Amòs 9​:​1-15

  • Yon moun pa ka chape anba jijman Bondye (1-10)

  • Y ap monte kay David la (11-15)

9  Mwen te wè Jewova+ anlè lotèl la, epi li di: “Frape tèt poto yo, e kay la ap tranble. Koupe tèt poto yo, e m ap touye ti rès moun ki rete nan pèp la ak epe. Pa gen moun ki kouri k ap sove, e pa gen moun k ap eseye chape k ap reyisi chape+.   Si yo fouye twou pou yo desann al kache nan Tonm nan*,M ap pran yo kote yo ye a ak men m.Si yo monte nan syèl la,M ap fè yo desann sot kote yo ye a.   Si y al kache sou tèt Mòn Kamèl,Mwen pral chèche yo kote yo ye a e m ap pran yo+.Si y al kache nan fon lanmè pou m pa ta wè yo,M ap bay koulèv lòd mòde yo kote yo ye a.   Si ènmi yo genyen yo mennen yo ann egzil,M ap bay yon epe lòd, e l ap touye yo kote yo ye a+.M ap fikse je m sou yo pou malè tonbe sou yo, men se pa pou m beni yo+.   Paske se Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, ki touche peyi a*,Sa fè l tranble+, e tout moun ki ret ladan l ap nan lapenn+.Yo tout pral monte tankou Rivyè Nil la,E y ap desann tankou Rivyè Nil la nan peyi Ejip+.   ‘Li se Sila a ki fè mach eskalye l yo ki rive nan syèl laE ki mete yon plafon* anlè tè a,Sila a ki rasanble dlo lanmè yoPou l vide yo sou tè a+.Non li se Jewova+.’   Men sa Jewova di: ‘Èske nou pa menm jan ak pitit gason moun peyi Etyopi* yo pou mwen, o pèp Izrayèl?Èske m pa t fè pèp Izrayèl la sot nan peyi Ejip+?Èske m pa t fè moun Filisti yo sot nan zile Krèt+ e èske m pa t fè moun Siri yo sot nan peyi Ki+?’   ‘Gade! Mwen menm, Jewova, Seyè ki Souvren an, mwen fikse je m sou wayòm moun k ap fè peche yo,Mwen pral elimine l sou tè a+.Men, mwen pap detwi desandan Jakòb yo nèt+.’ Se sa Jewova di.   ‘Paske, gade! M ap bay yon lòd.Epi, m ap souke pèp Izrayèl la nan mitan tout nasyon yo+,Tankou lè y ap pase manje angren nan kribE pa gen yon ti wòch ki tonbe atè. 10  Tout moun nan pèp mwen an k ap fè peche ap mouri anba kout epe,Yo menm k ap di: “Malè pap vin toupre nou, ni li pap tonbe sou nou.”’ 11  ‘Jou sa a, m ap rebati kay* David la+ ki tonbe,M ap repare kote ki fann yoE m ap rebati mazi a.M ap rebati l pou l vin menm jan l te ye lontan an+, 12  Pou yo ka pran sa k rete nan peyi Edòm+Ansanm ak tout nasyon ki pote non m yo.’ Se sa Jewova di, li menm k ap fè bagay sa a. 13  Men sa Jewova di: ‘Gade! Gen jou k ap viniKote moun k ap raboure tè a ap rankontre ak moun k ap rekòlte a,E moun k ap kraze rezen anba pye l la ap rankontre ak moun k ap plante a+.Diven bon kalite pral degoute sot nan mòn yo+,E diven pral koule sou tout ti mòn yo*+. 14  M ap fè moun nan pèp Izrayèl la, pèp mwen an+, ki te ann egzil yo retounen nan peyi yo.Y ap rebati vil ki te kraze yo e y ap abite ladan yo+.Y ap plante rezen e y ap bwè diven yo bay+.Y ap fè jaden e y ap manje fwi yo bay+.’ 15  ‘M ap plante yo nan peyi yo a,E yo pap janm derasinen yo ankòNan peyi mwen ba yo a+.’ Se sa Jewova, Bondye nou an, di.”

Nòt anba paj

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “touche tè a”.
Oswa: “yon plafon ki won; yon vout”.
Oswa: “moun peyi Kouch”.
Oswa: “tant; tonèl”.
Lit.: “E tout ti mòn yo pral fonn”.