Ezekyèl 32​:​1-32

  • Yon chante ki tris sou Farawon ak Ejip (1-16)

  • Ejip antere ak moun ki pa sikonsi (17-32)

32  Nan 12yèm ane a, nan 12yèm mwa a, nan premye jou nan mwa a, Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m:  “Pitit lòm, chante yon chante ki tris* pou Farawon, wa Ejip la, e se pou w di l: ‘Ou te tankou yon jenn lyon ki gen fòs* nan mitan nasyon yo,Men, yo fè w pe bouch ou.Ou te tankou yon gwo bèt lanmè+ k ap bat kò w nan rivyè w yo,K ap leve labou ak pye w nan dlo rivyè yo pou w sal yo.’   Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:‘M ap sèvi ak yon pakèt nasyon pou m voye filè m sou ou,E y ap rale w monte nan filè m nan.   M ap abandone w nan peyi a.M ap voye w jete nan savann nan.M ap fè tout zwazo nan syèl la vin rete sou ou,E m ap fè bèt sovaj ki toupatou sou tè a manje w pou jis vant yo plen+.   M ap voye vyann ou sou mòn yo,E m ap plen vale yo ak sa k rete nan kadav ou+.   M ap fè san k ap ponpe sot nan ou a wouze tout peyi a rive jis sou mòn yo,E l ap plen rivyè yo.’   ‘Lè w fin disparèt nèt, m ap bare syèl la e m ap fè zetwal yo vin tou nwa.M ap bare solèy la avèk nyaj,E lalin nan pap bay limyè+.   Poutèt ou menm, m ap fè tout limyè ki nan syèl la vin tou nwa,E m ap lage peyi w la nan fènwa.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.   ‘M ap fè anpil moun gen lapenn nan kè yo lè m mennen moun ou yo ann egzil lakay lòt nasyon,Nan peyi ou pa t konnen+. 10  M ap fè anpil pèp sezi.Lè m leve epe m nan devan je wa k ap dirije pèp sa yo pou m frape w, y ap tranble tèlman y ap pè.Jou w tonbe a,Y ap tranble san rete paske y ap pè pou yo pa pèdi lavi yo.’ 11  Paske, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:‘Epe wa Babilòn nan ap vin frape w+. 12  M ap fè moun ou yo tonbe anba kout epe sòlda vanyan yo,Sòlda ki pi mechan ki genyen nan mitan nasyon yo+.Y ap fè Ejip pèdi fyète l e y ap elimine tout moun li yo+. 13  M ap touye tout bèt li yo bò dlo l yo ki anpil+.Konsa, okenn pye moun ak zago bèt pap sal dlo yo ankò+.’ 14  ‘Lè sa a, m ap fè dlo yo vin pwòp,E m ap fè rivyè yo koule tankou luil.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 15  ‘Lè m fè peyi Ejip vin tankou yon dezè, lè m fè yo pran tout sa l gen ladan l+,Lè m fin touye tout moun k ap viv anndan l,Lè sa a, y ap konnen mwen se Jewova+. 16  Chante sa a se yon chante ki tris e moun ap chante l san mank.Medam nan nasyon yo ap chante l.Y ap chante l pou Ejip ak pou tout moun li yo.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.” 17  Apre sa, nan 12yèm ane a, nan 15yèm jou nan mwa a, Jewova pale avè m, li di m: 18  “Pitit lòm, se pou w rele pou moun Ejip yo e se pou w fè konnen Ejip ap desann anba tè ansanm ak moun k ap desann nan twou a*, ni li menm ni moun ki nan nasyon ki pisan yo. 19  “‘Ou pi bèl pase kiyès? Se pou w desann e se pou w al kouche bò kote moun ki pa sikonsi yo.’ 20  “‘Ejipsyen yo ap mouri anba kout epe+. Epe ap fini ak peyi Ejip. Trennen l ale ak tout moun ki avè l yo. 21  “‘Pandan sòlda ki pi vanyan ki genyen yo byen fon nan Tonm nan*, y ap pale avè l ansanm ak moun k ap ede l yo. Wè pa wè, y ap mouri anba kout epe, y ap desann anba tè e y ap kouche menm jan ak moun ki pa sikonsi yo. 22  Asiri la ansanm ak foul moun li yo. Tonm moun Asiri yo toutotou wa yo a. Yo tout te mouri anba kout epe+. 