Estè 7​:​1-10

  • Estè devwale konplo Aman an (1-6a)

  • Yo pann Aman sou poto li te fè prepare a (6b-10)

7  Se konsa, wa a ansanm ak Aman+ te antre al nan resepsyon rèn Estè te fè a.  Sou dezyèm jou a, pandan yo t ap sèvi diven an, wa a di Estè ankò: “Mande m sa w vle, rèn Estè, m ap ba ou l. Ki sa w ap mande? Menmsi w ta mande mwatye nan wayòm mwen an, m ap ba ou l+.”  Rèn Estè reponn: “Si w dakò avè m, monwa, e si sa fè w plezi, mwen sipliye w pou w sove lavi m* e m ap mande w pou w sove pèp+ mwen an.  Paske yo vann+ ni mwen menm ni pèp mwen an pou yo ka elimine nou+, pou yo ka touye nou e pou yo ka disparèt nou. Si se sèlman vann yo te vann nou kòm esklav, mwen pa t ap di anyen. Men, malè sa a pa dwe rive, paske sa pap nan avantaj wa a.”  Lè sa a, wa Asyeris di rèn Estè: “Ki moun ki fè sa, e kote nonm ki pèmèt li fè bagay sa a?”  Estè reponn: “Advèsè a, ènmi an, se mechan sa a yo rele Aman an.” Aman te pran tranble devan wa a ak rèn nan.  Wa a te leve kite resepsyon an, li te fache anpil e li t al nan jaden palè a. Men, Aman te leve kanpe pou l mande rèn Estè sove lavi l*, paske li rann li kont wa a te deside touye l.  Wa a retounen sot nan jaden palè a e li antre kote resepsyon an t ap fèt la, epi li wè Aman ki lage kò l sou divan kote Estè te ye a. Wa a di byen fò: “Apa misye soti tou pou l vyole rèn nan lakay mwen an!” Kou wa a fin di pawòl sa yo, yo kouvri figi Aman.  Lè sa a, Abona+, youn nan mesye ki te nan gwo pozisyon nan palè wa a, di: “Monwa, gen yon poto Aman te fè prepare pou Madoche+ ki te sove lavi w grasa enfòmasyon li te bay la+. Poto a kanpe bò kay Aman an, li mezire anviwon 50 koude* wotè.” Lè wa a tande sa, li di: “Pann li sou poto a.” 10  Se konsa, yo te pann Aman sou poto li te fè prepare pou Madoche a e kòlè wa a te bese.

Nòt anba paj

Oswa: “sove nanm mwen”.
Oswa: “sove nanm li”.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.