Ezekyèl 7​:​1-27

  • Lafen an rive (1-27)

    • Yon sèl malè (5)

    • Y ap voye lajan nan lari (19)

    • Y ap derespekte tanp lan (22)

7  Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m:  “Ou menm, pitit lòm, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di peyi Izrayèl: ‘Lafen an rive! Lafen an rive sou kat kwen peyi a.  Kounye a, lafen an rive sou ou. M ap vide kòlè m sou ou. M ap jije w pou sa w fè e m ap fè w rann kont pou tout vye aksyon w fè yo.  Mwen pap gen pitye pou ou, ni mwen pap gen konpasyon pou ou+. Paske, m ap fè w peye pou sa w fè, w ap sibi konsekans vye aksyon w te fè yo+ e w ap konnen mwen se Jewova+.’  “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Gade! Gen yon malè k ap vini, yon sèl malè a+.  Lafen an ap vini, wi, lafen an ap vini. L ap vini* sou ou bridsoukou. Gade! L ap vini.  Tou pa w* rive kounye a, ou menm ki abite nan peyi a. Lè a ap vini, jou a toupre+. Se konfizyon ki gen nan mòn yo, pa gen moun k ap rele ak kè kontan.  “‘Nan yon ti tan ankò, m ap vide kòlè m sou ou+, wi, m ap lage tout kòlè m nèt sou ou+. M ap jije w pou sa w fè e m ap fè w rann kont pou tout vye aksyon w fè yo.  Mwen pap gen pitye pou ou, ni mwen pap gen konpasyon pou ou+. M ap fè w peye pou sa w fè, w ap sibi konsekans vye aksyon w te fè yo e w ap konnen se mwen menm, Jewova, k ap frape w+. 10  “‘Gade, jou a ap vini+! Wi, l ap vini! Tou pa w* rive kounye a. Baton pou m bay pinisyon an pare, ènmi an vin gen plis ògèy. 11  Vyolans tounen yon baton pou pini mechanste+. Ni yo menm, ni richès yo, ni foul moun yo, ni glwa yo genyen an ap peri. 12  Lè a ap vini, wi, jou a ap rive. Pinga moun k ap achte a rejwi e pinga moun k ap vann nan nan lapenn, paske kòlè Bondye kont yo tout*+. 13  Paske, moun k ap vann nan pap tounen pou l jwenn sa l te vann nan, menmsi li ta chape vivan, paske, vizyon an konsène yo tout. Pa gen pèsonn k ap tounen. Akoz peche li fè yo, pa gen yon moun k ap rete vivan. 14  “‘Yo sonnen twonpèt la+ e tout moun pare, men pa gen pèsonn ki al nan batay la. Paske, mwen an kòlè kont yo tout+. 15  Pa deyò se epe+, pa anndan se maladi ak grangou. Tout moun ki nan savann nan, se epe k ap touye yo, e tout moun ki anndan vil la ap mouri anba grangou ak maladi+. 16  Moun ki rive chape yo ap kouri al nan mòn e y ap plenn tankou toutrèl ki nan vale yo poutèt peche yo fè yo+. 17  Tout moun ap rete ak men yo pandye, e dlo ap degoute nan jenou yo tout*+. 18  Y ap met twal sak sou yo+ e yo tout ap pran tranble. Tout moun ap wont, tout tèt ap vin chòv*+. 19  “‘Y ap voye ajan yo genyen yo nan lari e y ap gen degoutans pou lò yo posede yo. Ni ajan yo genyen yo ni lò yo genyen yo pap ka sove yo nan jou kòlè Jewova a+. Yo* pap satisfè ni yo pap plen vant yo, paske, yo* tounen yon obstak ki fè yo peche. 20  Yo te gonfle lestomak yo poutèt bèl dekorasyon yo te genyen yo e se avèk bagay sa yo* yo te fè yon seri vye zidòl, zidòl ki bay degoutans+. Se poutèt sa m ap fè yo gen degoutans pou ajan ak lò yo genyen yo. 21  M ap fè etranje vòlè yo*, m ap fè mechan ki sou tè a pran yo e y ap aji san respè avèk yo. 22  “‘M ap vire tèt mwen pou m pa gade yo+ e y ap derespekte kote mwen genyen ki kache a*. Vòlè ap antre ladan l e y ap derespekte l+. 23  “‘Fè chenn+, paske, nan tout peyi a, moun ap mouri akoz move jijman k ap fèt+ e vil la chaje ak vyolans+. 24  M ap fè nasyon ki pi mal la vini+ e moun nan nasyon sa a ap pran kay yo+. M ap fè moun ki gen fòs yo sispann gen ògèy, e y ap derespekte kote yo genyen ki sakre yo+. 25  Lè y a kòmanse soufri, y a chèche lapè, men yo pap jwenn li+. 26  Malè ap vini youn apre lòt e nouvèl ap vini youn apre lòt. Moun pral chèche vizyon nan men pwofèt+. Prèt yo pap anseye lalwa* ankò e ansyen yo ki nan pèp la pap bay konsèy ankò+. 27  Wa a ap nan lapenn+ e chèf la ap pèdi espwa*. Men, tout moun nan peyi a ap pran tranble tèlman y ap pè. M ap aji avèk yo selon fason yo aji, m ap jije yo jan yo jije lòt moun e y ap konnen mwen se Jewova+.’”

Nòt anba paj

Lit.: “reveye”.
Se kapab tou: “Kouwòn flè a”.
Se kapab tou: “Kouwòn flè a”.
Sa vle di ni moun ki achte tè yo ni moun ki vann tè yo pap benefisye, paske destriksyon ap tonbe sou tout moun.
Sa vle di y ap pipi sou yo tèlman y ap pè.
Sa vle di y ap raze cheve yo poutèt y ap nan lapenn.
Oswa: “Nanm yo”.
Anpalan de ajan ak lò yo genyen yo.
Anpalan de bagay yo genyen ki fèt ak lò ak ajan.
Anpalan de lò ak ajan yo itilize pou yo fè zidòl yo.
Sanble y ap pale de chanm ki pi anndan nan tanp Jewova a.
Oswa: “pap bay enstriksyon”.
Oswa: “ap tris”.