Estè 9​:​1-32

  • Juif yo pot laviktwa (1-19)

  • Yo etabli fèt Pourim nan (20-32)

9  Nan 13yèm jou nan 12yèm mwa a, sa vle di nan mwa Ada*+, lè yo te dwe obeyi lòd wa a ak lwa li te bay la+, nan jou ènmi Juif yo te panse yo t apral kraze Juif yo, ebyen, se Juif yo ki te pot laviktwa sou tout moun ki te rayi yo+.  Juif yo te rasanble nan vil kote yo te abite yo, nan tout tèritwa wa Asyeris+ t ap dirije yo pou yo te ka met men sou moun ki t ap chèche fè yo mal yo, e pa gen yon moun ki te ka kanpe devan yo, paske tout moun te vin pè Juif yo+.  Epi, tout chèf ki te gen nan tèritwa yo, satrap* yo+, gouvènè yo ak moun ki t ap travay pou wa a te ede Juif yo, paske yo te pè Madoche.  Madoche te vin gen anpil pouvwa+ lakay* wa a, e tout moun nan tèritwa yo te tande pale de li, paske, tank jou t ap pase, Madoche te vin gen pi plis pouvwa.  Juif yo te vide tout ènmi yo te genyen yo atè anba kout epe, yo te touye yo, yo te elimine yo. Yo te fè sa yo vle ak moun ki te rayi yo+.  Juif yo te touye 500 moun nan sitadèl* Souz+ la, yo te fini ak yo.  Epitou, yo te touye Pachandata, Dalfon, Aspata,  Porata, Adalya, Aridata,  Pamachta, Arisayi, Aridayi ak Vayzata, 10  dis pitit gason Aman, pitit Amedata, ènmi Juif yo+, e yo pa t pran anyen nan sa moun yo te genyen+. 11  Jou sa a, yo te vin di wa a kantite moun yo te touye nan sitadèl* Souz la. 12  Wa a te di rèn Estè: “Nan sitadèl* Souz la, Juif yo te touye 500 moun ak dis pitit gason Aman yo, yo te fini ak yo. Ki sa menm yo fè nan lòt tèritwa yo+? Kounye a, mande m sa w vle, m ap ba ou l. Di m ki sa ankò pou m fè pou ou, e m ap fè l.” 13  Estè reponn: “Si sa fè w plezi, monwa+, m ap mande w pou w kite Juif ki nan Souz yo suiv menm lwa yo te suiv jodi a+, se pou yo pann dis pitit gason Aman yo sou poto+.” 14  Epi, wa a te bay lòd pou yo fè sa. Yo te pibliye yon lwa nan Souz e yo te pann dis pitit gason Aman yo. 15  Juif ki te abite nan Souz yo te rasanble ankò nan 14yèm jou nan mwa Ada+, yo te touye 300 moun nan Souz, men yo pa t pran anyen nan sa moun yo te genyen. 16  Lòt Juif yo ki te nan tèritwa wa a t ap dirije yo te rasanble tou e yo te defann tèt yo+. Yo te fini ak ènmi yo te genyen yo+ lè yo te touye 75 000 moun pami moun ki te rayi yo, men yo pa t pran anyen nan sa moun yo te genyen. 17  Sa te pase nan 13yèm jou nan mwa Ada. Nan 14yèm jou a, yo pa t fè pèsonn anyen e yo te fè jou sa a vin tounen yon jou fèt ak yon jou kè kontan. 18  Juif ki te nan Souz yo te rasanble tou nan 13yèm jou a+ ak nan 14yèm jou a+, epi yo pa t fè pèsonn anyen nan 15yèm jou a. Yo te fè jou sa a vin yon jou fèt ak yon jou kè kontan. 19  Se sa k fè Juif ki t ap viv nan vil ki andeyò kapital la te fè 14yèm jou mwa Ada a vin yon jou kè kontan ak fèt, yon jou pou moun fete+, yon moman pou youn voye manje bay lòt+. 