Jenèz 26​:​1-35

  • Izarak ak Rebeka nan Gera (1-11)

    • Bondye fè Izarak konnen li kenbe pwomès li te fè a (3-5)

  • Gwo diskisyon akoz pi yo (12-25)

  • Alyans Izarak fè ak Abimelèk (26-33)

  • Ezaou gen de madanm ki desandan Èt (34, 35)

26  Twouve, te vin gen yon gwo grangou nan peyi a, apre premye gwo grangou ki te genyen nan epòk Abraram nan+. Se sa k fè Izarak t al Gera, kot Abimelèk, wa peyi Filisti a.  Lè sa a, Jewova te parèt devan Izarak epi li di l: “Pa desann ann Ejip. Rete nan peyi kote m montre w la.  Ou dwe rete nan peyi sa a kòm etranje+. M ap toujou avèk ou e m ap beni w, piske m ap bay ni ou menm ni desandan w yo* tout peyi sa yo+ e m ap respekte sèman mwen te fè bay Abraram, papa w la+:  ‘Wi, m ap fè w gen anpil anpil desandan* tankou zetwal nan syèl la+ e m ap ba yo tout peyi sa yo+. Grasa desandan w yo*, tout nasyon sou tè a ap jwenn benediksyon+’,  paske Abraram te koute vwa m e li te kontinye obeyi lòd mwen yo, kòmandman m yo, desizyon m yo ak lwa m yo+.”  Konsa, Izarak te kontinye abite Gera+.  Lè mesye nan zòn nan t ap plede poze l kesyon sou madanm li, li te di: “Li se sè m+.” Li te pè di: “Li se madanm mwen.” Paske, men sa l te di tèt li: “Mesye yo nan zòn nan ka touye m poutèt Rebeka”, piske se yon fi ki te bèl anpil+.  Apre yon tan, Abimelèk, wa peyi Filisti a, t ap gade nan fenèt lakay li e li te wè Izarak ki t ap bay Rebeka, madanm li, afeksyon+.  Menm kote a, Abimelèk rele Izarak, li di l: “Apa se madanm ou li ye! Poukisa w te di: ‘Li se sè m’?” Lè sa a, Izarak di l: “Mwen te di sa paske m te pè pou yo pa touye m pou li+.” 10  Epitou, Abimelèk di l: “Sa w fè nou la a+? Youn nan mesye yo te ka byen pran madanm ou li kouche avè l, e w t ap lakòz nou peche+.” 11  Annapre, Abimelèk bay tout pèp la lòd, li di: “Nenpòt moun ki manyen mesye sa a oswa madanm li, m ap fè touye l san mank!” 12  Epi, Izarak te kòmanse fè jaden nan peyi a, e nan menm ane a, li te rekòlte 100 fwa lavalè sa l te plante, paske Jewova te beni l+. 13  Misye te vin gen anpil byen e afè l te kontinye ap byen mache jiskaske l te vin rich anpil. 14  Li te vin gen plizyè twoupo mouton, yon bann ak yon pakèt bèf ak anpil sèvitè+, e moun peyi Filisti yo vin rayi l pou sa l genyen. 15  Se poutèt sa moun peyi Filisti yo te pran tè e yo te bouche tout pi sèvitè Abraram, papa l, te fouye lè Abraram te la+. 16  Epi, Abimelèk di Izarak: “Sot nan zòn nou an, paske ou vin gen plis fòs lontan pase nou.” 17  Konsa, Izarak te kite zòn nan, li t al monte tant li nan Vale Gera+, epi li rete la. 18  Annapre, Izarak te refouye pi yo te fouye nan epòk Abraram, papa l, te la, pi moun peyi Filisti yo te bouche apre lanmò Abraram+. Li te bay pi sa yo menm non papa l te ba yo a+. 19  Lè sèvitè Izarak yo t ap fouye pi nan vale a, yo te jwenn youn ki te gen dlo dous ladan l. 20  Gadò mouton nan Gera yo te pete gwo diskisyon ak gadò mouton Izarak yo, yo t ap di: “Se pou nou dlo a ye!” Se sa k fè, Izarak te rele pi a Esèk*, paske yo te pete yon gwo diskisyon avè l. 21  Sèvitè Izarak yo t al fouye yon lòt pi, e moun yo te pete yon gwo diskisyon ak Izarak pou pi sa a tou. Se sa k fè li te rele pi a Sitna*. 22  Annapre, Izarak kite zòn sa a e li fouye yon lòt pi. Men, yo pa t fè kont avè l pou pi sa a. Se sa k fè li te rele pi a Reyobòt*, epi li di: “Se paske Jewova ban nou anpil espas kounye a e li fè nou vin anpil nan peyi a+.” 23  Apre sa, li kite zòn nan li monte l al Beyècheba+. 24  Nan menm jou sa a, Jewova te parèt devan l nan nuit e li di l: “Mwen se Bondye Abraram nan+, Bondye papa w la. Ou pa bezwen pè+, paske m avè w, m ap beni w e m ap fè desandan w yo* vin anpil poutèt Abraram, sèvitè m nan+.” 25  Konsa, Izarak te bati yon lotèl nan zòn nan, li te louwe non Jewova+. Epi li monte tant li la+, e sèvitè l yo fouye yon pi nan zòn nan. 26  Annapre, Abimelèk te vin sot Gera ak Awouzat, konseye pèsonèl li, ansanm ak Pikòl, chèf lame l la+. 27  Lè sa a, Izarak di yo: “Poukisa nou vin kote m, piske nou te rayi m e nou te mete m deyò nan zòn nou an?” 28  Yo reponn li: “Nou wè byen klè Jewova avè w+. Se sa k fè nou te di: ‘Se pou nou menm avè w fè yon sèman e se pou nou fè yon alyans avè w+, 29  pou w pa fè nou anyen ki mal menm jan nou pa t fè w anyen ki mal, piske se byen sèlman nou te fè pou ou lè nou te voye w ale anpè. Kounye a, ou se yon moun Jewova beni.’” 30  Epi, Izarak fè yon fèt pou yo, epi yo manje, yo bwè. 31  Yo leve granmmaten, Izarak avèk yo te fè sèman youn bay lòt+. Apre sa, Izarak voye yo ale, epi y al fè wout yo anpè. 32  Jou sa a, sèvitè Izarak yo te vin ba l rapò sou pi yo te fouye a+, yo te di l: “Nou jwenn dlo!” 33  Se sa k fè li te rele pi a Chiba. Se poutèt sa yo rele vil la Beyècheba+ jis jounen jodi a. 34  Lè Ezaou te gen 40 an, li te pran Jidit, pitit fi Beyeri, yon desandan Èt, ak Basmat, pitit fi Elon, yon lòt desandan Èt, kòm madanm li+. 35  Izarak ak Rebeka te tris anpil akoz medam sa yo+.

Nòt anba paj

Lit.: “semans ou”.
Lit.: “semans”.
Lit.: “semans ou”.
Sa vle di: “Kont”.
Sa vle di: “Akizasyon”.
Sa vle di: “Kote ki gen anpil espas”.
Lit.: “semans ou”.