Jenèz 21​:​1-34

  • Izarak fèt (1-7)

  • Izmayèl pase Izarak nan rizib (8, 9)

  • Abraram voye Aga ak Izmayèl ale (10-21)

  • Alyans Abraram fè ak Abimelèk (22-34)

21  Jewova te sonje Sara, jan l te di a, e Jewova te fè sa l te pwomèt li t ap fè pou Sara a+.  Konsa, Sara te vin ansent+ e li te fè yon pitit gason pou Abraram nan vyeyès Abraram, egzakteman nan lè Bondye te pwomèt Abraram nan+.  Abraram te rele pitit gason l lan ki te fèk fèt la, pitit Sara te fè pou li a, Izarak+.  Abraram te sikonsi pitit gason l lan, Izarak, lè l te gen uit jou, jan Bondye te ba l lòd fè a+.  Abraram te gen 100 an lè Izarak, pitit li a, te fèt.  Apre sa, Sara di: “Bondye fè m ri. E tout moun ki tande sa ap ri ansanm avè m*.”  Epi, li di: “Ki moun ki ta di Abraram: ‘Sara pral bay pitit tete’? Epoutan, men m fè yon pitit gason pou li nan vyeyès li.”  Epi, tipitit la te grandi e manman l te sevre l. Abraram te fè yon gwo fèt jou Izarak te sevre a.  Men, Sara te remake pitit gason Aga a+, sèvant li ki moun Ejip te fè ak Abraram nan, t ap pase Izarak nan rizib+. 10  Se poutèt sa li di Abraram: “Voye esklav sa a ak pitit gason l lan ale, paske pitit esklav sa a pap vin eritye ansanm ak Izarak, pitit pa m nan+.” 11  Men, sa l te di Abraram sou tigason l lan pa t fè Abraram plezi ditou+. 12  Epi Bondye di Abraram: “Pa fache poutèt sa Sara di w konsènan tigason an ak esklav ou a. Koute l, paske se nan Izarak desandans* mwen pwomèt ou a ap soti+. 13  Men, m ap fè yon nasyon soti nan pitit gason esklav ou a tou+, paske se pitit* ou li ye+.” 14  Konsa, Abraram leve granmmaten, li pran pen ak yon bidon ki fèt ak po bèt ki gen dlo, li bay Aga. Li mete yo sou zepòl Aga, e li voye l ale ansanm ak tigason an+. Aga ale, e li t ap monte desann nan dezè Beyècheba a+. 15  Lè dlo ki te nan bidon an te fini, li te met tigason an anba youn nan ti pyebwa ki te la yo. 16  Apre sa, l al chita poukont li nan distans yon moun ka tire yon flèch, paske li te di: “Mwen pa ta renmen wè tigason an k ap mouri.” Se sa k fè li t al chita nan yon distans, li te pran rele byen fò e li te tonbe kriye. 17  Lè sa a, Bondye te tande vwa tigason an+ k ap kriye, e yon zanj Bondye te rele Aga detan nan syèl la, li di l+: “Sa w genyen, Aga? Ou pa bezwen pè, paske Bondye tande vwa tigason an kote l ye a. 18  Leve, pran tigason an, epi soutni l ak men w, paske m ap fè l vin yon gwo nasyon+.” 19  Apre sa, Bondye fè l wè yon pi. L al ladan l, li plen bidon ki fèt ak po bèt la dlo e li bay tigason an bwè. 20  Bondye te avèk tigason an+ pandan l t ap grandi. Li te rete nan dezè a e li te vin konn tire flèch. 21  Li te abite nan Dezè Paran+ e manman l te chèche yon madanm nan peyi Ejip pou li. 22  Nan moman sa a, Abimelèk ki te ansanm ak Pikòl, chèf lame l la, di Abraram: “Nou wè Bondye avè w nan tout sa w ap fè+. 23  Se poutèt sa, mwen mande w pou w fè sèman devan Bondye ou pap twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen, ni pitit pitit mwen, e w ap aji avè m ak moun peyi kote w rete a menm jan m te montre lanmou fidèl pou ou+.” 24  Lè sa a, Abraram di: “Wi, mwen fè sèman.” 25  Men, Abraram te pote Abimelèk plent pou yon pi li genyen sèvitè Abimelèk yo te sezi ak gwo ponyèt+. 26  Abimelèk reponn: “Mwen pa konn kiyès ki fè sa. Ou pa t di m anyen e m pa t tande anyen sou sa pou jis jodi a.” 27  Lè sa a, Abraram pran mouton ak bèf li bay Abimelèk, epi yo toule de fè yon alyans. 28  Lè Abraram te mete sèt femèl mouton apa nan twoupo a, 29  Abimelèk mande Abraram: “Poukisa w mete sèt femèl mouton sa yo apa?” 30  Li reponn: “W ap aksepte sèt femèl mouton sa yo nan men m kòm yon prèv ki montre se mwen ki te fouye pi sa a.” 31  Se poutèt sa li te rele zòn sa a Beyècheba*+, paske se la yo toule de te fè sèman. 32  Konsa, yo te fè yon alyans+ Beyècheba. Apre sa, Abimelèk ansanm ak Pikòl, chèf lame l la, leve e yo retounen nan peyi moun Filisti yo+. 33  Annapre, Abraram plante yon pye tamaris* Beyècheba e li louwe non Jewova+, Bondye ki la pou toutan an+, nan zòn sa a. 34  Epi, Abraram te rete pandan anpil tan* nan peyi moun Filisti yo+.

Nòt anba paj

Se kapab tou: “ap ri m”.
Lit.: “semans”.
Oswa: “desandans”. Lit.: “semans”.
Sa vle di: “Pi dlo sèman an; Pi dlo sèt”.
Se yon pyebwa fèy li pa gwo e yo toujou vèt, epi lè l fleri li fè flè woz oswa blan.
Lit.: “anpil jou”.