20  Madoche+ te ekri sa k te pase yo e li te voye lèt ofisyèl bay tout Juif yo, nan tout tèritwa wa Asyeris t ap dirije yo, kit yo te pre, kit yo te lwen. 21  Li te ba yo lòd pou yo fete 14yèm jou ak 15yèm jou nan mwa Ada, chak ane, 22  paske se nan jou sa yo Juif yo te delivre anba men ènmi yo e se nan mwa sa a tristès yo te genyen an te vin tounen kè kontan, e yo pa t nan lapenn ankò+ paske se te jou pou moun fè fèt. Yo te dwe obsève jou sa yo kòm jou fèt ak jou ki bay kè kontan, kòm yon moman pou youn voye manje bay lòt e pou yo bay malere yo kichòy. 23  Epi, Juif yo te dakò pou yo kontinye fete fèt yo te kòmanse fete a e pou yo fè sa Madoche te ekri yo a, 24  paske Aman+, pitit gason Amedata, desandan Agag la+, ènmi Juif yo, te fè konplo kont Juif yo pou l detwi yo+, li te fè tiraj osò+ pou l lage yo nan latwoublay e pou l touye yo. 25  Men, lè Estè antre kot wa a, wa a te fè ekri yon lòd+, li te di: “Se pou konplo sa a li te fè kont Juif yo+ retounen kont li.” Konsa, yo te pann Aman ak pitit gason l yo sou poto+. 26  Se poutèt sa yo kontinye rele jou sa yo Pourim, yon non ki gen rapò ak mo Pou a*+. Se sa k fè, akoz tout sa ki te ekri nan lèt sa a ak sa Juif yo te wè nan sitiyasyon sa a ansanm ak sa ki te vin tonbe sou yo, 27  Juif yo te pran desizyon pou yo menm ak desandan yo ansanm ak tout moun ki te vin asosye avèk yo+ fete de jou sa yo kanmenm e pou yo fè sa yo te ekri pou yo a nan lè yo dwe fè l la, chak ane. 28  Yo te dwe sonje jou sa yo epi fete yo jenerasyon apre jenerasyon, nan chak fanmi, nan chak tèritwa e nan chak vil. Juif yo pa dwe sispann fete jou Pourim yo e desandan yo pa dwe bliye fete jou sa yo. 29  Apre sa, yo te ekri yon dezyèm lèt konsènan fèt Pourim nan, epi rèn Estè, pitit fi Abikayil, ansanm ak Madoche, Juif la, te sèvi ak pouvwa yo genyen pou fè respekte sa ki nan lèt la. 30  Madoche te voye yon seri lèt ofisyèl ki gen pawòl lapè ak laverite ladan yo bay tout Juif ki nan 127 tèritwa yo+, tèritwa wa Asyeris t ap dirije yo+, 31  pou yo pa bliye jou yo dwe fete fèt Pourim nan, nan lè yo dwe fè l la, jan Madoche, Juif la, ak rèn Estè te ba yo lòd pou yo fè sa+, e jan yo menm yo te pran desizyon ansanm ak desandan yo pou yo fè sa+, toutpandan y ap ret san manje+ e y ap lapriyè pou yo sipliye Bondye+. 32  Epi, lòd Estè te bay la te fè tout sa ki gen rapò ak fèt Pourim nan+ gen plis fòs, e yo te ekri l nan yon liv.

Nòt anba paj

Tit sa a vle di “moun k ap pwoteje wayòm nan”. Y ap pale la a de gouvènè tèritwa ki nan wayòm Pès yo.
Oswa: “palè”.
Oswa: “palè a; fòtrès la”.
Oswa: “palè a; fòtrès la”.
Oswa: “palè a; fòtrès la”.
“Pou” vle di: “Osò”. Pourim se pliryèl “Pou”, e se konsa yo te vin rele fèt Juif yo te konn fete nan 12yèm mwa nan kalandriye sakre yo. Gade Apendis B15.