Estè 1​:​1-22

  • Wa Asyeris fè yon gwo resepsyon nan Souz (1-9)

  • Rèn Vachti refize obeyi (10-12)

  • Wa a al pale ak mesye save yo (13-20)

  • Wa a bay yon dekrè (21, 22)

1  Twouve, nan epòk Asyeris*, anpalan de wa Asyeris ki t ap dirije 127 tèritwa+ soti End rive Etyopi a*,  wa a te chita sou twòn li nan sitadèl* Souz la+.  Nan twazyèm ane rèy li a, li te fè yon gwo resepsyon pou tout gouvènè ak fonksyonè ki nan wayòm li an. Te gen lame peyi Pès+ ak peyi Medi+ ansanm ak gwo potanta yo ak mesye ki t ap gouvène tèritwa yo ki te kanpe devan l.  Li te pase anpil jou ap montre yo richès ki gen nan wayòm li an ki bèl anpil e li t ap montre yo onè ak pisans li genyen. Li te fè 180 jou ap fè sa.  Epi, apre jou sa yo, wa a te fè yon gwo resepsyon ki te dire sèt jou nan lakou jaden palè wa a pou tout moun ki te nan sitadèl* Souz la, soti nan moun ki nan pi gwo pozisyon yo rive nan moun ki nan pi piti pozisyon yo.  Te gen rido ki fèt ak twal len, rido ki fèt ak twal koton bon kalite ak rido ki fèt ak twal ble ki te mare ak kòdon ki fèt ak twal bon kalite. Te gen lenn wouj vyolèt ki pase nan yon seri bag ann ajan, te gen poto an mab, te gen yon seri ti kabann ki fèt annò e an kuiv sou yon seri wout ki fèt ak bèl wòch*, mab blan, pèl ki byen klere ak mab nwa.  Yo te sèvi diven nan koup* ki fèt annò. Pa t gen yon koup ki te sanble ak lòt. Te gen anpil diven e se diven wa a abitye bwè yo te sèvi, se sèl wa a ki te ka bay kantite sa a.  Moun te bwè jan yo vle, nan moman sa a, pa gen yon lwa ki te anpeche yon moun bwè jan l vle, paske wa a te antann li ak moun ki nan gwo pozisyon nan palè l yo pou yo kite chak moun bwè jan yo vle.  Epitou, rèn Vachti+ te fè yon gwo resepsyon pou tout medam yo nan palè wa Asyeris la. 10  Sou setyèm jou a, lè kè wa a te kontan anpil akoz diven li t ap bwè a, li te mande Mewouman, Bizta, Abona+, Bigta, Abagta, Zeta ak Kakas, sèt mesye ki te nan gwo pozisyon ki t ap sèvi wa Asyeris dirèkteman yo, 11  pou yo mennen rèn Vachti devan l ak gwo mouchwa* rèn li nan tèt li pou l ka montre moun yo ak gouvènè yo jan rèn nan bèl, paske rèn nan te bèl anpil. 12  Wa a te voye mesye l yo ki te nan gwo pozisyon al bay rèn Vachti lòd pou l vini, men li te derefize vini. Sa te vin fè wa a fache anpil, e li te fè gwo kòlè. 13  Apre sa, wa a te pale ak mesye save ki byen konnen sa lalwa di sou sa. (Se konsa wa a te prezante ka a devan tout mesye ki byen konn lalwa ak zafè lajistis yo, 14  e pami yo, men mesye ki te pi pwòch wa a: Kachena, Cheta, Admata, Tasis, Merès, Masena ak Memoukan. Toule sèt te gouvènè+ nan peyi Pès ak peyi Medi. Yo te gen dwa al kot wa a e se yo ki te nan pi gwo pozisyon nan wayòm nan.) 15  Wa a te mande yo: “Selon lalwa, ki sa k dwe fèt ak rèn Vachti poutèt li pa t obeyi lòd mwen menm, wa Asyeris, mwen te voye mesye ki nan gwo pozisyon yo ba li a?” 16  Lè sa a, Memoukan di devan wa a ak gouvènè yo: “Se pa kont wa a sèlman rèn Vachti mal aji+, men se kont tout gouvènè yo ak tout pèp ki nan tout tèritwa wa Asyeris yo nèt li mal aji. 17  Paske tout madan marye yo ap vin konn sa rèn nan fè a, y ap meprize mari yo e y ap di: ‘Ata wa Asyeris te mande pou yo mennen rèn Vachti devan l, rèn nan te refize ale.’ 18  Jodi a menm, madanm gouvènè peyi Pès ak peyi Medi yo ki konnen sa rèn nan fè a ap vin pale ak mari yo menm jan an, sa ap lakòz madanm yo pa pran mari yo pou anyen e mari yo ap vin fache anpil. 19  Si wa a dakò ak sa m di a, se pou l bay yon dekrè ki pap ka chanje, y ap ajoute l sou lwa peyi Pès ak peyi Medi yo, pou Vachti pa janm vin devan wa Asyeris ankò+, e se pou wa a mete yon lòt fi rèn nan plas li, yon fi ki pi bon pase l. 20  Lè moun nan tout gwo tèritwa wa a ap dirije a tande dekrè wa a, tout madanm ap respekte mari yo, soti nan mari ki nan pi gwo pozisyon yo rive nan mari ki nan pi piti pozisyon yo.” 21  Konsèy sa a te fè wa a ak gouvènè yo plezi e wa a te fè sa Memoukan te di a. 22  Se konsa, li te voye lèt nan tout tèritwa wayòm li an+, pou chak tèritwa, selon ekriti yo itilize, e pou chak pèp, selon lang yo pale, pou fè konnen chak mari dwe mèt* kay li e se lang moun peyi mari a pou mari a pale.

Nòt anba paj

Yo rele l Atagzèsès nan tradiksyon Septant lan. Selon sa kèk moun konprann, se li ki Zèsès Iye, pitit Dariyis Legran.
Oswa: “peyi Kouch la”.
Oswa: “palè; fòtrès”.
Oswa: “palè; fòtrès”.
Se yon kalite wòch ki di anpil e ki gen anpil valè. An jeneral, yo wouj fonse e yo gen ti tach blan sou yo.
Oswa: “veso; gode”.
Oswa: “vwal; mouka”.
Oswa: “chèf”.