Amòs 4​:​1-13

  • Yon mesaj kont gazèl bèf nan Bazan yo (1-3)

  • Jewova pase fo adorasyon pèp Izrayèl la ap fè a nan rizib (4, 5)

  • Izrayèl refize aksepte disiplin (6-13)

    • “Prepare nou pou nou jwenn ak Bondye nou an” (12)

    • ‘Bondye di lòm sa k nan panse l’ (13)

4  “Tande pawòl sa a, nou menm gazèl bèf nan Bazan yo,Nou menm ki nan mòn Samari a+,Nou menm medam k ap dechèpiye malere yo+ e k ap kraze moun ki pòv yo,Nou menm k ap di mari* nou: ‘Pote yon gwòg ban nou pou nou bwè.’   Jewova, Seyè ki Souvren an, Sila a ki sen an, fè sèman*, li di:‘“Gade! Gen jou k ap vini sou nou kote yo pral leve nou anlè ak kwòk bouche yo konn sèvi yo,E y ap leve rès moun pami nou yo anlè ak zen yo konn kenbe pwason yo.   N ap pase nan twou ki nan miray la pou nou ale, chak moun pral dwat devan l.E y ap voye nou jete nan Hamon*.” Se sa Jewova di.’   ‘Vin Betèl pou nou fè peche*+,Vin Gilgal pou nou fè plis peche toujou+.Pote sakrifis n ap fè yo+ nan maten,Epi, pote yon dizyèm nan sa nou genyen yo+ sou twazyèm jou a.   Kòm ofrann, boule yon pen ki gen ledven pou n di Bondye mèsi+.Pale byen fò pou n fè konnen ofrann nou fè ak tout kè nou yo.Paske, se sa nou renmen fè, o pèp Izrayèl.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.   ‘Mwen menm, mwen te fè nou grangou, e nou pa t gen manje pou n manje* nan tout vil nou yo,E mwen te fè pa gen pen nan tout kay nou yo+.Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn mwen+.’ Se sa Jewova di.   ‘Epitou, mwen te fè nou fè twa mwa san lapli anvan rekòt la+.Mwen te fè lapli tonbe nan yon vil, men mwen pa t fè l tonbe nan yon lòt vil.Yon pòsyon tè te jwenn lapli,Alòske yon lòt pòsyon tè ki pa t jwenn lapli te vin sèch.   Moun nan de oubyen twa vil t ap balanse de bò pou yo t al chèche dlo pou yo bwè nan yon lòt vil+,Yo pa t jwenn dlo pou pase swaf yo.Malgre sa, yo pa t retounen vin jwenn mwen+.’ Se sa Jewova di.   ‘Mwen te fè chalè fè jaden nou yo vin fennen e mwen te lage pichon sou yo+.Epi, nou te vin gen anpil jaden rezen ak lòt kalite jaden,Men, krikèt te ravaje pye fig frans nou yo ak pye oliv nou yo+.Malgre sa, nou te toujou pa retounen vin jwenn mwen+.’ Se sa Jewova di. 10  ‘Mwen te voye yon flewo nan mitan nou, tankou sa m te lage sou peyi Ejip la+.Mwen te touye jèn mesye nou yo ak kout epe+ e mwen te pran cheval nou yo+.Mwen te fè move sant ki nan kan nou yo monte nan twou nen nou+.Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn mwen.’ Se sa Jewova di. 11  ‘Mwen te fè yon ravaj nan mitan nouMenm jan m te fè ravaj nan Sodòm ak Gomò a+.E nou te tankou yon bout bwa yo retire nan dife.Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn mwen+.’ Se sa Jewova di. 12  Se sa k fè mwen pral pini nou ankò, o pèp Izrayèl.Piske se sa mwen pral fè nou,Prepare nou pou nou jwenn ak Bondye nou an, o pèp Izrayèl. 13  Paske, se li ki te fè mòn yo+ e ki te kreye van an+.Li di lòm sa ki nan panse l,Li fè douvanjou vin fè nwa+,E li mache kote ki wo sou tè a+.Non li se Jewova, Bondye ki Chèf lame yo.”

Nòt anba paj

Oswa: “mèt”.
Lit.: “Jewova, Seyè ki Souvren an, fè sèman lefètke li sen”.
Yo pa fin konn sans mo ebre ki bay “Hamon” an.
Oswa: “fè rebèl”.
Lit.: “mwen te fè dan nou pwòp, san yo pa gen manje ladan yo”.