Estè 2​:​1-23

  • Y ap chèche yon nouvo rèn (1-14)

  • Estè vin rèn (15-20)

  • Madoche devwale yon konplo (21-23)

2  Apre bagay sa yo, lè kòlè wa Asyeris+ te vin bese, li te sonje sa Vachti te fè a+ e li te sonje ki desizyon yo te pran kont Vachti+.  Apre sa, mesye ki t ap sèvi wa a dirèkteman yo te di: “Yo dwe chèche jèn fi ki bèl e ki vyèj pou wa a.  E se pou wa a mete moun nan tout tèritwa wayòm li an+ pou yo rasanble tout bèl jèn fi ki vyèj yo nan sitadèl* Souz la, nan kay medam yo. Se pou yo mete medam yo sou kont Egayi+, yon sèvitè* wa a ki te responsab medam yo, e se pou yo pran swen kò medam yo* pou fè yo byen bèl.  Epi, jèn fi wa a pi renmen an ap vin rèn nan plas Vachti+.” Konsèy yo te bay la te fè wa a plezi, e li te fè sa yo te di l la.  Nan sitadèl* Souz+ la, te gen yon mesye Juif ki te rele Madoche+. Li te pitit Jayi ki pitit Chimeyi, yon desandan Kich, yon moun nan tribi Benjamen+.  Yo te pran l Jerizalèm e yo te mennen l ann egzil ak pèp la ansanm ak moun yo te egzile ak Jekónyas*+, wa Jida a, li menm Nebikadneza, wa Babilòn nan, te mennen ann egzil.  Madoche te responsab* Adasa*, ki te rele Estè tou, pitit fi frè papa l+, paske Adasa pa t gen ni manman ni papa. Jèn fi a te gen bèl fòm e li te bèl anpil. Lè papa l ak manman l te mouri, Madoche te pran l kòm pitit fi l.  Lè yo te anonse pawòl wa a te di ak lwa l te bay la e lè yo te mennen yon pakèt jèn fi nan sitadèl* Souz la bay Egayi+ ki te responsab medam yo, yo te mennen Estè tou bay Egayi, lakay* wa a.  Twouve, san Egayi te al ak jèn fi a e jèn fi a te fè l apresye l*. Se sa k fè, san pèdi tan, li te bay lòd pou yo pran swen kò jèn fi a*+ pou fè l byen bèl e pou yo ba l manje k ap bon pou li, epi li te chwazi sèt sèvant lakay wa a pou pran swen l. Li te voye Estè ansanm ak sèvant li yo al kote ki pi bon nan kay medam yo. 10  Estè pa t di anyen konsènan pèp+ li a ak fanmi l, paske Madoche+ te ba l lòd pou l pa pale sou sa ak pèsonn+. 11  Chak jou, Madoche te konn al devan lakou kay medam yo pou l pran nouvèl Estè e pou l konnen ki jan sa te ye pou li. 12  Chak jèn fi te gen lè pa l pou l antre al jwenn wa Asyeris apre l fin pase 12 mwa li te dwe pase ap pran swen an. Paske, men ki jan yo te dwe pran swen kò medam yo*: pandan sis mwa, yo te dwe pase luil ki fèt ak lami*+ sou yo e pandan sis lòt mwa, yo te dwe pase luil santi bon+ sou yo e yo te dwe pase divès kalite krèm pou fè yo bèl*. 13  Epi, jèn fi ki te pare pou l al kot wa a, yo t ap ba l nenpòt sa l mande lè l ap kite kay medam yo pou l al kay wa a. 14  Li te gen pou l antre kote wa a nan aswè, e nan maten li te gen pou l al nan dezyèm kay medam yo ki sou kont Chayachgaz, yon sèvitè* wa a+ ki te responsab madanm sou kote wa a te genyen yo. Jèn fi a pa t gen dwa al kot wa a ankò, sof si li te vrèman fè wa a plezi e wa a te voye rele l nan non l+. 15  Moman an te rive pou Estè antre al kot wa a. Estè, pitit fi Abikayil ki te tonton Madoche, li menm Madoche te pran kòm pitit fi l+, t al jwenn wa a, men li pa t mande anyen sof sa Egayi, sèvitè wa a ki te responsab medam yo, te ba l konsèy pou l pran yo. (Pandan tan sa a, tout moun ki te wè Estè te apresye l.) 16  Yo te mennen Estè kote wa Asyeris, lakay wa a, nan dizyèm mwa a, mwa Tebèt*, nan setyèm ane+ rèy wa a. 17  Epi, wa a te vin renmen Estè plis pase tout lòt medam yo, Estè te fè wa a apresye* l plis pase tout lòt fi ki te vyèj yo e se li wa a te chwazi. Konsa, wa a te mete gwo mouchwa rèn yo konn genyen an nan tèt Estè e li te mete l rèn+ nan plas Vachti+. 18  Apre sa, wa a fè yon gwo resepsyon pou tout gouvènè l yo ak sèvitè l yo. Se yon resepsyon li te fè pou Estè. Lè sa a, wa a bay lòd pou yo lage prizonye* nan tèritwa wayòm li an e li te kontinye bay moun kado, jan wa yo konn fè sa. 19  Twouve, lè yo te rasanble jèn fi ki te vyèj*+ yo yon dezyèm fwa, Madoche te chita devan pòtay kay wa a. 20  Estè pa t di anyen konsènan fanmi l ak pèp li a+, selon lòd Madoche te ba li. Estè te kontinye fè sa Madoche te di l fè, jan l te konn fè sa lè l te sou kont li+. 21  Nan epòk Madoche te konn chita devan pòtay kay wa a, Bigtan ak Terèch, de mesye ki t ap travay nan palè wa a, ki t ap veye pòtay la, te fache e yo te fè konplo pou yo touye* wa Asyeris. 22  Twouve, Madoche te vin konn sa, e menm kote a, li te di rèn Estè sa. Epi, Estè t al di wa a sa pou Madoche. 23  Lè yo te fè ankèt sou sa, yo te vin wè se te vre. Yo te pann toule de mesye yo sou yon poto, apre sa, yo te ekri tout bagay sa yo devan wa a nan liv yo te konn ekri evènman ki pase yo+.

Nòt anba paj

Oswa: “nan palè a; nan fòtrès la”.
Mo ebre a vle di yon moun yo chatre.
Oswa: “pou yo bay medam yo masaj”.
Oswa: “palè a; fòtrès la”.
Yo rele l Jewoyakin nan 2Wa 24:8.
Oswa: “okipe”.
Sa vle di: “Pye mit”. Se yon plant fèy li klere e ki fè yon seri flè blan ki gen bon sant.
Oswa: “palè a; fòtrès la”.
Oswa: “nan palè”.
Oswa: “pou yo ba l masaj”.
Oswa: “te fè l gen lanmou ki fidèl pou li”.
Oswa: “dwe ba yo masaj”.
Se yon gonm ki santi bon.
Oswa: “e yo te dwe bay medam yo masaj”.
Mo ebre a vle di yon moun yo chatre.
Oswa: “renmen”.
Oswa: “wa a bay lòd pou moun pa peye taks”.
Oswa: “jèn medam”.
Lit.: “pou yo met men sou”.