Ezekyèl 3​:​1-27

  • Ezekyèl dwe manje woulo Bondye ba l la (1-15)

  • Yo chwazi Ezekyèl pou l sèvi kòm moun k ap veye (16-27)

    • Neglijans fè moun koupab (18-21)

3  Apre sa li di m: “Pitit lòm, manje sa ki devan w lan*. Manje woulo sa a epi ale. Al pale ak pèp Izrayèl la+.”  Vrèmanvre, mwen ouvri bouch mwen epi li fè m manje woulo a.  Apre sa, li di m: “Pitit lòm, manje woulo sa a mwen ba ou a, plen vant ou ak li.” Vrèmanvre, mwen te kòmanse manje l e li te dous nan bouch mwen tankou siwo myèl+.  Epi li di m: “Pitit lòm, al nan mitan pèp Izrayèl la epi fè yo konnen pawòl mwen yo.  Se pa kote yon pèp ki pale yon lang ou pa ka konprann oswa ki pale yon lang ou pa konnen mwen voye w, men, se kot pèp Izrayèl la.  Mwen pa voye w kot yon pakèt moun ki pale yon lang ou pa ka konprann oswa yon lang ou pa konnen. Si se kote moun sa yo mwen te voye w, yo t ap koute w+.  Men, pèp Izrayèl la li menm pap vle koute w, paske yo pa vle koute m+. Tout moun ki nan pèp Izrayèl la se yon bann moun tèt di ki pa vle chanje+.  Gade! M ap ba w fòs pou w kanpe tennfas devan yo menm jan yo menm yo kontinye ap fè tèt di avè m+.  Mwen fè fwon w vin tankou yon dyaman, mwen fè l vin pi di pase wòch silèks+. Pinga w pè yo, ni pinga w pè figi yo+, paske yo se yon pèp ki rebèl.” 10  Apre sa, li di m: “Pitit lòm, se pou w koute tout sa m di w yo e se pou w kenbe yo nan kè w. 11  Ale nan mitan moun nan pèp ou a*+ ki ann egzil yo epi pale avèk yo. Lè w ap pale avèk yo, kit yo koute w kit yo pa koute w+, se pou w di yo: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.’” 12  Apre sa, gen yon fòs*+ ki ale avè m epi mwen tande yon gwo bri ansanm ak yon vwa dèyè m nan ki di: “Se pou yo fè lwanj pou glwa Jewova kote ki pou li a.” 13  Mwen te tande bri zèl kreyati vivan yo t ap fè pandan zèl sa yo t ap fwote youn ak lòt+, mwen te tande bri wou yo ki bò kote yo+ e yon lòt fwa ankò, mwen te tande yon gwo bri k ap gwonde. 14  Fòs la te pran m li ale avè m. Pandan m t aprale a mwen te boulvèse, mwen pa t kontan menm. Pisans Jewova te poze sou mwen avèk fòs. 15  Se konsa, mwen t al Tèlabib nan mitan moun ki ann egzil ki t ap viv bò Rivyè Keba yo+ e mwen te rete la kote yo t ap viv la. Mwen te rete nan mitan yo pandan sèt jou tankou yon moun ki gaga+. 16  Apre sèt jou, Jewova pale avè m, li di m: 17  “Pitit lòm, mwen chwazi w pou w sèvi kòm moun k ap veye pou pèp Izrayèl la+. Lè m di w yon bagay, se pou w avèti yo pou mwen+. 18  Lè mwen di yon moun ki mechan: ‘W ap mouri kanmenm,’ men ou pa ba l avètisman an, ou pa di anyen pou w avèti moun ki mechan an pou l sispann fè move bagay l ap fè yo pou l ka ret an vi+, l ap mouri pou peche l fè paske li mechan+, men m ap mande w san l*+. 19  Men, si w avèti moun ki mechan an e li pa sispann fè move bagay l ap fè yo, li pa kite move chemen li pran an, l ap mouri pou peche l fè, men ou menm, se sèten w ap sove lavi w*+. 20  Lè yon moun ki jis sispann fè sa ki dwat e li vin ap fè sa ki mal*, m ap met obstak devan l pou m fè l tonbe e l ap mouri+. Si w pa t avèti l, l ap mouri pou peche l fè e yo pap sonje bon bagay li te konn fè yo, men ou menm, m ap mande w san l*+. 21  Men, si w te avèti moun ki jis la pou l pa fè sa ki mal, e li pa fè sa ki mal, se sèten l ap ret an vi paske ou te avèti l+, e ou menm w ap sove lavi w*.” 22  Pisans Jewova vin sou mwen pandan m la a e li di m: “Leve, ale nan vale a. Se la m ap pale avè w.” 23  Vrèmanvre, mwen leve, m al nan vale a epi gade, glwa Jewova te la+, menm jan ak glwa mwen te wè bò Rivyè Keba a+. Lè sa a, mwen tonbe fas atè. 24  Apre sa, lespri Bondye antre nan mwen epi li fè m kanpe sou de pye m+. Apre sa, Bondye pale avè m, li di m: “Ale, fèmen kò w anndan lakay ou. 25  Kanta pou ou, o pitit lòm, y ap mare w ak kòd yon fason pou w pa ka soti al nan mitan yo. 26  E m ap fè lang ou kole anndan bouch ou, w ap vin bèbè e w pap kapab blame yo. Paske, yo se yon pèp ki rebèl. 27  Men, lè m pale avè w, m ap ouvri bouch ou e se pou w di yo+: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.’ Se pou moun k ap koute a koute+ e se pou moun ki pap koute a pa koute, piske yo se yon pèp ki rebèl+.

Nòt anba paj

Lit.: “manje sa w jwenn”.
Lit.: “nan mitan pitit gason pèp ou a”.
Mo ki nan lang orijinal la kapab gen rapò ak lespri Bondye oswa ak yon zanj.
Oswa: “m ap rann ou responsab san l”.
Oswa: “sove nanm ou”.
Oswa: “fè enjistis”.
Oswa: “m ap rann ou responsab san l”.
Oswa: “sove nanm ou”.