Amòs 7​:​1-17

  • Yon seri vizyon ki montre lafen pèp Izrayèl la toupre rive (1-9)

    • Krikèt (1-3), dife (4-6), yon filaplon (7-9)

  • Amatsya di Amòs pou l sispann bay pwofesi (10-17)

7  Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, te montre m nan yon vizyon: Mwen te wè l voye yon pakèt krikèt k ap vole ansanm lè dènye semans yo* te kòmanse ap pouse. Se dènye semans yo te plante apre yo te fin koupe zèb nan patiraj wa a genyen yo.  Lè pakèt krikèt yo fin manje plant ki nan peyi a, mwen te di: “O Jewova, Seyè ki Souvren an, tanpri, padone moun yo+. Ki jan Jakòb ka fè chape*? Paske, li fèb+.”  Se sa k fè Jewova te chanje lide+. Men sa Jewova te di: “Sa pap rive!”  Apre sa, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, te montre m nan yon vizyon: Mwen te wè Jewova, Seyè ki Souvren an, sèvi ak dife pou l pini pèp la. Dife a te seche gwo dlo yo e li te boule yon pati nan peyi a.  Apre sa, mwen di: “O Jewova, Seyè ki Souvren an, tanpri, pa fè sa+. Ki jan Jakòb ka fè chape*? Paske, li fèb+.”  Se sa k fè Jewova te chanje lide+. Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, te di: “Bagay sa a pap rive tou!”  Apre sa, men sa l te montre m nan yon vizyon: Mwen te wè Jewova kanpe sou yon miray yo te sèvi ak filaplon pou yo fè l, e li te gen yon filaplon nan men l.  Epi, Jewova di m: “Ki sa w wè, Amòs?” Lè sa a, mwen reponn li: “Yon filaplon.” Apre sa, Jewova di m: “Men m ap egzamine pèp Izrayèl la, pèp mwen an, ak yon filaplon pou m montre jan l pa dwat. Mwen pap padone yo ankò+.  Kote ki wo Izarak genyen yo+ ap vin vid, e y ap devaste kote ki sakre Izrayèl genyen yo+, epi m ap vin atake fanmi Jewobowam* ak yon epe+.” 10  Men mesaj Amatsya, prèt ki nan Betèl la+, te voye bay Jewobowam+, wa Izrayèl la: “Amòs ap fè konplo sou ou nan mitan Izrayèl+. Moun ki nan peyi a pa ka sipòte tout pawòl l ap di yo+. 11  Paske, men sa Amòs di: ‘Jewobowam ap mouri anba kout epe, e san mank, pèp Izrayèl la ap kite peyi l pou l al ann egzil+.’” 12  Epi, Amatsya di Amòs: “O, ou menm ki konn fè vizyon an, ale, kouri al nan peyi Jida, se la w ap travay pou w jwenn manje pou w manje*, e ou mèt pwofetize nan zòn sa a+. 13  Men, ou pa dwe pwofetize nan Betèl ankò+, paske se kote ki sakre pou wa a+ e se tanp yon wayòm.” 14  Apre sa, Amòs reponn Amatsya, li di l: “Mwen pa t yon pwofèt e mwen pa pitit pwofèt, se bèt mwen te konn gade+ e se pye fig sikomò mwen te konn okipe. 15  Men, Jewova te fè m sispann okipe bèt, e Jewova te di m: ‘Al pot pwofesi bay pèp Izrayèl la, pèp mwen an+.’ 16  Se sa k fè, kounye a, tande sa Jewova di: ‘Ou di: “Pinga w pwofetize kont pèp Izrayèl+ e pinga w preche+ kont fanmi Izarak.” 17  Se poutèt sa, men sa Jewova di: “Madanm ou ap vin tounen yon pwostitye nan vil la, e pitit gason w yo ak pitit fi w yo ap mouri anba kout epe. Y ap separe peyi w la ak yon fisèl e ou menm w ap mouri nan yon peyi ki pa pwòp, epi san mank, pèp Izrayèl la ap kite peyi l pou l al ann egzil+.”’”

Nòt anba paj

Anpalan de mwa janvye ak mwa fevriye.
Lit.: “fè leve”.
Lit.: “fè leve”.
Anpalan de Jewobowam II, pitit gason Jowas (Jewowas). Gade Am 1:1.
Lit.: “travay pou w manje pen”.