Ezekyèl 44​:​1-31

  • Pòtay ki bay nan direksyon lès la dwe ret fèmen (1-3)

  • Lwa konsènan etranje yo (4-9)

  • Lwa pou Levit yo ak prèt yo (10-31)

44  Li fè m tounen bò pòtay tanp lan, sa ki deyò a, ki bay nan direksyon lès+, men pòtay la te fèmen+.  Apre sa, Jewova di m: “Pòtay sa a ap ret fèmen. Yo pa dwe ouvri l e okenn moun pap pase ladan l, paske Jewova, Bondye Izrayèl la, te pase ladan l+. Se sa k fè li dwe ret fèmen.  Men, chèf la ap chita nan pòtay la pou l manje pen devan Jewova+, paske se yon chèf li ye. Lè l ap antre, l ap pase sou galri pòtay la, e se la l ap pase tou lè l ap soti+.”  Apre sa, li fè m pase nan pòtay ki bay nan direksyon nò a pou m al devan tanp lan. Lè m gade, mwen wè glwa Jewova te ranpli tanp Jewova a+. Lè sa a, mwen tonbe fas atè+.  Epi, Jewova di m: “Pitit lòm, byen suiv*, byen gade epi byen koute tout sa m ap di w konsènan kòmandman ak lwa ki gen rapò ak tanp Jewova a. Byen gade antre tanp lan ak tout kote moun pase pou yo soti ladan l+.  Men sa pou w di moun Izrayèl yo ki se yon bann rebèl: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Li lè pou nou sispann pratike bagay ki bay degoutans n ap fè yo, o nou menm moun Izrayèl yo.  Lè nou fè etranje antre nan tanp mwen an alòske yo pa sikonsi e kè yo pa sikonsi, yo sal li. N ap ofri m pen, grès bèt ak san alòske nou vyole alyans mwen fè avèk nou an lè n ap pratike bagay ki bay degoutans.  Nou pa pran swen bagay sakre m yo+. Men, nou met lòt moun fè travay ki dwe fèt nan tanp mwen an.”’  “‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Okenn etranje ki gen kè yo ki pa bon e ki pa sikonsi k ap viv ann Izrayèl pa dwe antre nan tanp mwen an.”’ 10  “‘Men, Levit ki te ale lwen m+, lè moun Izrayèl yo te ale lwen m pou yo sèvi zidòl yo ki bay degoutans*, ap sibi konsekans erè yo te fè a. 11  Apre sa, y ap sèvi nan tanp mwen an. Y ap veye pòtay tanp lan+ e y ap fè lòt sèvis ankò. Y ap touye bèt moun nan pèp la bay kòm sakrifis yo boule nèt yo ansanm ak bèt yo bay pou lòt sakrifis e y ap kanpe devan moun yo pou yo sèvi yo. 12  Kòm yo te sèvi moun Izrayèl yo devan zidòl yo ki bay degoutans, kòm yo te fè yo tonbe nan peche+, se sa k fè mwen leve men m e mwen fè sèman y ap sibi konsekans erè yo te fè a.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 13  ‘Yo pa gendwa pwoche devan m pou yo sèvi m antanke prèt, yo pa gendwa pwoche bò kot okenn nan bagay ki sakre oubyen ki sakre anpil yo. Se pou yo wont poutèt bagay ki bay degoutans yo te fè yo. 14  Men, m ap ba yo kèk responsablite nan tanp lan pou yo fè sèvis yo ladan l e pou yo fè tout travay ki dwe fèt ladan l+.’ 15  “‘Kanta pou Levit ki prèt yo, pitit gason Zadòk yo+, ki te ret travay nan tanp mwen an lè moun Izrayèl yo te ale lwen m yo+, y ap pwoche kote m pou yo sèvi m e y ap kanpe devan m pou yo ofri m grès+ bèt ak san+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 16  ‘Se yo menm k ap antre anndan tanp mwen an. Y ap pwoche bò kot tab mwen an pou yo sèvi m+, y ap fè travay yo gen pou yo fè pou mwen yo+. 17  “‘Men, lè yo antre nan pòtay lakou ki anndan an, se pou yo gen rad len yo sou yo+. Lè y ap sèvi m nan pòtay lakou ki anndan an oswa nan lakou ki anndan an, yo pa dwe gen rad lenn sou yo. 18  Se ak mouchwa len pou yo mare tèt yo e se kalson len yo dwe gen sou yo+. Yo pa dwe mete anyen sou yo k ap fè yo swe. 19  Anvan yo soti al nan lakou ki deyò a, lakou kote pèp la ye a, yo dwe retire rad yo te genyen sou yo pandan yo t ap sèvi m nan+ e yo dwe mete yo nan salamanje* ki sen yo+. Apre sa, y ap met lòt rad sou yo yon fason pou yo pa fè pèp la vin sen grasa rad ki sou yo. 20  Yo pa dwe kale tèt yo+ ni yo pa dwe kite cheve ki nan tèt yo vin long. Se pou yo byen fè cheve yo. 21  Prèt yo pa dwe bwè diven anvan yo antre nan lakou ki anndan an+. 22  Yo pa dwe marye ak yon vèv oswa ak yon fi ki divòse+. Men yo kapab marye ak yon vyèj pami desandan Izrayèl yo oswa ak yon vèv ki te madanm yon prèt+.’ 23  “‘Yo dwe fè pèp mwen an konnen diferans ki genyen ant sa ki sen ak sa ki pa sen e yo dwe fè yo konnen diferans ki genyen ant sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp+. 24  Yo dwe sèvi kòm jij+ e yo dwe jije selon kòmandman m yo+. Se pou yo suiv lwa m yo ak kòmandman mwen bay konsènan tout fèt mwen yo+ e se pou yo konsidere saba m yo kòm bagay ki sakre. 25  Yo pa dwe pwoche pre kadav yon moun. Si yo fè sa, y ap vin pa pwòp. Men, yo ka aksepte pou yo vin pa pwòp pou papa yo, manman yo, pitit gason yo, pitit fi yo, frè yo oswa yon sè yo ki pa marye+. 26  Apre yon prèt vin pwòp ankò, y ap kite sèt jou pase anvan l rekòmanse fè sèvis li. 27  Jou li antre nan kote ki sakre a, nan lakou ki anndan an, pou l fè sèvis li nan kote ki sakre a, l ap vini ak bèt l ap ofri pou tèt li kòm sakrifis pou peche a+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 28  “‘Prèt yo ap gen yon eritaj. Se mwen menm ki eritaj yo+, nou pa dwe ba yo anyen kòm byen pa yo ann Izrayèl, paske se mwen menm yo genyen kòm eritaj pa yo. 29  Se yo menm k ap manje manje angren moun yo ofri yo+, sakrifis pou peche yo ak sakrifis moun ofri poutèt yo koupab yo+. Tout sa moun Izrayèl yo met apa pou yon sèvis sakre, se pou yo bagay sa yo ap ye+. 30  Premye danre nou ofri ki pi bon yo ak tout kalite ofrann nou fè se pou prèt yo y ap ye+. Nou dwe bay prèt yo premye grenn nou moulen yo+. Sa ap fè moun lakay nou jwenn benediksyon+. 31  Prèt yo pa dwe manje okenn zwazo ak lòt bèt yo jwenn ki tou mouri oswa yon bèt sovaj te dechire+.’

Nòt anba paj

Lit.: “fikse kè w”.
Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.
Oswa: “chanm”.