2 Samyèl 8​:​1-18

  • Viktwa David yo (1-14)

  • Fason gouvènman David la te ye (15-18)

8  Kèk tan apre, David te pot laviktwa sou moun Filisti yo+ e li te fè yo soumèt devan l+, epi David te pran vil Metègama nan men moun Filisti yo.  Li te pot laviktwa sou moun Mowab yo+ e li te fè yo kouche atè pou l mezire yo pa ranje ak yon kòd yo konn mezire. Li te mezire de fwa longè kòd la sou moun li t apral touye yo, men li te mezire yon fwa longè kòd la sou moun li t ap kite vivan yo+. Epi, moun Mowab yo te vin sèvitè David e li te fè yo peye taks+.  David te pot laviktwa sou Adadezè, pitit gason Reyòb, wa Soba a+, pandan Adadezè te sou wout pou l al fè moun nan zòn Rivyè Efrat yo soumèt anba otorite l+.  David te rive pran 1 700 sòlda ki te sou cheval ak 20 000 sòlda ki te apye. Epi, David te koupe jarèt prèske tout cheval ki t ap rale charyo yo, e se sèlman 100 ladan yo li te kite+.  Lè moun Siri ki t ap viv Damas yo+ te vin ede Adadezè, wa Soba a, David te touye 22 000 ladan yo+.  Epi, David te mete plizyè gwoup sòlda nan Damas, nan peyi Siri. Moun Siri yo te vin sèvitè David e li te fè yo peye taks. Jewova te fè David pot laviktwa tout kote l t ale+.  Mete sou sa, David pran boukliye won annò ki te nan men sèvitè Adadezè yo e li pote yo Jerizalèm+.  Wa David te pran yon gwo kantite kuiv nan vil Beta ak vil Bewotayi, de vil ki te pou Adadezè.  Twouve, Tòy, wa Amat la+, te vin aprann David te pot laviktwa sou tout lame Adadezè a+. 10  Se sa k fè Tòy te voye Joram, pitit gason l, al kot wa David pou l mande l kòman l ye e pou l felisite l paske li t al fè lagè ak Adadezè e li te pot laviktwa sou li (paske Adadezè te konn fè lagè souvan ak Tòy). Li te pote bagay ann ajan, annò e an kuiv. 11  Wa David te mete bagay sa yo apa pou Jewova, ansanm ak ajan ak lò li te pran nan men tout lòt nasyon ki te anba pouvwa l yo+, 12  tankou Siri, Mowab+, desandan Amon yo, moun Filisti yo+ ak moun Amalèk yo+, ansanm ak bagay li te pran nan lagè li te fè ak Adadezè+, pitit Reyòb, wa Soba a. 13  Epitou, David te vin gen gwo renome apre l te sot touye 18 000 moun Edòm nan Vale Sèl+. 14  Li te mete plizyè gwoup sòlda nan peyi Edòm. Li te met gwoup sòlda nan tout peyi a, e tout moun Edòm yo te vin sèvitè David+. Jewova te fè David pot laviktwa* tout kote li t ale+. 15  David te kontinye dirije tout pèp Izrayèl la+, li te fè tout pèp la jwenn jistis e li te fè tout bagay dwat+. 16  Jowab+, pitit gason Sewouya, te alatèt lame a, e Jozafa+, pitit gason Ayiloud, te la pou l ekri sa k pase. 17  Zadòk+, pitit gason Ayitoub, ak Ayimelèk, pitit gason Abyata, te prèt e Seraya te sekretè. 18  Benaya+, pitit gason Jewoyada, te alatèt Keretit yo ak Peletit yo+. Epi, pitit gason David yo te vin nan gwo pozisyon*.

Nòt anba paj

Oswa: “jwenn delivrans”.
Lit.: “te vin prèt”.