Amòs 8​:​1-14

  • Vizyon yon pànye ki gen fwi ki bon nan sezon ete (1-3)

  • Yo kondane moun k ap toupizi moun yo (4-14)

    • Yon grangou nan domèn espirityèl (11)

8  Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, montre m nan yon vizyon: Mwen wè yon pànye ki gen fwi ki bon nan sezon ete.  Epi, li mande m: “Ki sa w wè, Amòs?” Mwen reponn: “Yon pànye ki gen fwi ki bon nan sezon ete.” Apre sa, Jewova di m: “Pèp Izrayèl, pèp mwen an, rive nan dènye jou l. Mwen pap padone yo ankò+.  Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Se rèl k ap gen nan plas chante yo konn chante nan tanp lan jou sa a+. Y ap voye anpil kadav jete toupatou+. Se pou gen silans!’   Tande sa, nou menm k ap toupizi moun ki pòv yoE k ap detwi moun ki gen imilite nan peyi a+,   Nou menm ki di: ‘Ki lè pou fèt nouvèl lin nan fini+ pou n ka vann manje angren nou yo?E ki lè pou jou saba a+ fini pou n ka al vann manje angren?Lè sa a, n ap ka fè efa* yo vin pi pitiE n ap ka monte pri manje yo,N ap ka fè fo balans pou nou twonpe moun+,   Konsa, n ap ka achte moun ki nan nesesite yo pou ajan,E moun ki pòv yo pou yon pè sandal+,Epi n ap ka vann pati ki pa bon nan manje angren yo.’   Jewova, Glwa Jakòb la, fè sèman sou tèt li+, li di:‘Mwen pap janm bliye tout aksyon yo fè yo+.   Se poutèt sa, peyi a* pral tranble,E tout moun ki abite ladan l yo pral nan lapenn+.Èske li pap monte tankou Rivyè Nil la?E èske li pap monte desann tankou Rivyè Nil la nan peyi Ejip+?’   Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Jou sa a,M ap fè solèy la kouche gwo midi,E m ap fè peyi a vin fè nwa gran jounen+. 10  M ap fè jou fèt nou yo vin tounen jou lapenn+E m ap fè tout chante nou yo tounen chante ki tris*.M ap fè tout moun mare ren yo ak twal sak e m ap fè tèt tout moun vin chòv.M ap fè gen lapenn tankou lè moun ap kriye pou yon sèl pitit yo genyen.Se pa ti rèd sa pral rèd nan fen jou sa a!’ 11  Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Gade! Jou yo pral riveKote m pral voye yon grangou nan peyi a.Se pap yon grangou paske pa gen manje, e se pap yon swaf paske pa gen dlo,Men, se paske moun ap anvi tande pawòl Jewova+. 12  Moun pral mache tou faya sot nan yon lanmè rive nan yon lòt lanmè,Soti nan nò al nan lès*.Yo pral toupatou pou yo chèche pawòl Jewova a, men yo pap jwenn li. 13  Jou sa a, bèl jèn fi ki vyèj yo ap endispoze,E se menm bagay la k ap rive jèn gason yo, akoz yo swaf. 14  Moun k ap fè sèman sou zidòl ki nan Samari yo+ k ap di:“Mwen sèmante sou tèt dye w ap sèvi a, o Dann+!”E k ap di: “Mwen sèmante sou tèt wout ki mennen Beyècheba a+!”,Moun sa yo pral tonbe e yo pap leve ankò+.’”

Nòt anba paj

Oswa: “Se poutèt sa, tè a”.
Oswa: “tounen chante moun chante lè gen lanmò”.
Oswa: “nan direksyon solèy leve”.