Estè 10​:​1-3

  • Madoche, yon moun enpòtan (1-3)

10  Wa Asyeris te fè tout moun nan peyi a, ata moun ki te sou zile ki nan lanmè yo, travay kòm esklav.  Tout gwo bagay wa a te fè ak pouvwa li te genyen, ansanm ak tout ti detay yo rakonte ki montre jan Madoche+ te enpòtan, paske wa a te mete l nan yon gwo pozisyon+, èske yo pa t ekri tout bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase+ nan epòk wa peyi Medi ak peyi Pès yo+?  Paske Madoche, Juif la, te nan dezyèm pozisyon apre wa Asyeris. Li te yon moun enpòtan pami* Juif yo e tout Juif menm jan avè l yo te gen respè pou li. Li t ap travay pou byen pèp li a e pou tout desandan yo gen lapè.

Nòt anba paj

Oswa: “yon moun ki gen anpil valè pou”.