Ezekyèl 30​:​1-26

  • Pwofesi kont Ejip (1-19)

    • Nebikadneza gen pou l atake Ejip (10)

  • Bondye kraze fòs Farawon (20-26)

30  Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m:  “Pitit lòm, se pou w pwofetize. Se pou w di: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Se pou n rele byen fò pou n di: ‘Elas, jou a rive!’   Jou a toupre! Wi, gen yon jou Jewova ki toupre+.Se ap yon jou fènwa pwès+, yon tan l fikse pou l jije nasyon yo+.   Ènmi ap vin atake Ejip ak epe, e moun Etyopi yo ap panike lè moun Ejip yo tonbe anba kout epe.Yo pran richès Ejip yo, yo kraze fondasyon l yo+.   Ni moun Etyopi yo+, ni desandan Pout yo+, ni desandan Loud yo, ni bann lòt moun yo*,Ni moun Koub yo, ni moun ki sot nan peyi ki te fè alyans avè m nan*,Yo tout ap tonbe anba kout epe.”’   Men sa Jewova di:‘Moun k ap soutni Ejip yo ap tonbe tou.Ejip ap pèdi pouvwa l genyen ki fè l awogan an+.’ “‘Moun nan peyi a ap tonbe anba kout epe soti Migdòl+ rive Syèn+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.  ‘Peyi yo a ap tounen peyi ki pi vid ki te ka genyen e vil li yo ap tounen vil ki pi devaste ki te ka genyen+.  Lè m met dife nan peyi Ejip e lè m kraze tout moun ki t ap ede l yo, lè sa a, y ap konnen mwen se Jewova.  Nan jou sa a, m ap voye moun pote mesaj nan bato pou m fè moun Etyopi yo ki twò kwè nan tèt yo tranble. Y ap panike nèt lè jou sa a rive sou Ejip, paske, jou sa a ap rive kanmenm.’ 10  “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘M ap sèvi ak Nebikadneza*, wa Babilòn nan, pou m fini ak moun Ejip yo+. 11  Li menm ak sòlda l yo, yo menm ki pi mechan nan mitan nasyon yo+, ap vin nan peyi a pou yo detwi l. Y ap atake Ejip ak epe e peyi a ap chaje ak kadav moun yo touye+. 12  M ap fè kanal Rivyè Nil yo+ tounen tè sèk e m ap lage peyi a nan men yon seri moun ki mechan. M ap sèvi ak etranje pou m fini ak peyi a e ak tout sa k ladan l+. Se mwen menm, Jewova, ki di sa.’ 13  “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘M ap detwi zidòl ki bay degoutans* yo tou, san wete dye san valè ki Nòf* yo+. Pap gen Ejipsyen k ap prens* ankò nan peyi Ejip. Se laperèz m ap fè gen nan peyi a+. 14  M ap fè Patwòs vin vid+, m ap limen yon dife nan Sowan e m ap pini No*+. 15  M ap vide kòlè m sou Sin, fòtrès Ejip la, e m ap detwi tout moun ki nan No. 16  M ap limen yon dife nan peyi Ejip, laperèz ap anvayi Sin, y ap kraze No e y ap atake Nòf* gwo lajounen. 17  Jèn gason ki nan vil On* e ki Pibesèt yo ap tonbe anba kout epe e rès moun ki nan vil yo pral ann egzil. 18  Lè m kase jouk Ejip la nan Tapanès, ap gen fènwa gwo lajounen kote sa a+. Ejip ap pèdi pouvwa l genyen ki fè l awogan an+, nyaj ap kouvri l e moun ki nan vil li yo pral ann egzil+. 19  M ap pini Ejip e moun yo ap konnen mwen se Jewova.’” 20  Nan 11yèm ane a, nan premye mwa a, nan setyèm jou nan mwa a, Jewova pale avè m, li di m: 21  “Pitit lòm, mwen kase yon ponyèt Farawon, wa Ejip la. Pèsonn pap mare l pou l ka geri e pèsonn pap bande l pou l ka gen ase fòs pou l kenbe yon epe.” 22  “Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Mwen kont Farawon, wa Ejip la+. M ap kase ponyèt li, ni sa k gen fòs la ni sa k kase deja a+, e m ap fè epe a sot tonbe nan men l+. 23  Apre sa, m ap gaye Ejipsyen yo nan mitan nasyon yo, wi, m ap gaye yo nan divès peyi+. 24  M ap bay ponyèt wa Babilòn+ nan fòs* e m ap mete epe m nan men l+. M ap kase ponyèt Farawon e l ap gen pou l jemi devan l* tankou yon moun ki prèt pou l mouri. 25  M ap bay ponyèt wa Babilòn nan fòs, men ponyèt Farawon ap febli. Lè mwen mete epe m nan men wa Babilòn nan, lè l sèvi avè l pou l frape peyi Ejip, lè sa a y ap konnen mwen se Jewova+. 26  M ap gaye Ejipsyen yo nan mitan nasyon yo, wi, m ap gaye yo nan divès peyi+. Lè sa a, y ap konnen mwen se Jewova.’”

Nòt anba paj

Oswa: “ni tout moun ki soti nan lòt nasyon yo”.
Petèt, y ap pale de Izrayelit ki t ap soutni Ejip yo.
Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.
Oswa: “chèf”.
Oswa: “Menmfis”.
Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.
Anpalan de Tebès.
Oswa: “Menmfis”.
Anpalan de Elyopolis.
Oswa: “M ap bay wa Babilòn nan plis pouvwa”.
Sa vle di devan wa Babilòn nan.