23  Tonm moun Asiri yo byen fon nan twou a*, foul moun Asiri yo kouche toutotou tonm Asiri a. Yo tout te mouri anba kout epe poutèt yo t ap simen laperèz lè yo te vivan. 24  “‘Elam+ la tou e tout moun li yo toutotou tonm li an. Yo tout te tonbe anba kout epe. Moun ki te konn simen laperèz lè yo te vivan yo desann anba tè san sikonsi. Yo desann anba tè nan lawont ansanm ak moun k ap desann nan twou a*. 25  Yo met yon kabann pou li nan mitan moun yo touye yo e tout moun li yo toutotou tonm li an. Yo youn pa t sikonsi, yo te mouri anba kout epe paske yo t ap simen laperèz lè yo te vivan. Kounye a, yo desann anba tè nan lawont ansanm ak moun k ap desann nan twou a*. Yo mete l nan mitan moun ki mouri anba kout epe yo. 26  “‘Se la Mechèk ak Toubal+ ye ansanm ak tout moun yo* te genyen yo. Tonm moun yo te genyen yo toutotou tonm wa yo a. Yo youn pa t sikonsi, yo te mouri anba kout epe poutèt yo t ap simen laperèz lè yo te vivan. 27  Èske yo pap kouche menm kote ak sòlda vanyan ki pa sikonsi ki tonbe yo, ki desann nan Tonm nan* ansanm ak zam yo t ap fè lagè yo? Y ap mete epe yo anba tèt yo* e pinisyon y ap resevwa pou peche yo te fè yo ap gen konsekans menm sou zo yo. Paske, sòlda vanyan sa yo te konn simen laperèz lè yo te vivan. 28  Men kanta pou ou, y ap kraze w nan mitan moun ki pa sikonsi yo e w ap kouche bò kote moun ki mouri anba kout epe yo. 29  “‘Edòm+ la tou ansanm ak wa l yo ak chèf li yo. Yo te mete yo kouche nan mitan moun ki mouri anba kout epe yo, malgre se te yon bann gason vanyan. Yo menm tou y ap kouche bò kote moun ki pa sikonsi yo+ e bò kote moun k ap desann nan twou a*. 30  “‘Se la tout prens* ki te nan nò yo ye. Yo la ansanm ak moun Sidon yo+. Yo desann anba tè nan lawont ansanm ak moun ki mouri anba kout epe yo malgre yo te konn simen laperèz paske yo te vanyan. Y ap kouche bò kot moun ki te mouri anba kout epe yo san sikonsi, y ap desann anba tè nan lawont ansanm ak moun k ap desann nan twou a*. 31  “‘Farawon ap wè yo tout e l ap jwenn konsolasyon pou tout sa ki te rive moun li yo+. Farawon ak tout lame l la ap peri anba kout epe.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 32  “‘Farawon ansanm ak tout moun li yo ap repoze bò kot moun ki pa sikonsi yo, moun ki te mouri anba kout epe yo, akoz li t ap simen laperèz lè l te vivan.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”

Nòt anba paj

Oswa: “yon jenn lyon ki gen krinyè”.
Oswa: “yon chante moun chante lè gen lanmò”.
Oswa: “nan tonm nan”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “nan tonm nan”.
Oswa: “nan tonm nan”.
Oswa: “nan tonm nan”.
Lit.: “li”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Petèt, y ap pale de sòlda yo te antere avèk epe yo toutpandan yo te onore yo antanke sòlda.
Oswa: “nan tonm nan”.
Oswa: “chèf”.
Oswa: “nan tonm nan”.