Ezekyèl 2​:​1-10

  • Ezekyèl jwenn misyon antanke pwofèt (1-10)

    • “Kit yo koute, kit yo pa koute” (5)

    • Yo montre l yon woulo ki gen chante ki tris ladan l (9, 10)

2  Apre sa, li di m: “Pitit lòm*, kanpe sou de pye w pou m ka pale avè w+.”  Lè l fin di m sa, lespri Bondye antre nan mwen epi li fè m kanpe sou de pye m+ pou m te ka tande Sila a k ap pale avè m nan.  Apre sa, li di m: “Pitit lòm, m ap voye w kot pèp Izrayèl la+, kot nasyon rebèl ki te fè rebèl avè m nan+. Zansèt yo te peche kont mwen e yo menm yo kontinye ap peche kont mwen jis jodi a+.  M ap voye w kot yon seri pitit ki rebèl e ki gen tèt di+. Lè w kòmanse pale ak yo, se pou w di yo: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.’  Kanta pou yo, kit yo koute, kit yo pa koute, y ap konnen san mank te gen yon pwofèt ki te kanpe nan mitan yo+. Paske, yo se yon bann rebèl+.  “Men ou menm, pitit lòm, pinga w pè yo+ e pinga w pè pawòl y ap di yo menmsi se pye pikan ki antoure w*+ e w ap viv nan mitan eskòpyon. Pinga w pè pawòl y ap di yo+ e pinga w pè figi yo+, paske yo se yon bann rebèl.  Kit yo koute w, kit yo pa koute w, se pou w di yo sa m di yo, paske yo se yon pèp ki rebèl+.  “Men ou menm, pitit lòm, se pou w koute sa m ap di w. Pinga w vin rebèl menm jan ak pèp rebèl sa a. Se pou w ouvri bouch ou e se pou w manje sa m ap ba w la+.”  Lè m gade, mwen wè yon moun k ap lonje men l ban mwen+. Mwen te wè yon woulo* nan men l ki gen enfòmasyon ekri ladan l+. 10  Lè l te ouvri woulo a devan m, te gen enfòmasyon ki ekri ladan l ni devan ni dèyè+. Sa k te ekri yo se te yon seri chante ki tris* ak bagay ki pou fè moun nan lapenn e ki pou fè yo kriye+.

Nòt anba paj

Se premye fwa ekspresyon “pitit lòm” nan parèt nan liv Ezekyèl la, kote li parèt 93 fwa.
Se kapab tou: “menmsi moun yo gen tèt di e yo tankou pikan k ap pike w”.
Oswa: “wè woulo yon liv”.
Oswa: “chante moun chante lè gen lanmò”.