Ezekyèl 28​:​1-26

  • Pwofesi kont wa Ti a (1-10)

    • “Mwen se yon dye” (2, 9)

  • Yon chante ki tris sou wa Ti a (11-19)

    • “Ou te nan Edenn” (13)

    • “Cheriben mwen chwazi pou bay pwoteksyon an” (14)

    • “Te vin gen bagay ki pa bon nan ou” (15)

  • Pwofesi kont Sidon (20-24)

  • Moun Izrayèl yo ap tounen nan peyi yo (25, 26)

28  Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m:  “Pitit lòm, pale ak moun k ap dirije Ti a epi di l: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Kòm ou vin gen ògèy nan kè w+, ou kontinye ap di: ‘Mwen se yon dye.Mwen chita sou twòn yon dye nan mitan lanmè a+.’Men, se sèlman yon moun ou ye, ou pa yon dye,Menmsi nan kè w ou santi ou se yon dye.   Gade, ou panse w pi saj pase Dànyèl+E pa gen yon sekrè w pa konnen.   Ou vin rich grasa sajès ou ak bon jijman w,E w kontinye ap mete lò ak ajan nan trezò w+.   Ou tèlman fò nan fè komès ou vin gen anpil richès+,E se richès sa yo ki fè w vin gen ògèy nan kè w.”’  “‘Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Kòm nan kè w ou santi se yon dye w ye,   M ap fè etranje vin atake w, moun ki pi mechan ki soti nan nasyon yo+.Y ap rale epe yo e y ap detwi tout bèl bagay ou te genyen grasa sajès ou yo.Y ap fè w pèdi glwa w genyen an+.   Y ap fè w desann nan twou a*.W ap mouri yon fason vyolan nan mitan lanmè a+.   Men, èske w ap di moun ki vin touye w yo: ‘Mwen se yon dye’?Lè w tonbe nan men moun ki pa gen respè pou ou yo, lè sa a w ap wè se sèlman yon moun ou ye, ou pa yon dye.”’ 10  ‘W ap mouri tankou yon moun ki pa sikonsi e se etranje k ap touye w,Paske, mwen menm, mwen pale.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.” 11  Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 12  “Pitit lòm, chante yon chante ki tris* konsènan wa Ti a e se pou w di l: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Se ou menm ki te modèl ki montre sa pèfeksyon ye.Ou te gen anpil sajès+ e pi bèl pase w pa t genyen+. 13  Ou te nan Edenn, jaden Bondye a.Ou te gen tout kalite pyè ki koute chè sou rad ou: ribi, topaz ak jasp,Krizolit, oniks ak jad,Safi, tikwaz+ ak emwòd.Monti pou pyè sa yo te fèt ak lò.Mwen te fè yo jou mwen te kreye w la. 14  Mwen te mete w kòm cheriben mwen chwazi pou bay pwoteksyon an.Ou te sou mòn sakre Bondye a+ e w te konn mache nan mitan wòch ki tou limen. 15  Depi jou m te kreye w la, ou te fè tout bagay byenJiskaske w te vin gen bagay ki pa bon nan ou+. 16  Poutèt ou te konn fè anpil komès+,Ou te vin chaje ak vyolans e w te kòmanse peche+.Kidonk, m ap fè w soti sou mòn Bondye a akoz ou vin pa bon e m ap detwi w+.O cheriben ki t ap bay pwoteksyon an, m ap fè w soti nan mitan wòch ki tou limen yo. 17  Ou te vin gen ògèy nan kè w poutèt ou te bèl+.Glwa w te genyen an te lakòz ou pèdi sajès ou te genyen an+.M ap lage w sou tè a+.M ap fè w tounen yon espektak pou wa yo. 18  Poutèt tout peche ou te fè yo e poutèt ou te malonèt nan fason w t ap fè komès, ou te sal kote w genyen ki sakre yo.M ap limen yon dife nan mitan w e l ap boule w nèt+.M ap fè w tounen sann dife atè a devan tout moun k ap gade w yo. 19  Tout moun nan mitan pèp yo ki te konnen w ap kanpe gade w tou sezi+.W ap disparèt bridsoukou yon fason ki terib.W ap sispann egziste pou toutan+.”’” 20  Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 21  “Pitit lòm, vire fas ou nan direksyon Sidon+ epi pwofetize kont li. 22  Se pou w di: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “O Sidon, mwen kont ou. M ap bay tèt mwen glwa nan mitan w.Lè mwen pini w e mwen sèvi avè w pou m montre mwen se yon Dye ki sen, tout moun ap konnen mwen se Jewova. 23  M ap lage gwo maladi sou ou e anpil san ap koule nan lari w yo.Lè yo vin atake w ak epe nan tout direksyon, moun pa w y ap touye yo ap tonbe nan mitan w.E moun yo ap konnen mwen se Jewova+. 24  “‘“Apre sa, pèp Izrayèl la pap gen pikan ankò ki antoure l, k ap blese l e k ap fè l soufri+, anpalan de moun k ap trete l san respè yo. E moun yo ap konnen mwen se Jewova, Seyè ki Souvren an.”’ 25  “‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Lè m ap rasanble moun Izrayèl yo ki te gaye nan mitan yon pakèt nasyon+, m ap fè moun nan nasyon yo wè mwen se yon Dye ki sen+. Y ap abite nan pwòp peyi yo+, peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m nan+. 26  Y ap abite ladan l, y ap santi yo an sekirite+, y ap bati kay e y ap plante jaden rezen+. Y ap abite nan peyi a an sekirite lè m pini tout moun bò kote yo k ap trete yo san respè+ e y ap konnen mwen se Jewova, Bondye yo a.”’”

Nòt anba paj

Oswa: “nan tonm nan”.
Oswa: “yon chante moun chante lè gen lanmò”.