Estè 8​:​1-17

  • Madoche vin nan yon pi gwo pozisyon (1, 2)

  • Estè ap sipliye wa a (3-6)

  • Wa a bay yon lòt dekrè (7-14)

  • Juif yo soulaje e kè yo kontan (15-17)

8  Jou sa a, wa Asyeris te bay rèn Estè tout byen Aman+ ki te ènmi Juif yo+. Epi, Madoche te antre vin devan wa a paske Estè te fè wa a konnen li se fanmi l+.  Lè sa a, wa a retire bag li konn poze so avè l la nan dwèt li+, bag ki te nan men Aman an, li bay Madoche l. Epi, Estè bay Madoche responsab tout byen Aman yo+.  Apre sa, Estè t al pale ankò ak wa a. Li te lage kò l nan pye wa a, li t ap kriye e li t ap sipliye l pou l detounen mechanste Aman, desandan Agag la, te fè a ak konplo li te fè kont Juif yo+.  Wa a lonje baton annò a bay Estè+, konsa Estè te leve kanpe devan wa a.  Li di: “Si sa fè w plezi, monwa, si w dakò avè m, si sa parèt bon nan je w e si w kontan avè m, m ap mande w pou w fè ekri lèt pou w bay lòd pou yo anile lèt konplotè yo rele Aman an+, pitit gason Amedata, desandan Agag la+, te ekri pou l fè touye Juif nan tout tèritwa wa a genyen yo.  Paske ki jan m ap fè ret ap gade malè ki pral tonbe sou pèp mwen an e ki jan m ap fè ret ap gade jan y ap touye fanmi m yo?”  Konsa, wa Asyeris di rèn Estè ansanm ak Madoche, Juif la: “Gade! Mwen bay Estè+ tout byen Aman yo, e mwen te fè pann Aman sou poto a+, paske li te fè konplo pou l atake* Juif yo.  Kounye a, nou mèt ekri tout sa nou wè k ap bon pou Juif yo nan non mwen menm, wa a, epi poze so sou yo ak bag mwen konn poze so a, paske pèsonn pa ka chanje yon dekrè yo ekri nan non wa a e yo poze so sou li ak bag wa a konn poze so a+.”  Vrèmanvre, nan moman sa a, yo te voye rele sekretè wa a te genyen yo nan twazyèm mwa a, sa vle di nan mwa Sivan*, nan 23yèm jou nan mwa a, e sekretè yo te ekri tout lòd Madoche te bay* Juif yo ansanm ak satrap* yo+, gouvènè yo ak lòt chèf yo ki nan tèritwa yo+, soti End rive Etyopi, sètadi 127 tèritwa. Yo te voye lèt nan chak tèritwa selon ekriti yo itilize, bay chak pèp selon lang yo pale, e yo te voye lèt pou Juif yo selon ekriti yo itilize ak lang yo pale. 10  Madoche te ekri lèt la nan non wa Asyeris e li te poze so sou yo ak bag wa a konn poze so a+. Li te voye moun pote lèt yo ale sou cheval. Yo te monte cheval ki rapid anpil, cheval yo te konn itilize pou fè sèvis wa a. 11  Nan lèt sa yo, wa a te bay Juif ki nan tout vil yo pèmisyon pou yo rasanble, pou yo defann tèt* yo, pou yo elimine, touye epi disparèt nenpòt moun nan nenpòt pèp oswa nenpòt tèritwa ki vin atake yo ak zam, ni fi ni timoun, epi pran tout sa yo genyen+. 12  Sa te dwe fèt menm jou a nan tout tèritwa wa Asyeris te genyen yo, 13yèm jou nan 12yèm mwa a, sa vle di nan mwa Ada*+. 13  Yo dwe fè pawòl ki nan lèt sa a tounen yon lwa nan tout tèritwa yo. Yo dwe voye l bay tout pèp yo yon fason pou Juif yo ka pare pou yo tire revanj sou ènmi yo jou sa a+. 14  Moun ki t ap pote lèt yo te monte cheval yo te konn itilize pou fè sèvis wa a, e yo te kouri ale san pèdi tan, byen vit, sou lòd wa a. Yo te bay lwa a tou nan sitadèl* Souz+ la. 15  Twouve, Madoche te sot devan wa a, li te abiye ak yon rad ki sanble ak rad wa konn mete. Rad la te fèt ak twal koulè ble ansanm ak twal blan. Madoche te gen yon kouwòn annò sou tèt li e li te gen yon manto wouj vyolèt+ ki fèt ak twal bon kalite sou li. Epi, moun ki te nan vil Souz yo t ap rele, tèlman yo te kontan. 16  Paske, pou Juif yo, se te yon jou delivrans*, kote yo te gen kè kontan, yo t ap rejwi e yo te santi yo gen anpil valè. 17  Epi, nan tout tèritwa yo ak nan tout vil yo, tout kote dekrè wa a ak lwa l te bay la te rive, Juif yo te kontan, yo t ap rejwi, yo t ap fè gwo resepsyon e yo t ap fete. Anpil moun pami pèp ki te abite nan peyi a te fè tèt yo pase pou Juif+, paske yo te pè Juif yo anpil.

Nòt anba paj

Lit.: “paske li te lonje men l kont”.
Tit sa a vle di “moun k ap pwoteje wayòm nan”. Y ap pale la a de gouvènè tèritwa ki nan wayòm Pès yo.
Se kapab tou: “te bay konsènan”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “palè a; fòtrès la”.
Lit.: “limyè”.