen te chwazi pou pran swen pèp Izrayèl la, pèp mwen an: ‘Poukisa nou pa bati yon kay ak bwa sèd pou mwen?’”’  Kounye a, men sa pou w di David, sèvitè m nan: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “Se mwen menm ki te pran w nan patiraj kote w t ap pran swen mouton yo+ pou m fè w vin chèf sou Izrayèl, pèp mwen an+.  M ap avè w kèlkeswa kote w ale+, m ap detwi tout ènmi w yo devan w+ e m ap fè w vin gen gwo renome+ menm jan ak yon seri mesye enpòtan sou tè a. 10  M ap chwazi yon kote pou Izrayèl, pèp mwen an, m ap fè yo rete la, e pap gen pèsonn k ap fè l tranble ankò. Epi, moun ki mechan pap maltrete l ankò, jan yo te konn fè sa lontan+, 11  nan epòk mwen te mete jij+ pou dirije Izrayèl, pèp mwen an. M ap fè tout ènmi w yo viv anpè avè w+. “‘“Epitou, mwen menm, Jewova, mwen fè w konnen mwen menm Jewova, m ap fè yon kay pou ou*+. 12  Lè jou w yo rive nan bout yo+, e w al repoze bò kot zansèt ou yo, m ap fè yon desandan w*, pwòp pitit gason w*, ranplase w, e m ap fè wayòm li an byen chita+. 13  Se li menm k ap bati yon kay pou non mwen+, e m ap fè twòn ki nan wayòm li an byen chita pou toutan+. 14  M ap vin papa l, e l ap vin pitit gason m+. Lè l mal aji, m ap sèvi ak baton lèzòm pou m korije l e m ap bat li ak baton pitit gason lèzòm yo*+. 15  Mwen pap sispann montre lanmou ki fidèl pou li jan mwen te sispann fè sa pou Sayil+, wa mwen te retire pou m mete w nan plas li a. 16  Fanmi w ak wayòm ou an ap an sekirite pou toutan. Twòn ou an ap byen chita pou toutan+.”’” 17  Natan te di David tout pawòl sa yo e li te rakonte l tout vizyon an nèt+. 18  Lè sa a, wa David chita devan Jewova e li di: “Kiyès mwen ye, o Jewova, Seyè ki Souvren an? Ki sa fanmi m ye pou w fè tout bagay sa yo pou mwen+? 19  Kòmsi sa pa t ase, o Jewova, Seyè ki Souvren an, ou fè konnen tou jan fanmi sèvitè w la pral ye nan tan ki gen pou vini jis apre yo, e sa se yon bagay okenn moun pap chanje, o Jewova, Seyè ki Souvren an. 20  Ki sa mwen menm, David, sèvitè w la, ka di w ankò, ou menm ki tèlman byen konnen m+, o Jewova, Seyè ki Souvren an? 21  Se ann amoni ak pawòl ou e se paske kè w pouse w ki fè w fè tout gwo bagay sa yo e w fè sèvitè w la konn bagay sa yo+. 22  Se sa k fè ou vrèman gran+, o Jewova, Seyè ki Souvren an. Pa gen pèsonn tankou w+ e pa gen Dye sof ou menm+. Tout sa nou tande ak zòrèy nou montre sa. 23  Epitou, ki lòt nasyon sou tè a ki tankou pèp Izrayèl la, pèp ou a+? Antanke Dye, ou t al delivre l e ou fè l vin pèp ou+, ou fè konnen non w+ pa mwayen yon seri gwo bagay ou te fè pou yo ki bay lakrentif+. Ou te mete lòt nasyon yo ansanm ak dye nasyon sa yo deyò pou pèp ou a ou te delivre ann Ejip pou l te ka vin pèp pa w. 24  Ou te fè pèp Izrayèl la, pèp ou a, vin pèp ou pou toutan+, e ou menm, o Jewova, ou vin Bondye yo+. 25  “Kounye a, o Jewova Dye, se pou w fè pwomès ou fè sèvitè w la ak fanmi l reyalize pou toutan e se pou w fè egzakteman sa w te pwomèt la+! 26  Se pou moun fè louwanj pou non w pou toutan+, yon fason pou moun ka di: ‘Jewova, Chèf lame yo, se Bondye pèp Izrayèl la!’ Se pou kay David, sèvitè w la, rete byen solid devan w+! 27  Paske ou menm Jewova, Chèf lame yo, Bondye pèp Izrayèl la, ou fè sèvitè w la konn sa, lè w te di l: ‘M ap fè yon kay pou ou*+.’ Se pou rezon sa a sèvitè w la jwenn fòs* pou l priye w konsa. 28  Kounye a, o Jewova, Seyè ki Souvren an, se ou menm ki vrè Dye a, pawòl ou se laverite+ e se ou ki pwomèt sèvitè w la bon bagay sa yo. 29  Se sa k fè, se pou w kontan beni kay sèvitè w la e se pou l kontinye ret kanpe devan w pou toutan+! Paske se ou menm, o Jewova, Seyè ki Souvren an, ki fè pwomès la, e se pou kay sèvitè w la jwenn benediksyon w pou toutan+!”

Nòt anba paj

Oswa: “palè l la”.
Lit.: “mache”.
Lit.: “pitit gason Izrayèl yo”.
Oswa: “m ap fè yon pakèt wa soti nan fanmi w”.
Lit.: “semans ou”.
Lit.: “yon moun k ap sot anndan w”.
Se kapab tou: “pitit gason Adan yo”.
Oswa: “M ap fè wa soti nan fanmi w”.
Lit.: “jwenn kè l”.