Estè 4​:​1-17

  • Madoche nan lapenn (1-5)

  • Madoche mande Estè pou l aji (6-17)

4  Lè Madoche+ aprann tout sa yo te fè+, li chire rad sou li, li met rad ki fèt ak twal sak sou li e li plen kò l ak sann. Apre sa, l al nan mitan vil la, li t ap kriye byen fò, ak tout fòs li.  Li pa t al pi lwen pase devan pòtay kay wa a, paske pèsonn pa t gen dwa antre nan pòtay kay wa a ak twal sak sou li.  Epi, nan chak zòn+ kote yo te fè konnen pawòl wa a te voye di yo ak dekrè l te bay la, Juif yo te nan gwo lapenn, yo pa t manje+, yo t ap kriye e yo t ap rele. Anpil ladan yo te kouche sou twal sak ak nan sann+.  Lè sèvant Estè yo ak sèvitè* l yo te antre al rakonte l sa, rèn nan te boulvèse anpil. Apre sa, rèn nan voye rad pou Madoche met sou li pou l ka retire twal sak li te gen sou li a, men Madoche te refize pran yo.  Menm kote a, Estè voye rele Atak, youn nan sèvitè* wa a, yon moun wa a te mete pou sèvi l, e li ba l lòd pou l al kot Madoche pou l mande l ki sa k genyen.  Se konsa, Atak t al kot Madoche sou plas piblik vil la, anfas pòtay kay wa a.  Madoche rakonte l tout sa k te rive l e ki kantite lajan+ Aman te pwomèt l ap bay pou yo met nan trezò wa a pou yo ka touye Juif yo+.  Mete sou sa, li te ba l yon kopi dekrè yo te bay nan Souz la+ ki fè konnen yo dwe touye Juif yo. Atak te dwe montre Estè kopi dekrè a, li te dwe esplike l li, epi mande l+ pou l antre kot wa a pou l al mande l pou l gen pitye pou yo e pou l al defann pèp li a dirèkteman devan wa a.  Atak te retounen kot Estè e li di l sa Madoche te di yo. 10  Men sa Estè te voye Atak al di Madoche+: 11  “Tout sèvitè wa a ak tout moun ki nan tout tèritwa wa a konnen si yon gason oswa yon fi ta antre nan lakou ki pa anndan+ kay wa a san wa a pa voye rele l, sèl lwa y ap aplike sou moun sa a se touye l. Sèl jan pou yo pa touye l se si wa a lonje baton annò a+ ba li. Epitou, mwen gen 30 jou depi wa a pa voye rele m.” 12  Lè yo vin di Madoche sa Estè di a, 13  li voye di Estè: “Pa panse paske w lakay wa a ou gen plis posiblite pou w sove pase tout lòt Juif yo. 14  Paske si w pa di anyen nan moman sa a, Juif yo ap jwenn sekou ak delivrans yon lòt kote+, men ou menm ak fanmi papa w, y ap touye nou. Sa k pou di w si se pa pou rezon sa a ou rive rèn+?” 15  Lè sa a, Estè voye di Madoche: 16  “Al rasanble tout Juif ki nan Souz yo, epi fè jèn*+ pou mwen. Pandan twa jou+, lajounen kou lannuit, nou pa dwe ni manje ni bwè. Mwen menm ak sèvant mwen yo n ap fè jèn tou. Mwen pral kot wa a, aktout lalwa pa pèmèt sa. Si pou m mouri, m a mouri.” 17  Epi, Madoche ale, e li te fè tout sa Estè te mande l fè yo.

Nòt anba paj

Mo ebre a vle di yon moun yo chatre.
Mo ebre a vle di yon moun yo chatre.