Estè 6​:​1-14

  • Wa a onore Madoche (1-14)

6  Pandan nuit lan, dòmi pa t ka pran wa a. Se sa k fè li te mande pou yo pote liv yo te konn ekri evènman ki te pase yo+ pou yo ka li l pou li.  Nan liv la, yo te wè sa Madoche te vin di konsènan Bigtan ak Terèch, de mesye ki t ap travay nan palè wa a, ki t ap veye pòtay la, e ki te fè yon konplo pou yo touye* wa Asyeris+.  Wa a mande: “Ki sa yo te fè pou yo onore Madoche pou sa e pou yo rekonpanse l?” Lè sa a, sèvitè ki t ap sèvi wa a dirèkteman yo reponn: “Yo pa t fè anyen pou li.”  Apre sa, wa a mande: “Kiyès ki nan lakou a?” Twouve, Aman te vin nan lakou ki pa deyò kay*+ wa a, li te vin pale ak wa a pou l ka fè pann Madoche sou poto li te fè prepare pou li a+.  Sèvitè wa yo di l: “Se Aman+ ki kanpe nan lakou a.” Epi, wa a di: “Fè l antre.”  Lè Aman antre, wa a di l: “Ki sa yo ta dwe fè pou yon moun wa a vle onore?” Aman di nan kè l: “Ki moun pou wa a ta vle onore plis pase m+?”  Epi, Aman di wa a: “Moun wa a vle onore a,  se pou yo abiye l ak rad wa a konn mete+, y ap fè moun nan monte sou yon cheval wa a konn monte e y ap mete yon foula ki sot lakay wa a sou tèt cheval la.  Apre sa, se pou yo bay youn nan gwo potanta wa a genyen yo, moun yo pi respekte a, responsab rad la ak cheval la. Sèvitè yo ap abiye moun wa a vle onore a e y ap fè l monte sou cheval la sou plas piblik ki nan vil la. Yo dwe di byen fò devan l: ‘Men sa yo fè pou moun wa a vle onore a+!’” 10  Menm kote a, wa a di Aman: “Pran rad la ak cheval la byen vit, epi fè sa w sot di a pou Madoche, Juif ki chita devan pòtay kay wa a. Pinga w bliye anyen nan sa w sot di a.” 11  Konsa, Aman pran rad la ak cheval la, li abiye Madoche+, li fè l monte sou cheval la sou plas piblik ki nan vil la e li di byen fò devan l: “Men sa yo fè pou moun wa a vle onore a!” 12  Apre sa, Madoche retounen devan pòtay kay wa a, men, Aman te kouri al lakay li, li te nan lapenn e tèt li te kouvri. 13  Lè Aman di Zerès+, madanm li, ak tout zanmi l yo sa k sot pase l yo, ni mesye ki te avè l ki gen sajès yo, ni Zerès, madanm li, te di l: “Si Madoche, ou deja kòmanse ap tonbe devan l lan, soti nan ras Juif yo, ou pap ka fè l anyen, e wè pa wè, w ap tonbe devan l.” 14  Pandan yo te kontinye ap pale avè l, mesye yo ki t ap travay nan palè wa a te vin chèche Aman byen vit pou yo mennen l nan resepsyon Estè t ap fè a+.

Nòt anba paj

Lit.: “pou yo met men sou”.
Oswa: “palè”.