Estè 5​:​1-14

  • Estè parèt devan wa a (1-8)

  • Kòlè ak awogans Aman (9-14)

5  Nan twazyèm jou a+, Estè te mete rad rèn li sou li e li te kanpe nan lakou wa a, lakou ki pa anndan an, anfas kay* wa a, pandan wa a te chita sou twòn li, anndan palè a, anfas pòtay la.  Kou wa a wè rèn Estè kanpe nan lakou a, li te kontan wè l e li te lonje baton annò+ ki te nan men l lan bay Estè. Epi, Estè te pwoche kote l e li manyen pwent baton an.  Wa a mande Estè: “Rèn Estè, ki sa k pase? Ki sa w ap mande? Menmsi w ta mande mwatye nan wayòm mwen an, m ap ba ou l.”  Estè reponn: “Si sa fè w plezi, monwa, m ta renmen w vini ansanm ak Aman+ nan yon gwo resepsyon m ap fè pou ou jodi a.”  Lè sa a, wa a di mesye l yo: “Di Aman pou l vini tousuit, jan Estè mande a.” Konsa, ni wa a ni Aman t al nan gwo resepsyon Estè te fè a.  Pandan yo t ap bwè diven, wa a di Estè: “Mande m sa w vle, m ap ba ou l. Ki sa w ap mande? Menmsi w ta mande mwatye nan wayòm mwen an, m ap ba ou l+.”  Estè reponn li: “Men sa m vle e men sa m ap mande:  Si w dakò avè m, monwa, e si sa fè w plezi pou w fè sa m vle a pou mwen e pou w fè sa m mande w la, m ap mande w, monwa, pou ou menm ak Aman vin nan gwo resepsyon m ap fè pou nou demen an. Epi, demen m ap fè sa w di a, monwa.”  Jou sa a, Aman t al lakay li ak anpil kè kontan. Men, lè Aman wè Madoche nan pòtay kay wa a e li remake li pa t leve kanpe devan l ni li pa t tranble devan l, li te vin fache anpil kont Madoche+. 10  Men, Aman te kontwole tèt li e li t al lakay li. Apre sa, li rele zanmi l yo ak Zerès+, madanm li. 11  Aman te pran monte tèt li, li t ap di yo pakèt richès li genyen, pakèt pitit gason l genyen+, fason wa a te ba l plis pouvwa e li te mete l nan pi gwo pozisyon pase gouvènè yo ak sèvitè wa a genyen yo+. 12  Epi, Aman di: “Sa k pi bèl la, se sèl mwen menm ak wa a rèn Estè te envite nan gwo resepsyon li te fè a+ e li envite m ak wa a ankò demen+. 13  Men, tout sa pa anyen pou mwen toutotan m wè Juif yo rele Madoche a chita devan pòtay kay wa a.” 14  Lè sa a, Zerès, madanm li, ansanm ak tout zanmi l yo di l: “Fè met yon poto ki mezire anviwon 50 koude* kanpe. Epi, demen maten, mande wa a pou yo pann Madoche sou poto a+. Apre sa, al pran plezi w ansanm ak wa a nan resepsyon an.” Aman te renmen konsèy sa a yo te ba li a, se sa k fè li te fè yo mete poto a kanpe.

Nòt anba paj

Oswa: “palè”.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.