Ezekyèl 46​:​1-24

  • Ofrann pou yo fè nan kèk sikonstans (1-15)

  • Enstriksyon konsènan eritaj chèf la (16-18)

  • Kote pou yo bouyi vyann sakrifis yo (19-24)

46  “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Pòtay lakou ki anndan an ki bay nan direksyon lès la+ dwe ret fèmen+ pandan sis jou travay yo+, men, se pou yo ouvè l nan jou saba a ak nan jou nouvèl lin nan.  Lè chèf la ap antre nan pòtay la, l ap antre sou bò kote galri a+ ye a e l ap kanpe bò kot chanbrann pòtay la. Prèt yo ap ofri sakrifis chèf la ap boule nèt la ansanm ak sakrifis kominyon* l yo. Chèf la ap pwostène nan espas ki nan antre pòtay la epi apre sa l ap soti. Men, se lè l aswè yo dwe fèmen pòt la.  Moun yo nan peyi a tou ap pwostène devan Jewova nan antre pòtay sa a nan jou saba yo ak nan jou nouvèl lin yo+.  “‘Nan jou saba a, se sis ti mal mouton ki pa gen okenn domaj ak yon gwo mal mouton ki pa gen okenn domaj chèf la ap prezante devan Jewova kòm sakrifis l ap boule nèt+.  Pou gwo mal mouton an, l ap ofri yon efa* manje angren. Pou ti mal mouton yo, l ap ofri kantite manje angren li kapab. Mete sou sa, pou chak efa manje angren l ap ofri, l ap ofri yon hin* luil+.  Nan jou nouvèl lin nan, chèf la ap ofri yon jenn towo bèf, sis ti mal mouton ak yon gwo mal mouton. Bèt sa yo pa dwe gen okenn domaj+.  Pou jenn towo bèf la, l ap ofri yon efa manje angren. Pou gwo mal mouton an, l ap ofri yon efa manje angren. Pou ti mal mouton yo, kòm manje angren, l ap ofri sa l kapab. Pou chak efa manje angren l ap ofri, li dwe ofri yon hin luil.  “‘Lè chèf la ap antre nan pòtay la, l ap antre sou bò kote galri a ye a. Se sou bò sa a tou l ap soti+.  Lè moun yo nan peyi a vin devan Jewova nan epòk fèt yo+, moun ki pase nan pòtay ki bay nan direksyon nò a+ lè y ap antre pou yo adore dwe soti nan pòtay ki bay nan direksyon sid la+. E moun ki pase nan pòtay ki bay nan direksyon sid la dwe soti nan pòtay ki bay nan direksyon nò a. Pèsonn pa dwe tounen al pase nan pòtay yo te antre a lè y ap soti. Se pou yo soti nan pòtay ki anfas pòtay yo te antre a. 10  Chèf ki nan mitan yo a ap antre avèk yo lè y ap antre e l ap soti avèk yo lè y ap soti. 11  Pandan fèt yo e pandan epòk ki gen fèt yo, l ap ofri yon efa manje angren pou jenn towo bèf la, yon efa manje angren pou gwo mal mouton an ak kantite manje angren li kapab pou ti mal mouton yo. L ap ofri yon hin luil pou chak efa manje angren li ofri+. 12  “‘Si chèf la ap ofri Jewova yon sakrifis yo boule nèt+ oswa l ap ofri l sakrifis kominyon paske kè l pouse l fè sa, y ap ouvri pòtay ki bay nan direksyon lès la pou li. L ap ofri sakrifis pou yo boule nèt la ansanm ak sakrifis kominyon l yo menm jan l fè sa nan jou saba a+. Lè l soti l ale, y ap fèmen pòtay la+. 13  “‘Chak jou, se pou w bay yon ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis y ap boule nèt pou Jewova+, e w ap fè sa chak maten. 14  Chak maten, se pou w bay yon sizyèm efa manje angren ansanm avè l kòm ofrann e se pou w bay yon tyè hin luil pou wouze farin bon kalite a. Se yon manje angren ou dwe ofri Jewova regilyèman. Se yon kòmandman k ap la pandan lontan. 15  Se pou yo pote ti mal mouton an, manje angren y ap bay kòm ofrann nan ak luil la chak maten. Se yon sakrifis yo dwe boule nèt regilyèman.’ 16  “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Si chèf la fè chak pitit gason l kado yon eritaj, eritaj sa a ap rete pou pitit gason l yo. Se eritaj pa yo l ap ye. 17  Men, si chèf la fè youn nan sèvitè l yo kado yon pòsyon nan eritaj li, sa l fè sèvitè l la kado a ap pou sèvitè a jiskaske Ane Liberasyon an rive+. Lè sa a sèvitè a ap remèt chèf la pòsyon chèf la te ba li nan eritaj li a. Se sèlman eritaj chèf la bay pwòp pitit gason l yo k ap rete pou pitit gason l yo pou toutan. 18  Chèf la pa dwe met okenn moun deyò sou tè yo genyen pou l ka pran tè sa yo kòm byen pa l. Se tè pa l li dwe bay pitit gason l kòm eritaj. Konsa, li pap mete okenn moun nan pèp mwen an deyò sou tè yo.’” 19  Apre sa, li fè m pase nan antre+ ki mennen nan salamanje prèt yo, salamanje* ki sen ki nan direksyon nò a+, bò pòtay la. Pandan m la, mwen wè yon kote ki pa dèyè nèt nan direksyon lwès. 20  Epi, li di m: “Se la prèt yo ap bouyi vyann sakrifis moun yo ofri poutèt yo koupab ak vyann sakrifis pou peche yo. Se la tou y ap kuit manje angren moun yo bay kòm ofrann yo+. Konsa, yo pap bezwen pote anyen al nan lakou ki deyò a e yo pap fè moun ki nan pèp la vin sen+.” 21  Apre sa, li mennen m nan lakou ki deyò a epi li fè m pase bò kot kat kwen lakou a. Nan chak kwen lakou ki deyò a, mwen te wè yon ti lakou. 22  Ti lakou ki te nan chak kwen yo te mezire 40 koude* longè sou 30 koude lajè. Toule kat te menm gwosè*. 23  Te gen yon seri ti miray* ki antoure chak ti lakou sa yo e nan pye ti miray yo te gen kote pou yo bouyi vyann bèt moun yo ofri. 24  Apre sa, li di m: “Se nan kote sa yo moun k ap sèvi nan tanp lan bouyi vyann bèt pèp la bay kòm sakrifis yo+.”

Nòt anba paj

Oswa: “Ofrann lapè”.
Oswa: “chanm”.
Y ap pale de koude ki long nan. Gade Apendis B14.
Yo toule kat ansanm ak sa yo konstwi nan kwen yo te menm gwosè.
Oswa: “yon seri ranje”.