Detewonòm 27​:​1-26

  • Yo dwe ekri Lalwa sou wòch (1-10)

  • Sou Mòn Ebal ak Mòn Gerizim (11-14)

  • Yo repete malediksyon yo (15-26)

27  Apre sa, Moyiz ak ansyen ki nan pèp Izrayèl la al kot pèp la. Men sa Moyiz di yo: “Se pou nou obeyi tout kòmandman m ap ban nou jodi a.  Lè n ap travèse Rivyè Jouden an pou n al nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an, se pou nou pran kèk gwo wòch n ap gen pou n met kanpe e se pou nou randui+ wòch yo*.  Lè nou fin travèse, nou dwe ekri tout pawòl ki nan Lwa sa a sou yo, yon fason pou nou ka rantre nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an, jan Jewova, Bondye zansèt nou yo, te pwomèt nou sa a, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+.  Lè nou fin travèse Rivyè Jouden an, se pou nou mete wòch sa yo kanpe sou Mòn Ebal+ e se pou nou randui yo*, jan m di nou sa jodi a.  Apre sa, se pou nou konstwi yon lotèl sou mòn nan pou Jewova, Bondye nou an, yon lotèl ki fèt ak wòch. Nou pa dwe sèvi ak zouti ki fèt ak fè pou nou taye wòch yo+.  Se ak wòch nou pa t taye nou dwe fè lotèl la pou Jewova, Bondye nou an, e nou dwe ofri sakrifis ki boule nèt pou Jewova, Bondye nou an, sou li.  Nou dwe ofri sakrifis kominyon*+ sou li, nou dwe manje yo la+, e nou dwe rejwi devan Jewova, Bondye nou an+.  Nou dwe ekri tout pawòl ki nan Lwa sa a byen klè sou wòch sa yo+.”  Apre sa, Moyiz ak Levit ki prèt yo al pale ak tout pèp Izrayèl la e men sa Moyiz te di: “Fè silans, Izrayèl, epi koute. Jodi a, nou vin pèp Jewova, Bondye nou an+. 10  Nou dwe koute Jewova, Bondye nou an, e nou dwe obeyi tout kòmandman l yo+ ak lwa l yo m ap ban nou jodi a.” 11  Jou sa a, men ki lòd Moyiz te bay pèp la: 12  “Lè nou fin travèse Rivyè Jouden an, men ki tribi k ap kanpe sou Mòn Gerizim+ e k ap fè konnen benediksyon pèp la ap jwenn yo: Simeyon, Levi, Jida, Isaka, Jozèf ak Benjamen. 13  E men ki tribi k ap kanpe sou Mòn Ebal+ e k ap fè konnen malediksyon pèp la ap jwenn yo: Ribenn, Gad, Achè, Zabilon, Dann ak Neftali. 14  Apre sa, Levit yo ap pale ak tout Izrayelit yo, y ap di byen fò+: 15  “‘Malediksyon pou moun ki fè yon imaj+ oswa ki fè yon estati an metal*+, travay atizan* fè ak men yo, e ki kache l yon kote. Se yon bagay ki bay Jewova degoutans+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn*!’) 16  “‘Malediksyon pou moun ki derespekte papa l oswa manman l+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’) 17  “‘Malediksyon pou moun ki deplase bòn tè yon vwazen l+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’) 18  “‘Malediksyon pou moun ki fè yon avèg pèdi wout li+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’) 19  “‘Malediksyon pou moun ki pa pèmèt etranje k ap viv nan mitan nou yo, timoun ki pa gen papa* yo ak vèv yo+ jwenn jistis+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’) 20  “‘Malediksyon pou moun ki kouche ak madanm papa l, paske li dezonore* papa l+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’) 21  “‘Malediksyon pou moun ki kouche ak kèlkeswa bèt la+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’) 22  “‘Malediksyon pou moun ki kouche ak sè l, kit se pitit fi papa l kit se pitit fi manman l+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’) 23  “‘Malediksyon pou moun ki kouche ak bèlmè l+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’) 24  “‘Malediksyon pou moun ki kache pou l veye pwochen l epi ki touye l+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’) 25  “‘Malediksyon pou moun ki aksepte yo peye l pou l touye* yon moun ki inosan*+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’) 26  “‘Malediksyon pou moun ki pa respekte pawòl ki nan Lwa sa a lè l pa obeyi yo+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’)

Nòt anba paj

Oswa: “se pou nou blanchi yo ak lacho”.
Oswa: “se pou nou blanchi yo ak lacho”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “Se konsa pou sa ye”.
Oswa: “moun ki travay bwa ak metal”.
Oswa: “fè yon estati ak metal li fonn”.
Oswa: “òfelen”.
Lit.: “leve ke rad papa l”.
Oswa: “frape”.
Oswa: “yon nanm ki gen san inosan”.