Jenèz 13​:​1-18

  • Abram retounen Kanaran (1-4)

  • Abram ak Lòt separe (5-13)

  • Bondye repete pwomès li te fè Abram nan (14-18)

13  Apre sa, Abram kite Ejip, li monte l al Negèb+ ansanm ak madanm li ak tout sa l te genyen. Li t ale ak Lòt tou.  Abram te gen anpil bèt, anpil ajan ak anpil lò+.  Li te monte tant li yon kote apre yon lòt, soti Negèb pou rive Betèl jis li rive kote tant li te ye a, ant Betèl ak Ayi+,  kote l te bati yon lotèl. Se la Abram te louwe non Jewova.  Twouve, Lòt, ki t ap vwayaje ak Abram, te gen mouton, bèf ak tant tou.  Konsa, peyi a te vin twò piti pou yo rete yon sèl kote a. Byen yo te genyen yo te vin tèlman anpil, yo pa t ka rete ansanm ankò.  Se sa k fè, te vin gen yon gwo diskisyon ant gadò bèt Abram yo ak gadò bèt Lòt yo. (Nan epòk sa a, se moun Kanaran yo ak Perizit yo ki te nan peyi a+.)  Lè sa a, Abram di Lòt+: “Tanpri, pa ta dwe gen diskisyon ant mwen menm avè w, ant gadò bèt mwen yo ak gadò bèt ou yo, paske se frè nou ye.  Ou ka pran nenpòt kote w vle nan peyi a. Tanpri, annou chak fè yon bò. Si w al agoch, mwen menm mwen pral adwat. Men, si w al adwat, mwen menm mwen pral agoch.” 10  Lè sa a, Lòt voye je l, li wè tout zòn Jouden an*+, (anvan Jewova te detwi Sodòm ak Gomò) yon zòn ki te byen wouze menm jan ak jaden Jewova a+ e menm jan ak peyi Ejip, rive jis Sowa+. 11  Epi, Lòt te chwazi tout zòn Jouden an e li te bwote al nan lès peyi a. Se konsa, yo chak te fè bò pa yo. 12  Abram te abite nan peyi Kanaran, men Lòt te abite toupre vil ki te nan zòn+ Jouden an. Finalman, Lòt te monte tant li toupre Sodòm. 13  Moun Sodòm yo te mechan e yo te fè peche grav kont Jewova+. 14  Men sa Jewova te di Abram, apre Lòt te fin separe avè l: “Tanpri, rete kote w ye a, leve je w gade depi nan nò al nan sid, depi nan lès al nan lwès. 15  Paske, tout peyi w ap gade la a, m ap bay ou menm ak desandan w yo* li nètale+. 16  E m ap fè desandan w yo* vin menm jan ak grenn pousyè sou tè a. Konsa, si yon moun ta ka konte grenn pousyè ki gen sou tè a, konnen li t ap ka konte desandan w yo*+. 17  Kounye a, mache al toupatou nan peyi a, paske se ou menm m ap bay li.” 18  Konsa, Abram te kontinye viv anba tant. Annapre, li t al abite pami gwo pyebwa Mamre yo+, ki nan Ebwon+, e li te bati yon lotèl pou Jewova nan zòn sa a+.

Nòt anba paj

Pati ki sou anba nan Vale Jouden an.
Lit.: “semans ou”.
Lit.: “semans ou”.
Lit.: “semans ou”.