Detewonòm 21​:​1-23

  • Lè yo pa konn kiyès ki touye yon moun (1-9)

  • Maryaj ak fi yo pran nan lagè (10-14)

  • Dwa premye pitit yo (15-17)

  • Yon pitit gason ki gen tèt di (18-21)

  • Yon moun yo pann sou yon poto gen malediksyon (22, 23)

21  “Pandan nou nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm byen pa nou an, si nou jwenn yon moun yo touye nan yon savann e nou pa konn kiyès ki te touye moun sa a,  se pou ansyen nou yo ak jij nou yo+ soti pou y al mezire distans ki genyen ant kadav la ak vil ki toutotou kadav la.  Apre sa, se pou ansyen ki nan vil ki pi pre kadav la pran yon jenn gazèl bèf yo pa t janm bay fè okenn travay e yo pa t janm mete jouk sou do l,  e se pou yo mennen l nan yon vale ki gen kouran dlo, kote yo pa ni vire tè a, ni simen semans, e se la pou yo kase kou gazèl bèf la+.  “Lè sa a, Levit ki prèt yo ap pwoche devan Jewova, Bondye nou an, pou yo bay benediksyon nan non Jewova+ paske se yo li chwazi pou sèvi l+. Y ap fè konnen ki jan yo dwe rezoud kèlkeswa kont ki genyen kote te gen vyolans+.  Apre sa, tout ansyen nan vil ki pi pre kadav la ap lave men+ yo sou jenn gazèl bèf yo te kase kou l nan vale a,  epi, y ap di: ‘Se pa nou menm ki te fè san sa a koule, e je nou pa t wè lè yo t ap fè san sa a koule a.  O Jewova, pa rann Izrayèl, pèp ou a, responsab sa ki rive a, pèp ou te sove a+, e pa konsidere pèp la kòm koupab pou san moun inosan ki koule a+.’ Lè sa a, Bondye pap rann yo responsab pou san ki koule a.  Konsa, nou pap koupab pou san moun ki inosan ki koule nan mitan nou, paske n ap fè sa ki dwat nan je Jewova. 10  “Si n al fè lagè ak ènmi nou yo e Jewova, Bondye nou an, bat yo pou nou e nou pran yo kòm prizonye+, 11  si youn nan nou ta wè yon bèl fi pami prizonye yo li renmen e li vle pran l pou madanm li, 12  l ap kapab mennen l lakay li. Lè sa a, fi a dwe kale tèt li, li dwe fè zong li, 13  li dwe retire rad li te gen sou li lè nou te pran l kòm prizonye a e l ap rete lakay gason an. L ap fè yon mwa ap kriye pou papa l ak manman l+, e apre sa, gason an ap ka kouche avè l. L ap vin mari l e fi a ap vin madanm li. 14  Men, si l pa pran plezi nan fi a, se pou l kite fi a ale nenpòt kote fi a vle ale*+. Men, li pap ka vann li e li pap ka maltrete l paske se fòse li te fòse l vin madanm li. 15  “Si yon gason gen de madanm e li renmen youn plis pase lòt la*, si toule de fè yon pitit gason pou li, e se fi li renmen mwens lan ki fè premye pitit gason an pou li+, 16  lè l ap separe eritaj li ak pitit gason l yo, li pap gen dwa fè pitit gason fi li pi renmen an pase kòm premye pitit gason l alòske se pitit gason fi li renmen mwens lan ki premye pitit gason l. 17  Li dwe rekonèt se pitit gason madanm li renmen mwens lan ki premye pitit gason l lè l ba l de pòsyon nan tout sa l genyen, paske se pitit gason sa a ki sot nan ren l an premye. Se li menm ki gen dwa premye pitit yo genyen an+. 18  “Si yon gason gen yon pitit gason ki gen tèt di, ki rebèl, ki pa obeyi papa l ak manman l+, ki refize koute yo menm lè yo fè sa yo kapab pou yo korije l+, 19  papa l ak manman l dwe pran l e yo dwe mennen l devan ansyen yo nan pòtay vil yo a. 20  Men sa y ap di ansyen ki nan vil yo a: ‘Pitit gason nou sa a gen tèt di, li rebèl e li refize obeyi nou. Li se yon aloufa+ e li se yon tafyatè+.’ 21  Apre sa, tout moun ki nan vil li a ap kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri. Konsa, n ap retire sa ki mal nan mitan nou. Tout moun nan peyi Izrayèl ap tande sa e y ap pè+. 22  “Si yon moun fè yon peche ki merite pou l mouri+ e nou pann li sou yon poto+ apre nou fin touye l, 23  nou pa dwe kite kò l pase nuit lan sou poto a+. Se pou nou asire nou nou antere kò a menm jou a paske tout moun yo pann sou yon poto se moun ki gen malediksyon Bondye+. Nou pa dwe kontamine peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj pa nou an+.

Nòt anba paj

Oswa: “kote nanm fi a vle”.
Lit.: “de madanm, youn li renmen ak youn li rayi”.