Amòs 6​:​1-14

  • Malè pou moun ki kè pòpòz yo! (1-14)

    • Kabann ki fèt ann ivwa; gwo gode diven (4, 6)

6  “Malè pou moun ki byen alèz* nan Siyon yo,Moun ki santi yo an sekirite nan mòn Samari a+,Gwo potanta yo ki nan nasyon ki pi enpòtan pase lòt nasyon yo,Moun pèp Izrayèl la al jwenn yo!   Se pou nou travèse Kalne pou n al gade.Kite zòn nan pou n al Amat, gwo vil la+,Desann Gat, nan peyi moun Filisti yo.Èske yo pi bon pase wayòm sa yo*,Oswa èske tèritwa pa yo a pi gwo pase pa nou an?   Èske nou refize sonje jou malè a+,Epi nou fè vyolans gaye* nan mitan nou+?   Nou kouche sou kabann ki fèt ann ivwa+ e nou layite kò nou sou divan+,Pandan n ap manje vyann jenn mouton nou pran nan twoupo a ak vyann jenn bèf nou angrese yo*+.   Nou konpoze yon seri chante pandan n ap jwe hap*+,E nou envante enstriman mizik menm jan ak David+.   Nou bwè diven nan gwo gode+,E nou pase pi bon luil santi bon yo sou kò nou.Men, nou pa enkyete nou pou* malè ki pral frape Jozèf la+.   Se sa k fè n ap devan nan moun ki pral ann egzil yo+,E moun k ap layite kò yo sou divan yo ap sispann banboche.   Men sa Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, di: ‘Mwen menm, Jewova, Seyè ki Souvren an, mwen fè sèman sou tèt mwen*+, mwen di:“Mwen gen repiyans pou sa ki fè Jakòb fyè a+,Mwen rayi fòtrès li yo ki byen pwoteje+,E m ap lage vil la ak sa l gen ladan l yo anba men ènmi l yo+.  “‘“Menmsi se dis moun ki rete nan yon kay, yo menm tou y ap mouri. 10  Yon moun nan fanmi yo* ap vin pran kadav yo met deyò e l ap boule yo youn apre lòt. L ap pran zosman yo nan kay la met deyò. Apre sa, l ap di moun ki nan chanm anndan kay la: ‘Èske gen lòt moun avè w ankò?’ L ap reponn li: ‘Pa gen pèsonn.’ Epi, l ap di: ‘Ret an silans. Paske se pa moman pou moun nonmen non Jewova menm.’” 11  Paske, se Jewova ki bay lòd la+,Gwo kay yo ap kraze, y ap vin tounen yon pil dekonmE ti kay yo ap vin tounen yon bann debri+. 12  Èske cheval ap kouri sou mas wòch?Oubyen èske yon moun ap raboure tè ak bèf?Paske, nou fè sa ki jis tounen yon plant ki gen pwazon,E sa ki dwat vin bay yon bagay ki anmè kou fyèl*+. 13  Nou pran plezi nan bagay ki pa vo anyen,Epi, nou di: “Èske se pa ak fòs pa nou nou vin gen pouvwa*+?” 14  Se poutèt sa, o pèp Izrayèl, m ap fè yon nasyon vin atake nou+,E y ap toupizi nou soti Lebowamat*+ desann nan Vale Araba.’ Se sa Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, di.”

Nòt anba paj

Oswa: “ki kè pòpòz”.
Sanble se wayòm Jida a ak wayòm Izrayèl la.
Lit.: “fè vyolans chita”.
Oswa: “jenn towo bèf yo”.
Oswa: “jwe enstriman mizik ki gen kòd”. Gade “Hap” nan Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “nou pa t vin malad akoz”.
Oswa: “sou nanm mwen”.
Lit.: “Yon frè papa l”.
Oswa: “tankou absent”. Se yon plant ki anmè anpil e ki gen yon sant ki fò.
Lit.: “nou pran kòn nan”.
Oswa: “soti nan antre Amat”.