Amòs 2​:​1-16

  • Jijman akoz rebelyon y ap plede fè yo (1-16)

2  “Men sa Jewova di:‘“Poutèt Mowab ap plede fè rebelyon*+, mwen pap chanje lide,Paske li te boule zo wa Edòm nan pou fè l tounen lacho.   Se sa k fè m ap voye yon dife nan Mowab,E l ap boule fòtrès Keriyòt yo ki byen pwoteje+.Ap gen yon gwo bri lè Mowab ap mouri.Ap gen bri moun k ap fè lagè ansanm ak son kòn+.   M ap retire chèf* la nan mitan Mowab,E m ap touye tout prens Mowab yo ansanm ak chèf la+.” Se sa Jewova di.’   Epi, men sa Jewova di:‘Poutèt Jida ap plede fè rebelyon+, mwen pap chanje lide,Paske yo pa t respekte lwa* Jewova bay la,E paske yo te dezobeyi kòmandman l yo+.Men, se menm manti zansèt yo t ap suiv yo ki te fè yo pèdi wout yo+.   Se sa k fè m ap voye yon dife nan Jida,E l ap boule fòtrès Jerizalèm yo ki byen pwoteje+.’   Men sa Jewova di:‘Poutèt Izrayèl ap plede fè rebelyon+, mwen pap chanje lide,Paske yo vann moun ki jis la pou ajan,E yo vann moun ki pòv la pou yon pè sandal+.   Yo pilonnen moun ki malere a anba pye+,E yo pouse moun ki piti a met sou kote+.Yon gason kouche menm fi ak papa l,Konsa, yo sal non m ki sen.   Bò chak lotèl, yo layite kò yo+ sou rad yo pran kòm garanti pou lajan yo prete moun+.Epi, yo achte diven ak kòb yo pran kòm amann nan men moun e yo bwè l nan kay* dye yo genyen yo.’   ‘Men, se mwen ki te elimine Amorit yo devan pèp mwen an+,Yo menm ki te wo tankou pye sèd e ki te djanm tankou pye bwadchèn.Mwen te detwi fwi yo te donnen yo ansanm ak rasin yo te gen anba yo+. 10  Mwen te fè nou kite peyi Ejip+,E mwen te gide nou nan dezè a pandan 40 an+,Pou n te ka pran peyi Amorit yo kòm eritaj. 11  Mwen te fè kèk nan pitit gason nou yo vin pwofèt+E mwen te fè kèk nan jèn mesye nou yo vin Nazireyen+.Èske se pa sa m te fè, o pèp Izrayèl?’ Se sa Jewova di. 12  ‘Men, nou te kontinye bay moun ki Nazireyen yo diven pou yo bwè+,E nou te bay pwofèt yo lòd, nou te di yo: “Nou pa dwe pwofetize+.” 13  Se poutèt sa, m ap kraze nou kote nou ye a,Menm jan yon charyo ki chaje manje angren kraze sa ki anba l. 14  Moun ki rapid yo pap gen okenn kote pou yo kouri ale+,Moun ki vanyan yo pap ret fòs nan yo,E pa gen sòlda ki nan lagè k ap sot vivan*. 15  Moun ki konn tire flèch yo pap ka ret kanpe,Moun ki konn kouri vit yo pap chape,E moun ki sou cheval yo pap sot vivan*. 16  Menm moun ki konn fè lagè ki pi brav yo*Ap kouri prèske san rad sou yo jou sa a+.’ Se sa Jewova di.”

Nòt anba paj

Chak fwa ekspresyon “ap plede fè rebelyon” an parèt nan chapit sa a, yon fason literal, se: “fè twa rebelyon, epi fè kat rebelyon”.
Lit.: “jij”.
Oswa: “lòd”.
Oswa: “nan tanp”.
Oswa: “k ap sove nanm yo”.
Oswa: “pap sove nanm yo”.
Oswa: “moun ki gen kè yo”.