Jenèz 15​:​1-21

  • Alyans Bondye fè ak Abram (1-21)

    • Yo pral maltrete desandan Abram yo pandan 400 an (13)

    • Bondye repete pwomès li te fè Abram nan (18-21)

15  Apre sa, Jewova te pale ak Abram nan yon vizyon, li te di l: “Ou pa bezwen pè+, Abram. Mwen se yon boukliye pou ou+. Rekonpans ou ap anpil+.”  Abram di l: “Jewova, Seyè ki Souvren an, ki sa w ap ban m piske w wè jis kounye a mwen pa gen pitit e moun ki pral eritye tout sa m genyen se Elyezè+, yon moun Damas?”  Lèfini, Abram di l: “Gade! Ou pa menm ban m pitit*+. Kounye a, se yon moun* k ap sèvi lakay mwen k ap eritye m.”  Men sa Jewova te reponn li: “Misye pap eritye w, men se pitit pa w k ap eritye w+.”  Epi, Bondye fè l sot deyò, li di l: “Tanpri, leve je w gade syèl la, epi konte zetwal yo si w kapab.” Apre sa, li di l: “Se konsa desandan w yo* pral ye+.”  Abram te mete lafwa nan Jewova+, e sa te fè Li konsidere l* kòm yon moun ki jis+.  Apre sa, Bondye di l: “Mwen se Jewova ki te fè w soti nan vil Ou, nan peyi moun Kalde yo, pou m ba w peyi sa a kòm byen pa w+.”  Epi, Abram di: “Jewova, Seyè ki Souvren an, ki jan m ap fè konnen l ap vin byen pa m?”  Apre sa, Bondye reponn li: “Pran yon ti gazèl bèf ki gen twazan, yon femèl kabrit ki gen twazan, yon mal mouton ki gen twazan, yon toutrèl ak yon jenn pijon.” 10  Vrèmanvre, Abram pran tout bèt yo, li fann yo de bò e li met chak moso youn anfas lòt, men li pa t fann zwazo yo. 11  Annapre, zwazo ki konn manje vyann yo te kòmanse vin poze sou kò bèt mouri yo, men Abram te ret ap pouse yo. 12  Lè solèy t apral kouche, yon gwo dòmi te pote Abram ale, epi pandan l nan dòmi an, li wè yon gwo fènwa ki fè moun pè vin sou li. 13  Epi, Bondye di Abram: “Konn sa byen: Desandan w yo* pral vin etranje nan yon peyi ki pa pou yo, e pèp nan peyi sa a ap fè yo vin esklav e y ap maltrete yo pandan 400 an+. 14  Men, m ap jije nasyon yo pral sèvi a+. Epi, lè y ap kite peyi sa a, yo prale ak anpil byen+. 15  Ou menm, w ap mouri anpè ak yon bèl laj sou tèt ou, e y ap antere w ak zansèt ou yo+. 16  Men, nan katriyèm jenerasyon an, desandan w yo ap retounen isit la+, paske lè pou Amorit yo jwenn pinisyon yo poko rive+.” 17  Lè solèy la te fin kouche e li te vin fè nwa anpil, yon boukan dife ki t ap fè lafimen te parèt, e yon bwa dife tou limen te pase nan mitan moso bèt yo. 18  Jou sa a, Jewova te fè yon alyans+ ak Abram, li te di l: “Men peyi+ m ap bay desandan w yo*, soti depi rivyè Ejip rive jis nan gwo rivyè a, sètadi Rivyè Efrat+: 19  Peyi Kenit yo, Kenizit yo+, Kadmonit yo, 20  desandan Èt yo+, Perizit yo+, Refayim yo+, 21  Amorit yo, moun Kanaran yo, Gigachit yo ak moun Jebis yo+.”

Nòt anba paj

Oswa: “desandans”. Lit.: “semans”.
Lit.: “yon pitit gason”.
Lit.: “semans ou”.
Oswa: “rekonèt li”.
Lit.: “Semans ou”.
Lit.: “semans ou”.