Estè 3​:​1-15

  • Wa a met Aman nan gwo pozisyon (1-4)

  • Aman fè konplo pou l detwi Juif yo (5-15)

3  Apre sa, wa Asyeris te met Aman+, pitit gason Amedata, yon desandan Agag+, nan yon pi gwo pozisyon e li te ba l plis pouvwa pase tout lòt gouvènè ki te ansanm avè l yo+.  Epi, tout sèvitè wa a ki t ap veye pòtay kay wa a te konn koube devan Aman e yo te konn bese fas atè devan l, paske se sa wa a te bay lòd pou yo fè. Men, Madoche te refize koube devan Aman epi bese fas atè devan l.  Se sa k fè sèvitè wa a te genyen ki t ap veye pòtay kay li yo te di Madoche: “Poukisa w pa respekte lòd wa a?”  Chak jou yo te konn mande l sa, men li pa t janm okipe yo. Epi, yo mande Aman pou l gade pou l wè si yo ta dwe tolere konpòtman Madoche genyen an+, paske Madoche te di yo se yon Juif li ye+.  Twouve, lè Aman wè Madoche refize koube devan l epi bese fas atè devan l, Aman te vin fache anpil+.  Men, se pa Madoche sèlman Aman te vle touye*, paske yo te pale l de pèp Madoche a. Se sa k fè Aman te kòmanse ap chèche yon fason pou l elimine tout Juif ki nan tout tèritwa wa Asyeris t ap dirije yo, sa vle di tout moun nan pèp Madoche a.  Nan premye mwa a, sa vle di nan mwa Nizan*, nan 12yèm ane+ rèy Asyeris, yo te fè tiraj osò*+ devan Aman pou yo konnen ki jou e nan ki mwa y ap fè sa, e tiraj osò a te tonbe sou 12yèm mwa a, sa vle di mwa Ada*+.  Epi, Aman di wa Asyeris konsa: “Gen yon pèp ki gaye pami tout pèp+ ki nan tout tèritwa wayòm ou an+, lwa pèp sa a pa menm ak lwa okenn lòt pèp. Monwa, yo pa obeyi lwa ou bay yo, e sa pa nan avantaj ou pou w kite moun sa yo egziste.  Monwa, si w dakò ak sa m di a, se pou w fè ekri yon dekrè pou w fè yo touye moun sa yo. Mwen menm, m ap bay moun ki nan gwo pozisyon yo 10 000 talan* ajan pou yo mete nan trezò wayòm nan pou travay sa a fèt*.” 10  Menm kote a, wa a retire bag li+ konn poze so a nan men l, li lonje l bay Aman+, pitit gason Amedata, desandan Agag la+, ki te ènmi Juif yo. 11  Wa a di Aman: “Ajan an ak pèp la nan men w, ou mèt fè sa w vle ak yo.” 12  Se konsa, 13yèm jou nan premye mwa a, yo te rasanble tout sekretè wa a+ te genyen yo. Sekretè yo te ekri+ tout lòd Aman te bay yo pou satrap* wa a te genyen yo, gouvènè ki t ap dirije tèritwa l yo ak lòt gouvènè ki t ap dirije lòt pèp yo e pou chak tèritwa, selon ekriti yo itilize, e pou chak pèp, selon lang yo pale. Yo te ekri lèt la nan non wa Asyeris e yo te poze so sou li ak bag wa a konn met so a+. 13  Yo te voye yon pakèt moun al pote lèt ale nan tout tèritwa ki sou kont wa a, ak lòd pou yo elimine, pou yo touye epi pou yo disparèt tout Juif, jèn kou granmoun, timoun ak fi, nan yon sèl jou, 13yèm jou nan 12yèm mwa a, sa vle di mwa Ada+, e pou yo pran sa yo genyen+. 14  Yo te dwe bay yon kopi lèt la nan chak tèritwa kòm yon lwa pou yo suiv e yo te dwe fè tout moun konn lwa sa a pou yo ka pare pou jou sa a. 15  Moun ki t ap pote mesaj yo te fè sa byen vit+ sou lòd wa a. Yo te bay lwa a nan sitadèl* Souz+ la. Apre sa, wa a ak Aman te chita pou yo bwè, men vil Souz te tèt anba, moun yo pa t konn sa pou yo fè.

Nòt anba paj

Lit.: “te vle met yon men sou li”.
Lit.: “pou”. Pourim se pliryèl “pou”, e se konsa yo te vin rele fèt Juif yo te konn fete nan 12yèm mwa nan kalandriye sakre yo. Gade Apendis B15.
Yon talan te peze 34,2 kg. Gade Apendis B14.
Se kapab tou: “M ap bay 10 000 talan pou yo met nan trezò wayòm nan pou moun ki fè travay sa a”.
Tit sa a vle di “moun k ap pwoteje wayòm nan”. Y ap pale la a de gouvènè tèritwa ki nan wayòm Pès yo.
Oswa: “palè a; fòtrès la”.