Ezekyèl 42​:​1-20

  • Lokal kote salamanje yo ye a (1-14)

  • Yo mezire toule kat fasad tanp lan (15-20)

42  Apre sa, li mennen m nan lakou ki deyò a, nan direksyon nò+. Annapre, li mennen m nan lokal kote salamanje yo ye a. Lokal sa a te bò kote espas ki vid la+ e li te nan direksyon nò parapò ak gwo kay la ki te toupre l+.  Lè l te mezire longè lokal sa a sou bò nò, ki te gen yon antre, li te jwenn 100 koude*. Lajè l se te 50 koude.  Lokal sa a te ant espas vid ki nan lakou ki anndan an e ki mezire 20 koude lajè+ ak pati ki pave ki nan lakou ki deyò a. Lokal la te gen twa nivo e galri l yo te youn anfas lòt.  Pa devan salamanje* yo te gen yon pasaj pou moun mache+. Lajè l se te 10 koude e longè l se te 100 koude*. Antre salamanje yo te sou bò nò.  Salamanje ki te anwo nèt yo te pi piti pase ni sa ki anba nèt yo ni sa ki nan etaj nan mitan an paske galri anwo yo te pran plis espas.  Salamanje yo te sou twa nivo, men yo pa t gen poto pilye menm jan ak poto ki nan lakou yo. Se sa k fè, salamanje ki anwo nèt yo te pi piti pase ni sa ki anba nèt yo ni sa ki nan etaj nan mitan an.  Salamanje ki bay sou lakou ki deyò a e ki anfas lòt salamanje yo te gen yon mi an wòch bò kote yo ki te mezire 50 koude longè.  Paske, longè salamanje ki te toupre lakou ki deyò a se te 50 koude, alòske longè salamanje ki te sou bò tanp lan se te 100 koude.  Te gen yon antre nan direksyon lès ki te pèmèt moun ki soti nan lakou ki deyò a antre nan salamanje yo. 10  Sou bò sid tanp lan, toupre espas vid la ak gwo kay la, te gen salamanje tou pa dèyè* mi an wòch ki te bay nan direksyon lès la+. 11  Espas pou moun mache ki devan salamanje sa yo te menm jan ak sa ki devan salamanje ki sou bò nò tanp lan+. Salamanje yo te menm longè, menm lajè e kote pou moun soti yo te menm gwosè. Yo te fèt menm jan. Kote pou antre nan salamanje ki sou bò nò tanp lan 12  te menm jan ak kote pou antre nan salamanje ki sou bò sid tanp lan. Te gen yon antre nan pwent mi an wòch ki bay nan direksyon lès la, kote yon moun te kapab antre, e se la pasaj pou moun mache a te kòmanse+. 13  Apre sa, li di m: “Salamanje ki nan direksyon nò yo ak salamanje ki nan direksyon sid yo ki toupre espas vid yo+ se salamanje ki sen yo ye. Se la prèt ki pwoche bò kote Jewova yo manje ofrann ki sen anpil yo+. Se la yo mete ofrann ki sen anpil yo, manje angren moun yo ofri yo, sakrifis pou peche yo ak sakrifis moun bay poutèt yo koupab. Paske, kote sa a sen+. 14  Lè prèt yo antre nan kote ki sen yo, yo pa dwe soti kote sa yo pou y al nan lakou ki deyò a ak rad yo te gen sou yo pandan yo t ap fè sèvis yo+, paske, rad sa yo sen. Anvan yo soti nan lakou ki deyò a, se pou yo retire rad sa yo sou yo. Y ap met lòt rad sou yo pou yo ka ale kote lòt moun yo ka antre yo.” 15  Apre l fin mezire tout anndan kote tanp lan ye a*, li soti avè m nan pòtay ki bay nan direksyon lès la+ e li mezire tout zòn nan nèt. 16  Li te mezire bò ki bay nan direksyon lès la ak yon wozo* pou mezire. Sot nan yon bò al nan lòt bò a, kote a te mezire 500 wozo, dapre wozo li t ap mezire avè l la. 17  Li te mezire bò ki bay nan direksyon nò a e longè l se te 500 wozo, dapre wozo li t ap mezire avè l la. 18  Li te mezire bò ki bay nan direksyon sid la e longè l se te 500 wozo, dapre wozo li t ap mezire avè l la. 19  Apre sa, li vire al nan bò ki bay nan direksyon lwès la. Lè li te mezire longè l, li te jwenn 500 wozo, dapre wozo li t ap mezire avè l la. 20  Li te mezire tout zòn sa a sou toule kat bò. Zòn sa a te gen yon mi toutotou l+. Longè mi an ak lajè l se te 500 wozo+. Mi an te la pou fè yon separasyon ant zòn ki sen an ak zòn ki pa sen an+.

Nòt anba paj

Y ap pale de koude ki long nan. Gade Apendis B14.
Oswa: “chanm”.
Selon tradiksyon Septant lan, an grèk, “100 koude longè”. Tèks ann ebre a di: “Yon pasaj ki te mezire yon koude.” Gade Apendis B14.
Lit.: “nan lajè”.
Lit.: “mezire kay anndan an”.